Nations Bible

Números 9

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1SENYÈ a te pale avèk Moïse nan dezè Sinaï a, nan premye mwa nan dezyèm ane a lè yo te fin sòti nan Égypte la. Li te di: 2“Alò, kite fis Israël yo obsève fèt Pak la nan lè ki apwente pou li a. 3Nan katòzyèm jou nan mwa sa a, nan aswè avan li fènwa, nou va obsève li nan lè apwente a. Nou va obsève li avèk tout règleman e avèk tout òdonans li yo.”

4Konsa, Moïse te pale ak fis Israël yo pou obsève Pak la. 5Yo te obsève Pak la nan premye mwa, nan katòzyèm jou a, nan aswè lè li fenk kòmanse fènwa, nan dezè Sinaï a. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, se konsa fis Israël yo te fè.

6Men te gen kèk mesye ki pa t pwòp akoz yon mò. Akoz sa, yo pa t kab obsève Pak la nan jou sa a. Konsa yo te vin devan Moïse avèk Aaron nan jou sa a. 7Mesye sa yo te di li: “Malgre nou pa pwòp akoz mò a, poukisa nou anpeche vin prezante ofrann SENYÈ a nan lè apwente pami fis Israël yo?”

8Konsa, Moïse te reponn yo: “Tann, e mwen va koute sa ke SENYÈ a va kòmande pou nou menm.”

9Epi SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 10“Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Si nenpòt nan nou, oswa nan desandan nou yo vin pa pwòp akoz yon mò, oswa se nan yon vwayaj, malgre sa, li kapab obsève Pak SENYÈ a. 11Nan dezyèm mwa a, sou katòzyèm jou a, nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa, yo va obsève li. Yo va manje li avèk pen san ledven ak zèb anmè. 12Yo p ap kite anyen ladann pou rive nan maten, ni kase okenn zo ladann. Selon tout règleman a Pak la, yo va obsève li. 13Men mesye ki pwòp e ki pa nan yon vwayaj, ki malgre sa, neglije obsève Pak la, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a. Paske li pa t prezante ofrann bay SENYÈ a nan lè chwazi a. Nonm sila a va pote peche li.

14“‘Si yon etranje demere pami nou e li obsève Pak SENYÈ a, li gen pou fè l selon règleman a Pak la, ak selon òdonans li. Nou va genyen yon sèl règleman, ni pou etranje, ni pou natif peyi a.’”

15Alò, nan jou ke tabènak la te monte a, nwaj te vin kouvri tabènak la ak tant temwayaj la, e nan aswè, li te tankou aparans dife sou tabènak la, jis rive nan maten. 16Se konsa li te ye tout tan. Nwaj te vin kouvri li nan lajounen, e aparans dife a nan lannwit.

17Nenpòt lè nwaj te leve sou tant lan, fis Israël yo te leve vwayaje. Nan plas kote nwaj la te vin poze a, se la fis Israël yo te kanpe fè kan an. 18Sou kòmand a SENYÈ a, fis Israël yo te pati, e sou kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan an. Tout tan ke nwaj la te poze sou tabènak la, yo te rete nan kan an.

19Menm lè nwaj la te fè reta sou tabènak la pandan anpil jou, fis Israël yo te kenbe lòd SENYÈ a. Yo pa t pati. 20Si, pafwa nwaj la te rete kèk jou sou tabènak la, selon kòmand SENYÈ a, yo te rete nan kan an. Epi selon kòmand SENYÈ a, yo te vin pati.

21Si, pafwa nwaj la te rete soti nan aswè pou jis rive nan maten, lè nwaj la te leve nan maten, yo te deplase; oswa, si li te rete nan lajounen ak lannwit, nenpòt lè ke nwaj la te leve a, yo te vin pati. 22Sof ke se te pou de jou, oswa yon mwa, oswa 1 nan ke nwaj la te mize sou tabènak la, depi li rete anwo li, fis Israël yo te rete nan kan an. Yo pa t pati. Men lè li te vin leve, yo te pati.

23Ak kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan an, e nan kòmand a SENYÈ a, yo te pati. Yo te kenbe lòd SENYÈ a selon kòmand SENYÈ a, selon Moïse.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A Segunda Páscoa e a Nuvem Guia

  • Números 9 registra a celebração da Páscoa no deserto do Sinai no primeiro mês do segundo ano após a saída do Egito. Segundo a tradição, os israelitas permaneceram acampados na região do Sinai por cerca de um ano, período no qual receberam as leis e ergueram o Tabernáculo.Fontes: o próprio texto bíblico · Sinai
  • Uma concessão especial foi estabelecida para quem ficasse impedido de celebrar a Páscoa na data regular por impureza cerimonial decorrente do contato com um cadáver ou por motivo de viagem. Essas pessoas podiam celebrar uma Páscoa suplementar exatamente um mês depois, no décimo quarto dia do segundo mês.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O deslocamento e a permanência de todo o acampamento eram orientados pela nuvem que cobria o Tabernáculo durante o dia e assumia o aspecto de fogo durante a noite. Quer a nuvem permanecesse sobre a Tenda por uma única noite, por alguns dias ou por muitos meses, os israelitas só marchavam quando ela se elevava.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 1
  • Wilderness of Sinai · Hoje: about 50 km around Jebel Musa · 28.540, 33.973 · versículos 1, 5

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.