Números 8
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 2“Pale avèk Aaron e di li: ‘Lè ou monte lanp yo, sèt lanp sa yo va bay limyè pa devan chandelye a.’”
3Konsa, Aaron te fè sa. Li te monte lanp pa li a pa devan chandelye a, jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse la. 4Men kòman mendèv chandelye a te ye; fèt avèk lò ki bat, soti nan baz li jis rive nan flè yo, li te yon travay ki bat. Selon modèl ke SENYÈ a te montre a Moïse la, konsa li te fè chandelye a.
5Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 6“Pran Levit yo soti nan fis Israël yo e fè yo vin pwòp. 7Se konsa ou va fè pou fè yo vin pwòp: flite dlo ki pirifye sou yo. Kite yo pase razwa sou tout kò yo e lave rad yo; epi yo va vin pwòp. 8Konsa, kite yo pran yon towo avèk ofrann sereyal li a, farin fen mele avèk lwil; epi yon dezyèm towo, ou va pran kòm yon ofrann peche. 9Alò, ou va prezante Levit yo devan Tant Asanble a. Ou va osi rasanble tout kongregasyon a fis Israël yo. 10Ou va prezante Levit yo devan SENYÈ a. Fis Israël yo va poze men yo sou Levit yo, 11epi Aaron va prezante Levit yo devan SENYÈ a kòm yon ofrann balanse vè lotèl la, soti nan fis Israël yo, pou yo kapab kalifye pou fè sèvis SENYÈ a.
12“Alò, Levit yo va poze men yo sou tèt a towo yo, epi ou va ofri youn kòm yon ofrann peche, e lòt la kòm yon ofrann brile bay SENYÈ a pou fè ekspiyasyon pou Levit yo. 13Ou va fè Levit yo kanpe devan Aaron ak devan fis li yo pou prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la bay SENYÈ a. 14Konsa, ou va separe Levit yo soti nan fis Israël yo, e Levit yo va vin pou Mwen.
15“Epi apre sa, Levit yo kapab antre pou fè sèvis nan Tant Asanble a. Konsa, ou va netwaye yo e prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la; 16paske yo te vin pou Mwen nèt soti nan fis Israël yo. Mwen te pran yo pou Mwen menm nan plas a tout sila ki sòti nan vant yo, premye ne nan tout fis Israël yo. 17Paske tout gason premye ne pami fis Israël yo se pou Mwen, pami moun yo, ak pami bèt yo. Nan jou ke M te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, Mwen te sanktifye yo pou Mwen menm. 18Men Mwen te pran Levit yo nan plas a chak premye ne pami fis Israël yo. 19Mwen te bay Levit yo kòm yon kado bay Aaron ak fis li yo soti pami fis Israël yo, pou ranpli sèvis a fis Israël yo nan Tant Asanble a, e pou fè ekspiyasyon pou fis Israël yo, jis pou pa vin gen gwo epidemi pami fis Israël yo akoz ke yo vin pwoche toupre sanktyè a.”
20Konsa Moïse avèk Aaron, ak tout kongregasyon a fis Israël yo te fè pou Levit yo. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse konsènan Levit yo, konsa fis Israël yo te fè yo. 21Levit yo tou, te pirifye yo menm de peche e te lave rad yo. Aaron te prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la devan SENYÈ a. Aaron, osi, te fè ekspiyasyon pou yo, pou fè yo vin pwòp. 22Epi apre Levit yo te antre pou fè sèvis pa yo nan Tant Asanble a, devan Aaron ak devan fis li yo: jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse konsènan Levit yo, se konsa yo te fè pou yo.
23Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 24“Sa se lòd ki aplike pou Levit yo: soti nan laj venn-senkan e plis, yo va antre pou fè sèvis nan travay a Tant Asanble a. 25Men nan laj a senkantan, yo va pran retrèt nan sèvis travay la. Yo p ap travay ankò. 26Sepandan, yo va asiste frè yo nan Tant Asanble a, pou kenbe devwa yo, men yo pa pou travay yo menm. Konsa ou va aji avèk Levit yo konsènan devwa yo.”
Você sabia?
O Candelabro de Ouro e a Consagração dos Levitas
- O candelabro do santuário era feito de ouro batido desde a sua base até os seus motivos florais, moldado conforme o padrão mostrado a Moisés. Aarão foi orientado a posicionar as sete lâmpadas para que a luz se projetasse para a frente da estrutura.Fontes: o próprio texto bíblico
- Os levitas foram consagrados para o serviço da Tenda do Encontro em substituição a todos os primogênitos de Israel, dedicados desde o momento em que Deus feriu os primogênitos no Egito. O rito de purificação envolvia aspersão de água, raspar todo o corpo, lavar as vestes e uma apresentação formal perante o Senhor.Fontes: o próprio texto bíblico · Egypt
- O serviço dos levitas no santuário tinha limites de idade bem definidos: os homens iniciavam o trabalho aos vinte e cinco anos e se aposentavam das funções pesadas aos cinquenta. Após essa idade, podiam apenas auxiliar seus irmãos em tarefas complementares na Tenda do Encontro.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 17
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org