Nations Bible

Números 10

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Senyè a te pale avèk Moïse. Li te di li: 2Fè pou ou menm de twonpèt an ajan, yon zèv ajan ki bat, ou va fè yo. Konsa, ou va sèvi ak yo pou fè tout asanble a rasanble, e pou fè kan yo pati. 3Lè toude vin sone, tout kongregasyon an va rasanble yo menm anvè ou nan pòtay a tant asanble a. 4Men si se yon sèl ki sone, alò, se chèf yo, tèt a dè milye an Israël yo ki va rasanble devan ou. 5Lè nou sone pou avèti, kan ki rete nan kote lès yo, va pati. 6Lè nou sone pou avèti yon dezyèm fwa, kan ki nan kote sid yo, va pati. Yon son avèti va soufle pou yo pati. 7Sepandan, lè nou ap reyini asanble a, ou va soufle twonpèt yo, men pa avèk son avèti yo.

8Anplis, se prèt yo, fis a Aaron yo ki va soufle twonpèt yo. Konsa, sa va pou nou yon règleman pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. 9Lè nou fè lagè nan peyi nou kont advèsè ki vin atake nou yo, alò, nou va sone yon son avèti avèk twonpèt yo, pou nou kapab sonje devan SENYÈ a, Bondye nou an, e vin sove de lènmi nou yo. 10“Osi, nan jou kè kontan yo, nan fèt apwente nou yo, ak nan premye jou nan mwa nou yo, nou va sone twonpèt yo sou ofrann brile nou yo, sou ofrann sakrifis lapè yo. Yo va tankou yon son pou nou menm devan Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.”

11Alò, nan dezyèm ane a, nan dezyèm mwa a, nan ventyèm nan mwa a, nwaj la te leve pa anwo tabènak temwayaj la. 12Konsa, fis Israël yo te pati nan vwayaj yo soti nan dezè a Sinaï a. Epi nwaj la te vin tann nan dezè Paran an. 13Konsa, yo te derape pou premye fwa selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse.

14Drapo kan Juda a selon lame pa yo, te sòti avan, avèk Nachschon, fis a Amminadab la sou lame pa li. 15Nethaneel, fis a Tsuar a, te sou lame tribi a fis Issacar yo. 16Eliab, fis a Hélon an, te sou lame tribi a fis Zabulon an, 17Tabènak la te vin demonte, epi fis a Guerschon yo avèk fis a Merari yo, ki t ap pote tabènak la, te pati.

18Apre, drapo kan Ruben an, selon lame pa yo te pati avèk Élitsur, fis a Schedéur a sou lame pa li. 19Schelumiel, fis a Tsurischaddaï a te sou lame tribi a fis Siméon yo. 20Élisaph, fis a Déuel la te sou lame tribi a fis Gad yo. 21Epi Kehath yo te derape. Yo t ap pote bagay sen yo. Lòt yo te gen tan monte tabènak la avan ke yo te rive.

22Apre, drapo a kan Ephraïm nan te pati, selon lame pa yo. Élischama, fis a Ammihud la te sou tèt lame pa li a. 23Gamaliel, fis a Pedahstsur te sou tèt lame tribi a fis Manassé yo. 24Abidan, fis a Guideoni te sou tèt lame a fis Benjamin yo.

25Drapo kan fis a Dan nan, selon lame yo, te fòme gad an aryè pou tout kan yo. Yo derape avèk Ahiézer, fis a Ammischaddaï sou tèt lame pa li a. 26Paguiel, fis a Ocran an te sou tèt lame tribi a fis Aser yo. 27Ahira, fis a Énan an, te sou tèt lame tribi a fis Nephtali yo. 28Konsa te lòd vwayaj la a pou fis Israël yo selon lame pa yo, lè yo te vin pati.

29Moïse te di a Hobab, fis a Réuel la, Madyanit lan, bòpè a Moïse la: “Nou ap pati pou kote ke SENYÈ a te di a, ‘Mwen va bannou li.’ Vini avèk nou, e nou va fè ou byen; paske SENYÈ a te pwomèt sa ki bon konsènan Israël.”

30Men li te di li: “Mwen p ap vini, men olye de sa, m ap ale nan peyi pa m avèk fanmi pa mwen yo.”

31Alò li te di: “Souple, pa kite nou, kòmsi ou konnen kote nou dwe fè kan nan dezè a, e ou va pou nou tankou zye nou. 32Se konsa sa va ye, ke si ou ale avèk nou, ke nenpòt sa ki bon ke SENYÈ a fè pou nou, nou va fè pou ou tou.”

33Konsa yo te pati soti nan mòn SENYÈ a, yon vwayaj twa jou avèk lach temwayaj SENYÈ a ki te vwayaje pandan twa jou devan yo pou chache yon kote pou yo kab poze. 34Nwaj SENYÈ a te sou yo nan lajounen lè yo te kite kan an.

35Epi li te vin rive ke lè lach la te derape ke Moïse te di: “Leve O SENYÈ! Kite sila ki rayi Ou yo Sove ale devan Ou.”

36Lè l te vin poze li te di: “Retounen, O SENYÈ a vè bokou milye de Israël yo.”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

As Trombetas de Prata e a Partida do Sinai

  • Duas trombetas de prata batida serviam como sistema de comunicação de Israel no deserto, tocadas exclusivamente pelos filhos sacerdotes de Arão com toques longos e curtos distintos para reunir a congregação, ordenar a partida dos acampamentos, soar alarmes na guerra e anunciar sacrifícios festivos.Fontes: o próprio texto bíblico
  • No vigésimo dia do segundo mês do segundo ano após a saída do Egito, a nuvem se elevou sobre o tabernáculo, marcando a partida de Israel do deserto do Sinai após quase um ano acampado ali, rumo ao deserto de Parã.Fontes: o próprio texto bíblico · Sinai · Paran
  • Moisés pediu a Hobabe, filho de seu sogro midianita Reuel, que viajasse com eles para servir-lhes de olhos, aproveitando seu conhecimento prático do terreno desértico e dos locais de acampamento em troca de partilhar das bênçãos prometidas a Israel.Fontes: o próprio texto bíblico · Jethro

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 11
  • Paran · 30.303, 34.777 · versículo 12
  • Wilderness of Sinai · Hoje: about 50 km around Jebel Musa · 28.540, 33.973 · versículo 12

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.