Números 11
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, pèp la te devni kòm sila ki plenyen zafè pwoblèm nan zòrèy a SENYÈ a. Lè SENYÈ a te tande sa, kòlè li te vin limen, dife SENYÈ a te brile pami yo. Li te detwi kèk nan yo nan zòn deyò kan an. 2Pou sa, pèp la te kriye fò bay Moïse. Moïse te priye bay SENYÈ a, e dife a te ralanti. 3Konsa, non a kote sa a te rele Tabeéra akoz dife SENYÈ a ki te brile pami yo.
4Sanzave nan mele yo ki te pami yo te gen lide voras. Menm fis Israël yo tou te kriye dlo nan zye ankò. Yo te di: “Kilès k ap bannou vyann pou nou manje? 5Nou sonje pwason ke nou te konn manje gratis nan peyi Égypte, avèk konkonb ak melon, zonyon, ak lay; 6men koulye a, nanm nou vin sèch. Nanpwen anyen pou nou ta gade sof ke lamàn sa a.”
7Alò, lamàn nan te tankou grenn pitimi avèk aparans gonm arabik. 8Pèp la t ap fè ale retou pou ranmase li. Yo te moulen li antre de wòch moulen, oswa bat li nan yon pilon, bouyi li nan yon chodyè, epi fè gato avèk li. Li gen gou tankou gou a gato ki fèt ak lwil. 9Lè lawouze te vin tonbe nan kan an pandan nwit lan, lamàn te tonbe avè l.
10Alò, Moïse te tande pèp la ki t ap kriye pami tout fanmi yo, chak mesye nan pòtay a tant li. Konsa, chalè a SENYÈ a te vin limen anpil, e Moïse te malkontan. 11Pou sa, Moïse te di SENYÈ a: “Poukisa Ou te tèlman di avèk sèvitè Ou a? Epi poukisa mwen pa t jwenn favè nan zye ou, ke Ou te vin mete chaj tout pèp sa a sou Mwen? 12Èske se mwen menm ki te vin peple fè tout pèp sa a? Èske se mwen menm ki te fè yo vin parèt pou Ou ta di mwen: ‘Pote yo nan sen ou tankou yon fanm nouris pote yon ti bebe k ap tete, pou rive nan yon peyi ke Ou te sèmante a papa yo?’ 13Kote mwen ap jwenn vyann pou bay tout pèp sa a? Paske yo kriye devan m! Yo te di: ‘Bannou vyann pou nou kapab manje!’ 14Mwen sèl mwen p ap kab pote tout pèp sa a; se twòp chaj pou mwen. 15Konsa, si W ap aji konsa avè m, souple touye mwen koulye a; konsa, si Mwen pa t twouve favè nan zye Ou, pa kite mwen vin wè mizè mwen.”
16Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Rasanble pou Mwen swasann-dis nonm ki soti nan ansyen Israël yo, pami sila a ou konnen kòm ansyen a pèp la, ak ofisyèl yo. Mennen yo nan tant asanble a e kite yo vin fè kanpe pa yo ansanm avè w la a. 17Alò, Mwen va vin desann pou pale avèk ou la a. Konsa, Mwen va pran nan lespri ki sou ou a, pou mete li sou yo; epi yo va pote fado a avèk ou, pou ou pa oblije pote li ou sèl ou.
18“Di a pèp la: ‘Konsakre nou pou demen e nou va manje vyann; paske nou te kriye nan zòrèy SENYÈ a, e te di: “O ke yon moun bannou vyann pou nou manje! Paske nou te byen okipe an Égypte.” Konsa, SENYÈ a va bannou vyann, e nou va manje. 19Nou va manje, pa pou yon jou, ni de jou, ni senk jou, ni di jou, ni ven jou, 20men yon mwa nèt, jis li vin sòti nan nen nou, e vin abominab pou nou; akoz nou te rejte SENYÈ a ki pami nou, e nou te kriye devan Li pou te di: “Poukisa nou te janmen kite Égypte?”’”
21Men Moïse te di: “Pèp pami sila Mwen ye a se sis-san-mil sou pye; sepandan, Ou te di, ‘Mwen va bay yo vyann, pou yo kab manje jis yon mwa nèt.’
22“Si bann mouton avèk twoupo yo ta touye pou yo èske sa ta sifi pou yo?”
23SENYÈ a te di a Moïse: “Èske pouvwa SENYÈ a limite? Koulye a, ou va wè si pawòl Mwen va vin vre pou ou oswa non.”
24Konsa, Moïse te sòti deyò. Li te di pèp la pawòl SENYÈ a. Osi, li te rasanble swasann-dis gason nan ansyen pami pèp la, e li te estasyone yo antoure tant la. 25Alò, SENYÈ a te vin desann nan nwaj la, e Li te pale avèk li. Li te pran nan Lespri ki te sou li a, e li te plase Li sou swasann-dis ansyen yo. Epi lè Lespri a te poze sou yo, yo te pwofetize. Men yo pa t fè sa ankò.
26Men de mesye nan ansyen yo te rete nan kan an; Non a youn te Eldad, e non a lòt la te Médad. Epi Lespri a te vin rete sou yo. Yo menm te pami sila ki te anrejistre kòm ansyen yo, men ki pa t sòti pou ale nan tant lan; men yo te pwofetize nan kan an. 27Konsa, yon jennonm te kouri di Moïse: “Eldad avèk Médad ap pwofetize nan kan an.”
28Epi Josué, fis a Nun nan, ki te sèvitè Moïse depi nan jenès li, te di: “Moïse, senyè mwen an, anpeche yo.”
29Men Moïse te di li: “Èske ou jalou pou tèt mwen? Pito ke tout pèp SENYÈ a te pwofèt, pou SENYÈ a ta mete Lespri Li sou yo!” 30Epi Moïse te retounen nan kan an, ni li, ni ansyen Israël yo.
31Alò, te vin souleve yon van sòti nan SENYÈ a. Li te mennen zwazo kay sòti nan lanmè, e Li te kite yo tonbe akote kan an, anviwon distans de yon vwayaj yon jounen sou yon bò, e vwayaj a yon jounen de lòt bò a, toutotou kan an, epi plis oswa mwens de koude (twa pye) pwofondè sou sifas tè a.
32Pèp la te pase tout jounen, tout nwit lan, ak tout jou aprè a nan ranmase zòtolan. Sila ki te ranmase mwens lan, te ranmase dis omè (ven lit), e yo te poze yo gaye pou yo toupatou nan kan an. 33Pandan vyann nan te toujou nan dan yo, avan yo te menm moulen li, kòlè SENYÈ a te vin limen kont pèp la, e SENYÈ a te frape pèp la avèk yon epidemi byen sevè. 34Konsa, non a kote sa a te rele Kibroth Hattaava, akoz ke se ladann, yo te antere pèp ki te voras yo.
35Soti nan Kibroth Hattaava, pèp la te ale Hazeroth, e yo te vin rete Hazeroth.

Você sabia?
Queixas, codornizes e o Espírito no acampamento
- Os locais mencionados neste capítulo receberam nomes derivados de acontecimentos da viagem: Taberá significa "queimada", nomeada após o fogo consumir a extremidade do acampamento, enquanto Quibrote-Hataavá significa "sepulturas da cobiça" ou do desejo, onde foram enterrados os que desejaram carne.Fontes: Taberah · Kibroth-hattaavah · o próprio texto bíblico
- Embora setenta anciãos tenham sido escolhidos para ajudar Moisés na liderança, Eldade e Medade permaneceram no acampamento em vez de ir à Tenda do Encontro, mas o Espírito repousou sobre eles e profetizaram. Quando Josué pediu a Moisés que os impedisse, Moisés respondeu desejando que todo o povo do Senhor fosse profeta.Fontes: Eldad · Joshua · o próprio texto bíblico
- O texto descreve o maná como semelhante a sementes de coentro e resina, o qual os israelitas recolhiam, moíam em moinhos manuais ou pilavam em almofarizes, coziam em panelas ou assavam em bolos com sabor de massa preparada com azeite.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org