Nations Bible

Levítico 20

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 2“Ou va osi di a fis Israël yo: ‘Nenpòt moun nan fis Israël yo, oswa nan etranje ki rete an Israël yo ki bay nenpòt nan pitit li yo a Moloc, li va vrèman vin mete a lanmò. Pèp peyi a va lapide moun sa a avèk kout wòch. 3Mwen va osi mete figi Mwen kont moun sa a. Mwen va koupe retire li de pèp li a, akoz li te bay nan pitit li bay Moloc pou konwonpi sanktyè Mwen an, e degrade non sen Mwen an. 4Men si moun nan peyi a ta janm tolere moun sa a lè li bay nan pitit li yo bay Moloc, e pa mete l a lanmò, 5alò, Mwen menm va mete figi Mwen kont moun sila a ak kont fanmi li, e Mwen va koupe retire de pèp li a; non sèlman li menm, men tout sila ki jwe pwostitiye dèyè li yo, lè yo jwe pwostitiye dèyè Moloc.

6“‘Epi pou moun ki vire vè moun k ap fè kontak ak mò yo, ki swiv lespri dyab yo, pou yo jwe pwostitiye avèk yo, Mwen va osi mete figi Mwen kont moun sa a e Mwen va koupe retire li de pèp li a.

7“‘Konsa, nou va konsakre nou menm e nou va rete sen, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

8“‘Nou va kenbe règleman Mwen yo, e nou va swiv yo. Mwen se SENYÈ a ki fè nou sen an.

9“‘Si yon moun anmède papa li oswa manman li, li va vrèman vin mete a lanmò. Li te anmède papa li oswa manman li. Koupabilite san li rete sou li.

10“‘Si yon mesye fè adiltè avèk madanm a yon lòt, menm sila ki fè adiltè avèk madanm zanmi li an, adiltè a avèk fanm adiltè a va vrèman vin mete a lanmò.

11“‘Si yon nonm vin kouche avèk madanm a papa li, li te dekouvri nidite a papa li. Yo tou de va vin mete a lanmò. Koupabilite san yo rete sou yo.

12“‘Si gen yon nonm ki kouche avèk bèlfi li, tou de va vin mete a lanmò. Yo te fè ensès; koupabilite san an sou yo.

13“‘Si gen yon gason ki kouche avèk yon lòt gason, menm jan ke li ta kouche avèk yon fanm, tou de te fè yon zak abominab. Yo va vrèman vin mete a lanmò. Koupabilite san yo sou yo.

14“‘Si gen yon mesye ki marye avèk yon fanm ansanm ak manman li, sa se konwonpi. Yo tout va brile avèk dife pou mechanste pa rete nan mitan nou.

15“‘Si gen yon mesye ki kouche avèk yon bèt, li va vrèman vin mete a lanmò. Nou va anplis touye bèt la.

16“‘Si gen yon fanm ki vin pwoche yon bèt pou kouche avèk li, nou va touye fanm nan ansanm ak bèt la. Yo va vrèman vin mete a lanmò. Koupabilite san an sou yo.

17“‘Si yon mesye pran sè li, oswa fi a papa li, oswa fi a manman li, pou l wè nidite li, epi li wè nidite li, sa se yon gwo wont. Yo va koupe retire devan zye a fis pèp Israël la. Li te dekouvri nidite sè li. Li pote koupabilite pa l.

18“‘Si gen yon mesye ki kouche avèk yon fanm sou règ li e dekouvri nidite li, li te vin dekouvri flèv li, e li te fè flèv san li vin parèt. Pou sa, tou de va koupe retire de pèp pa yo a.

19“‘Nou pa pou dekouvri nidite sè manman nou, ni sè papa nou, paske yon nonm konsa te fè nidite a fanmi de san li vin parèt. Yo va pote koupabilite yo.

20“‘Si gen yon mesye ki kouche avèk madanm tonton li, li te dekouvri nidite tonton li. Yo va pote peche yo. Yo va mouri san fè pitit.

21“‘Si gen yon mesye ki pran madanm a frè li, sa se abominab. Li te dekouvri nidite a frè li. Yo p ap janm fè pitit.

22“‘Konsa, nou gen pou kenbe tout règleman ak tout òdonans Mwen yo e fè yo, pou peyi kote M ap mennen nou pou viv la, pa krache mete nou deyò. 23Anplis, nou pa pou swiv koutim nasyon sa yo ke Mwen va pouse fè sòti devan nou yo, paske yo te fè tout bagay sa yo, e konsa, Mwen te vin rayi yo. 24Konsa Mwen te di nou: “Nou dwe posede peyi pa yo a, e Mwen menm va bannou li pou posesyon, yon peyi k ap koule lèt ak siwo myèl.” Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mete nou apa de lòt pèp yo.

25“‘Se konsa ke nou gen pou distenge antre bèt ki pwòp ak bèt ki pa pwòp, e antre zwazo ki pa pwòp ak sa ki pwòp la. Nou pa pou fè tèt nou vin abominab ni pa bèt, ni pa zwazo, ni pa sa ki trennen atè reptil ke Mwen te separe pou nou kòm pa pwòp. 26Se konsa, nou va sen pou Mwen, paske Mwen, SENYÈ a, Mwen sen. Mwen te mete nou apa de lòt pèp yo pou nou kapab pa Mwen.

27“‘Alò, yon nonm oswa yon fanm ki kontakte mò yo, oswa lespri yo, yo va anverite vin mete a lanmò. Yo va vin lapide avèk kout wòch. Koupabilite san rete sou yo.’”

Você sabia?

Punições por Infidelidade e Desobediência

  • Moloque era a divindade nacional dos amonitas, associada ao sacrifício de crianças pelo fogo. Levítico 20 proíbe estritamente essa prática, estabelecendo a pena de morte por apedrejamento para qualquer israelita ou estrangeiro residente que entregasse um filho a Moloque.Fontes: Molech · o próprio texto bíblico
  • As proibições e punições deste capítulo baseiam-se no chamado à santidade e na separação dos costumes das nações vizinhas. Israel recebeu a ordem de guardar esses estatutos e fazer distinção entre animais puros e impuros para que a terra não os expulsasse.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.