Nations Bible

Levítico 21

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk prèt yo, fis Aaron yo. Di yo konsa: ‘Pèsòn pa pou konwonpi kò l avèk yon moun mouri pami pèp li a, 2sof pou fanmi ki pi prè li yo, tankou manman l, papa l, fis li, fi li ak frè li, 3ak pou sè vyèj li, ki prè li, ki pa t gen mari. Pou sila a, li kapab konwonpi kò l. 4Li pa pou konwonpi kò l, akoz li se yon gwo chèf pami pèp li a, e konsa, pou vin degrade tèt li.

5“‘Yo pa pou fè tèt yo kale, ni taye bab yo, ni fè okenn blese nan chè yo. 6Yo va rete sen a Bondye pa yo a, e yo p ap konwonpi non Bondye pa yo a, paske se yo ki prezante ofrann dife bay SENYÈ a, manje pou Bondye pa yo a. Alò, fòk yo sen.

7“‘Yo pa pou pran yon fanm ki degrade kòm pwostitiye, ni yo pa pou pran yon fanm ki divòse avèk mari li; paske li sen a Bondye pa li a. 8Konsa, nou va konsakre li, paske li ofri ou manje Bondye nou an. Li va sen pou nou, paske Mwen, SENYÈ ki sanktifye nou an, Mwen sen.

9“‘Fi a nenpòt prèt, si li degrade tèt li kòm pwostitiye, li degrade papa li. Li va brile nan dife.

10“‘Prèt ki se wo prèt pami frè li yo, sou tèt sila lwil onksyon an te vide a, e sila ki te konsakre pou abiye avèk vètman yo, pa pou dekouvri tèt li, ni chire rad li. 11Li pa pou pwoche okenn moun mouri, ni konwonpi tèt li menm si se pou papa li oswa manman li. 12Li pa pou sòti nan sanktyè a, ni konwonpi sanktyè Bondye li a, paske konsekrasyon lwil sen an sou li. Mwen se SENYÈ a.

13“‘Li va pran yon madanm ki vyèj. 14Yon vèv, oswa yon fanm divòse, oswa youn ki degrade kòm pwostitiye, sa yo, li pa kapab pran yo. Men okontrè, fòk li marye ak yon vyèj pami pwòp pèp pa li a. 15Li pa pou degrade desandan li yo pami pwòp pèp li a, paske Mwen se SENYÈ ki fè li sen an.’”

16Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 17“Pale avèk Aaron. Di l: ‘Okenn moun pami nou ki gen yon defo fizik p ap pwoche pou ofri manje bay Bondye li a. 18Paske nenpòt moun ki gen yon defo p ap pwoche: yon nonm avèg, yon bwate, yon nonm ki gen figi defòme, oswa okenn manm kò defòme, 19yon nonm pye kase oswa men kase, 20yon moun ki gen boul nan do oswa kata, oubyen yon moun ki gen defo nan zye li, oswa ekzema nan po, kal oswa boul grenn ki donmaje. 21Okenn moun nan ras Aaron, prèt ki gen defo pa pou pwoche pou fè ofrann SENYÈ a pa dife. Akoz li gen yon defo, li pa pou pwoche pou ofri pen ki pou Bondye li a. 22Li kapab manje pen Bondye li a, ni sa ki sen pase tout bagay yo, avèk sa ki sen an. 23Se sèlman, li pa pou antre anndan vwal la, ni toupre lotèl la akoz ke li gen yon defo, pou li pa konwonpi sanktyè Mwen yo. Paske Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.’”

24Alò, Moïse te pale avèk Aaron, a fis li yo, e a tout fis Israël yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Santidade e Requisitos para o Sacerdócio

  • Os sacerdotes comuns só podiam guardar luto por parentes consanguíneos imediatos — pais, filhos e irmãos solteiros —, enquanto o sumo sacerdote era estritamente proibido de se contaminar por qualquer cadáver, incluindo seus próprios pais, e não podia rasgar suas vestes em sinal de luto.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Enquanto os sacerdotes comuns eram proibidos de se casar com mulheres divorciadas ou prostitutas, o sumo sacerdote tinha uma exigência ainda mais rigorosa: só podia se casar com uma virgem do seu próprio povo.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Os descendentes de Arão com defeitos físicos ou lesões eram impedidos de apresentar ofertas queimadas no altar, mas ainda tinham permissão plena para comer das porções de alimentos santos e santíssimos.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.