Levítico 19
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, SENYÈ a te pale ak Moïse. Li te di: 2“Pale avèk tout asanble a fis Israël yo. Di yo: ‘Nou va sen, paske Mwen menm, SENYÈ a, Bondye nou an, Mwen sen.
3“‘Nou chak va onore manman nou ak papa nou, e nou va kenbe Saba Mwen yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
4“‘Pa vire vè zidòl yo, ni fè pou nou menm dye metal fonn yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
5“‘Alò, lè nou ofri yon sakrifis lapè bay SENYÈ a, nou va ofri li pou nou kapab vin aksepte. 6Li va manje nan menm jou ke nou ofri li a, ak jou apre a. Si gen ki rete jis nan twazyèm jou a, li va vin brile avèk dife. 7Konsa, si li ta manje menm nan twazyèm jou a, sa se yon ofans. Li p ap aksepte. 8Tout sila ki manje li yo, va pote inikite li, paske li te degrade bagay sen SENYÈ a. Konsa, moun sa a va koupe retire de pèp li a.
9“‘Alò, lè nou fè rekòlt nan tè nou, nou p ap rekòlte rive jis nan kwen chan an, ni nou p ap ranmase ti rès ki tonbe a. 10Ni nou p ap ranmase ti rès fwi nan chan rezen nou yo. Nou va kite yo pou malere yo ak etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
11“‘Nou pa pou vòlè, ni twonpe, ni manti youn ak lòt.
12“‘Nou pa pou fè fo sèman nan non Mwen pou degrade non a Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.
13“‘Nou pa pou oprime vwazen nou, ni vòlè li. Salè a yon ouvriye jounalye pa pou rete nan men nou tout lannwit pou rive nan maten.
14“‘Nou pa pou anmède yon moun soud, ni mete yon obstak pou fè avèg la tonbe, men nou va gen krentif pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.
15“‘Nou pa pou fè lenjistis nan jijman nou yo. Nou pa pou apiye vè malere a, ni apiye vè moun pwisan an, men nou va jije vwazen nou avèk jistis.
16“‘Nou pa pou mache bay kout lang pami pèp nou an.
Nou pa pou fè zak kont lavi vwazen nou yo. Mwen se SENYÈ a.
17“‘Nou pa pou rayi pwochen peyi nou nan kè nou. Nou mèt toujou korije vwazen nou, pou nou pa pote peche akoz li.
18“‘Nou pa pou pran vanjans ni pote lahèn nan kè nou kont fis pèp nou an; men nou va renmen pwochen nou tankou tèt nou. Mwen se SENYÈ a.
19“‘Se pou nou kenbe règleman Mwen yo. Nou pa pou fè kwazman de ras bèf.
Nou pa pou plante chan nou avèk de kalite grenn;
Ni pou abiye ak yon vètman ki gen de kalite twal ki mele ansanm.
20“‘Alò, si yon nonm kouche nan zak seksyèl avèk yon fanm ki se yon esklav ki te pwomèt pou yon lòt gason, men ki pa t peye ranson li, ni pa t bay li libète l, li va pini. Malgre sa, yo p ap mete li a lanmò, paske li pa t lib. 21Gason an va pote ofrann koupab li devan SENYÈ a nan pòtay tant asanble a; yon belye pou ofrann koupab la. 22Prèt la va fè ekspiyasyon pou li avèk belye ofrann koupab la devan SENYÈ a pou peche ke li te fè a, e selon peche ke li te fè a, li va vin padone.
23“‘Lè nou antre nan peyi sa a, e plante tout kalite bwa pou manje, alò, nou va kontwole premye fwi pa yo kòm entèdi. Pandan twazan, li va entèdi a nou menm. Li p ap pou manje. 24Nan katriyèm ane a, tout fwi li yo va vin sen. Yo va vin yon ofrann lwanj bay SENYÈ a. 25Nan senkyèm ane a, nou gen pou manje nan fwi li, pou donn li kapab vin anpil pou nou menm. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
26“‘Nou pa pou manje anyen avèk san ki rete nan li. Nou pa pou pratike maji ni divinasyon zetwal ni predi evenman k ap vin rive.
27“‘Nou pa pou koupe kwen cheve tèt nou, ni taye sou kote bab nou.
28“‘Nou pa pou koupe kò nou pou moun mouri yo, ni fè tatou sou kò nou: Mwen se SENYÈ a.
29“‘Pa degrade pwòp fi nou pou fè l vin yon pwostitiye, sòf ke peyi a menm ta tonbe nan pwostitisyon, e ranpli avèk tout kalite bagay lèd.
30“‘Nou va kenbe Saba Mwen yo, e nou va onore sanktyè Mwen an. Mwen se SENYÈ a.
31“‘Pa vire bò kote moun ki fè kontak ak mò yo, ni ki chache move lespri yo. Pa chache yo pou nou pa vin degrade pa yo menm. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
32“‘Nou va leve devan moun cheve blanch yo. Nou va bay lonè a granmoun yo. Nou va gen lakrent pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.
33“‘Lè yon etranje rete avèk nou nan peyi nou, nou pa pou fè l tò. 34Etranje ki rete avèk nou an va, pou nou, tankou pwòp moun peyi nou. Nou va renmen li tankou tèt nou, paske nou te etranje nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. 35Nou pa pou fè move jijman, ni nan mezire longè, pwa, oubyen kapasite. 36Fòk balans nou yo jis, e pèz pwa nou yo jis; yon efa (22 lit) ki jis, e yon in (36 lit) ki jis. Mwen se SENYÈ nou an, ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la.
37“‘Se konsa nou va obsève tout règleman Mwen yo ak tout òdonans Mwen yo, e fè yo. Mwen se SENYÈ a.’”

Você sabia?
Santidade e Vida Comunitária
- Levítico 19 contém o mandamento de amar o próximo como a si mesmo. Essa exigência é estendida explicitamente aos estrangeiros residentes, lembrando aos israelitas que eles próprios foram forasteiros na terra do Egito.Fontes: o próprio texto bíblico
- A lei determinava que os agricultores não ceifassem as extremidades de seus campos nem recolhessem as espigas ou uvas caídas. Esses restos eram reservados especificamente para os pobres e os estrangeiros residentes.Fontes: o próprio texto bíblico
- A santidade estava diretamente ligada à ética prática, proibindo atitudes como amaldiçoar o surdo, colocar tropeço diante do cego, perverter a justiça e reter o salário do diarista até a manhã seguinte.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org