Nations Bible

Jó 41

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Èske ou ka rale Levyatan an deyò ak yon zen lapèch?

Oswa peze lang li desann ak yon kòd?

2Èske ou kab mete yon kòd nan nen l,

oswa pèse machwè l ak yon zen?

3Èske l ap fè ou anpil siplikasyon,

oswa èske l ap pale ak ou ak pawòl dous?

4Èske l ap fè yon akò avèk ou?

Èske ou va pran l pou yon sèvitè pou tout tan?

5Èske ou va jwe avè l konsi se yon zwazo,

oswa èske ou va mare li pou demwazèl ou yo?

6Èske komèsan yo va fè komès avè l?

Èske y ap divize li pami machann yo?

7Èske ou kab plen po li ak gwo lans,

oswa tèt li ak fren lapèch?

8Poze men ou sou li! Sonje batay la byen!

Ou p ap fè l ankò

9Gade byen, esperans ou fo.

Èske ou p ap vin bese ou, menm devan rega li?

10Nanpwen moun ki gen kouraj ase pou l ta tante fè l leve.

Ebyen, se kilès li ye ki kab kanpe devan M?

11Kilès ki te ban Mwen yon bagay pou M ta rekonpanse li?

Tout bagay anba tout syèl la se pa M.

12Konsa, Mwen p ap rete an silans akoz manm li yo,

oswa gran pwisans li, oswa jan kò l byen òganize.

13Se kilès ki kab retire pwotèj eksteryè li?

Kilès ki kab penetre pwotèj fèt ak chenn doub?

14Kilès ki kab ouvri pòt figi li?

Gwo laperèz antoure dan l.

15Gwo kal li yo se gran ògèy li;

yo fèmen byen byen di.

16Youn tèlman pre lòt ke menm lè pa kab pase antre yo.

17Yo jwenn youn ak lòt;

yo kole yo chak youn sou lòt e yo pa kab separe.

18Lè li estène, li fè limyè vin parèt;

e zye li tankou pòpyè zye nan maten.

19Tòch dife yo sòti nan bouch li;

sann volan yo vòltije vin parèt.

20Sòti nan nen l, se lafimen;

konsi k ap sòti nan yon gwo bonm k ap bouyi,

oswa fèy sèch k ap pran dife.

21Souf li ka limen chabon,

e flanm yo sòti nan bouch li.

22Kou li se yon rezèvwa fòs

e gwo laperèz danse devan l.

23Tout pli sou chè li vin jwenn ansanm;

byen solid sou li, e yo pa kab deplase.

24Kè li di tankou wòch,

di menm tankou gwo wòch moulen.

25Lè l leve pi pwisan yo vin pè;

akoz gwo son kraze brize a, yo fè bak nèt.

26Nepe ki rive kote li pa kab fè anyen,

ni gwo lans lan, flèch la, ni frenn nan.

27Pou li mòso fè se konsi se pay;

bwonz se tankou bwa pouri.

28Flèch pa kab fè l sove ale;

wòch fistibal se kras raje devan l.

29Baton yo menm se pay.

Li ri lè frenn nan kouri vin jwenn l.

30Pati anba li se tankou cha kanari;

li gaye tankou yon baton ki vannen sou labou.

31Li fè pwofondè li yo bouyi tankou yon bonm;

li fè lanmè a vin tankou yon ja pomad.

32Dèyè l, li fè yon pa kim dlo briye;

konsi ou ta konnen se cheve blanch k ap soti nan fon dlo a.

33Nanpwen anyen sou latè ki tankou li;

yon bèt ki fèt san pè anyen.

34Li gade sou tout bagay ki wo;

Li se wa sou tout fis ògèy yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Leviatã e os Limites do Poder Humano

  • A passagem lista instrumentos antigos de pesca e caça, como anzóis, cordas, arpões e lanças de pesca. O texto usa esses métodos convencionais para ilustrar que os seres humanos não conseguem capturar, domesticar ou comercializar o Leviatã como fariam com outros animais.Fontes: o próprio texto bíblico
  • A descrição detalha uma ampla variedade de armas antigas, incluindo espadas, lanças, dardos, flechas, pedras de funda e clavas. O relato retrata o Leviatã como invulnerável a elas, tratando o ferro como palha e o bronze como madeira podre.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O Leviatã é caracterizado como destemido, fazendo o mar profundo ferver como uma panela e reinando como rei sobre todas as criaturas orgulhosas. A retórica confronta Jó com a ideia de que, se nenhum humano pode resistir a tal criatura, ninguém pode contender com o Criador.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.