Jó 42
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Job te reponn SENYÈ a. Li te di:
2“Mwen konnen ke Ou ka fè tout bagay,
e ke nanpwen volonte Ou ki kab detounen.
3Ou te mande: ‘Kilès sila ki kache konsèy san konesans lan?’”
“Konsa, mwen te deklare sa ke m pa t konprann nan;
bagay twò etonan pou mwen, ke m pa t konnen yo.
4Ou te di: ‘Koute Mwen, e Mwen va pale;
Mwen va mande Ou, e Ou va enstwi Mwen.’
5“ Konsa, Mwen te konn tande de Ou nan zòrèy mwen yo,
men koulye a, zye m wè Ou.
6Pou tout sa a, mwen rayi pwòp tèt mwen,
e mwen repanti nan pousyè ak sann yo.”
7Li te vin rive apre SENYÈ a te pale pawòl sa yo a Job, ke SENYÈ a te di a Éliphaz, Temanit lan: “Lakòlè mwen limen kont ou e kont de zanmi ou yo, akoz ou pa t pale selon Mwen sa ki dwat, tankou sèvitè Mwen Job te fè a. 8Alò, pou sa, pran pou nou menm sèt towo avèk sèt belye, rive kote sèvitè Mwen an Job, e ofri yon ofrann brile pou nou menm; epi sèvitè Mwen an, Job, va priye pou nou. Paske Mwen va aksepte li jis pou m pa aji avèk nou selon foli nou, akoz nou pa t pale selon Mwen sa ki bon, tankou sèvitè Mwen Job te fè a.”
9Konsa, Éliphaz, Temanit lan avèk Bildad, Shouachyen an ak Tsophar, Naamatit la te ale fè sa ke SENYÈ a te di yo; epi SENYÈ a te aksepte Job.
10SENYÈ a te restore Job ak tout byen li ak pozisyon li lè l te priye pou zanmi li yo, e SENYÈ a te remèt tout sa li te genyen miltipliye de fwa anplis. 11Konsa, tout frè li yo ak sè li yo ak tout moun ki te konnen l oparavan yo te vin kote li, e yo te manje pen avèk li lakay li. Yo te rekonfòte li e konsole li akoz tout twoub ke SENYÈ a te mennen sou li yo. Epi yo chak te bay li yon pyès lajan ak yon bag an lò.
12SENYÈ a te beni dènye jou a Job yo plis pase premye yo. Epi li te gen katòz-mil mouton ak si-mil chamo, ak mil bèf kabwèt ak mil femèl bourik. 13Li te gen sèt fis ak twa fi. 14Li te rele premye a Jemima, dezyèm nan Ketsia, twazyèm nan Kéren-Happuc. 15Nan tout peyi a, pa t gen fanm ki te bèl tankou fi a Job yo. Konsa, papa yo te bay yo yon eritaj pami frè yo. 16Apre sa, Job te viv pandan san-karant lane, e te wè fis li yo ak pitit a fis li yo, jis rive nan kat jenerasyon. 17Konsa, Job te mouri, granmoun e plen ak jou.

Você sabia?
A Restauração e Bênção de Jó
- Deus ordenou a Elifaz, Bildade e Zofar que oferecessem sete novilhos e sete carneiros em holocausto e pedissem a intercessão de Jó, pois não haviam falado dele com exatidão. O Senhor aceitou a oração de Jó em favor de seus amigos e restaurou sua prosperidade depois que ele orou por eles.Fontes: o próprio texto bíblico · Bildad · Zophar
- As filhas nascidas de Jó após sua provação receberam nomes expressivos: Jemima significa pomba, e Quéren-Hapuque significa frasco de pintura para os olhos ou caixa de cosméticos. Jó concedeu a essas filhas uma herança junto com seus irmãos.Fontes: o próprio texto bíblico · Jemima · Keren-happuch
- Após suas aflições, os irmãos, irmãs e antigos conhecidos de Jó foram visitá-lo em sua casa para consolá-lo, presenteando-o cada um com uma peça de prata e um anel de ouro. Jó viveu mais cento e quarenta anos, alcançou até a quarta geração de seus descendentes e faleceu em idade avançada.Fontes: o próprio texto bíblico · Job
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org