Jó 40
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Anplis, SENYÈ a te di a Job:
2“Èske li k ap jwenn fot va fè kont ak Tou Pwisan an?
Kite sila ki repwoche Bondye reponn sa.”
3Konsa, Job te reponn SENYÈ a. Li te di:
4“Anverite, mwen pa anyen; ki repons mwen kab bay Ou?
Mwen poze men m sou bouch mwen.
5Yon fwa mwen te pale e mwen pa p replike l;
menm de fwa, men m pap wale pi lwen.”
6Konsa, SENYÈ a te reponn nan mitan toubiyon an. Li te di:
7Alò, mare senti ou kon gason;
Mwen va mande ou yon bagay, e ou va enstwi M.
8Èske anverite ou va anile jijman Mwen an?
Èske ou va kondane Mwen pou ou menm kab jistifye?
9Oswa èske ou gen yon bra tankou Bondye,
ak yon vwa ki ka gwonde tankou pa L la?
10Abiye ou menm ak mayifisans ak grandè.
Mete sou ou lonè ak laglwa.
11Vide fè parèt nèt tout lakòlè k ap debòde nan ou.
Fè yon ti gade sou tout sila ki gen ògèy yo, e desann yo.
12Fè rega sou tout sila ki gen ògèy yo, e fè yo bese, vin ba.
Foule mechan yo nèt kote yo kanpe.
13Kache yo ansanm nan pousyè a.
Mare figi yo nan plas kache a.
14Epi konsa M ap konfese a ou menm
ke se pwòp men dwat ou ki kab sove ou.
15Gade byen Beyemòt la ke M te fè
menm tankou Mwen te fè w la;
Li manje zèb tankou bèf.
16Gade koulye a, fòs li nan ren li,
e pouvwa li nan gwo venn a vant li yo.
17Li koube ke li tankou yon sèd;
venn nan kwis li yo koude ansanm nèt.
18Zo li se tiyo ki fèt an bwonz;
janm li tankou ba fè.
19Li se premye nan chemen Bondye a;
fòk se Sila ki fè l la, ki pou pwoche nepe li.
20Anverite, mòn yo mennen bay li manje
kote tout bèt sovaj latè yo jwe.
21Anba zèb dlo, li kouche;
nan kouvèti wozo a ak marekaj la.
22Plant dlo yo kouvri li ak lonbraj;
bwa sikrèn k ap koule dlo a antoure li.
23Lè rivyè a vin anraje, li pa twouble;
li gen konfyans malgre Jourdain an rive jis nan bouch li.
24Èske gen moun ki kab kaptire li lè l ap veye;
menm ak pwent anfè, èske yon moun kab pèse nen l?

Você sabia?
O Desafio de Deus e o Poder do Beemote
- Ao ser questionado por Deus, Jó responde colocando a mão sobre a boca, reconhecendo sua insignificância e decidindo não argumentar mais. Deus então lhe fala do meio de um redemoinho, desafiando-o a provar se possui força divina e capacidade para humilhar os soberbos.Fontes: o próprio texto bíblico
- Deus direciona a atenção de Jó para o Beemote, descrevendo-o como um enorme herbívoro com ossos como tubos de bronze e membros semelhantes a barras de ferro. A criatura é retratada repousando pacificamente sob os lotos e juncos do pântano, inabalável diante de águas turbulentas e indomável para os seres humanos.Fontes: o próprio texto bíblico
- O texto observa que o Beemote permanece destemido mesmo quando o rio Jordão se precipita contra a sua boca. O Jordão é um rio caracterizado por correntes rápidas e cursos sinuosos através de planícies pantanosas e canais profundos.Fontes: o próprio texto bíblico · Jordan
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 23
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org