Nations Bible

Jó 39

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1“Èske ou konnen lè kabrit mòn yo fè pitit?

Èske ou konn wè lè sèf yo metba?

2Èske ou kab kontwole mwa ke yo rete plenn yo,

oswa èske ou konnen lè yo fè pitit?

3Yo bese a jenou, yo pouse fè pitit yo parèt,

yo fòse fè doulè yo fini nèt.

4Pitit yo vin fò, yo grandi nan chan lib;

yo ale e yo pa retounen kote yo.

5“Se kilès ki te fè bourik mawon yo vin lib?

Epi kilès ki te lache kòd ki te mare sou bourik kous la,

6ke Mwen te bay savann nan kon abitasyon li,

ak tè sale a kon kote pou l rete a?

7Li pa bay valè a zen lavil la;

kri a chofè yo, li pa okipe yo.

8Li chache nan tout mòn yo pou manje l

e chache jwenn tout sa ki vèt.

9“Èske bèf mawon va dakò pou sèvi ou,

oswa èske l ap pase nwit lan devan manjwa ou?

10Èske ou kab mare bèf mawon a ak kòd pou l

rete nan ranp li, oswa èske l ap boulvèse jaden an dèyè w?

11Èske ou va fè l konfyans akoz gran fòs li,

e kite l responsab travay ou?

12Èske ou va mete lafwa ou nan li pou li pote semans lakay,

o ranmase seryel sou glasi vannen an?

13“Zèl a otrich yo bat anlè ak gran jwa,

men èske se plimaj lanmou?

14Veye byen, li abandone pwòp ze li yo sou latè a

pou yo ka chofe yo nan pousyè,

15Li bliye yon grenn pye ka kraze yo,

oswa yon bèt sovaj kab foule yo.

16Li maltrete pitit li yo ak mechanste, konsi yo pa t pou li;

menm si tout travay li ta an ven, sa pa regade l;

17Akoz Bondye te fè li bliye sajès li,

e pa t bay li yon pòsyon bon konprann.

18Lè l leve kò l anlè, li giyonnen cheval la ak chevalye a.

19Èske se ou ki te bay cheval la fòs?

Èske ou te abiye kou li ak krenyen?

20Èske ou fè l vòltije tankou yon krikèt?

Gran souf ki sòti nan nen l byen etonan.

21Pye li fouye tè a nan vale a, e li kontan fòs li.

Li sòti parèt pou rankontre zam yo.

22Li ri sou danje, ni li pa gen lakrent.

Li pa vire fè bak devan nepe;

23fouwo soukwe akote l,

lans k ap briye a, ak gwo frenn nan.

24Byen anraje e tranblan, li fè kous sou tè a,

e li p ap kanpe lè vwa twonpèt la sone.

25Depi twonpèt la sone li di: ‘Aha!’

Soti lwen, li pran sant batay la, tonnè a kapitèn yo ak kri gè a.

26Èske se pa bon konprann ou ke malfini an

konn vole anlè, avèk zèl li lonje vè sid?

27Èske se pa kòmand pa ou ke èg la monte wo

pou fè nich li nan wotè?

28Anwo sou falèz la, li rete e fè abitasyon li,

sou kwen wòch yon kote ki pa kab pwoche.

29Se la li veye manje li;

zye li wè l soti lwen.

30Pitit li yo, anplis, konn souse san;

epi kote mò yo ye; se la li ye.”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

O cuidado e o projeto de Deus no reino animal

  • O discurso divino questiona Jó sobre a natureza indomável de animais como o jumento selvagem e o boi selvagem. Ao contrário dos animais domesticados usados na lavoura e na debulha, essas criaturas vivem livres no deserto e nas planícies salgadas, totalmente independentes do controle e do trabalho humano.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O texto destaca os hábitos peculiares de nidificação da avestruz, descrevendo como ela põe seus ovos na areia sem o cuidado protetor comum a outras aves, mas consegue superar o cavalo em velocidade ao correr em campo aberto.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O vívido retrato do cavalo de batalha descreve seu destemor, força e entusiasmo diante de armas e do toque da trombeta, enfatizando que sua coragem e natureza procedem de Deus, e não do domínio humano.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.