Nations Bible

Hebreus 12

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, 2ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.

3Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.

4Nou poko reziste jis rive pou rann san nan lit nou kont peche. 5Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo:

“Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a,

ni vin febli lè nou korije pa Li;

6Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo,

e Li fwete tout fis ke L resevwa.”

7Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.

9Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? 10Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.

11Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.

12Konsa ranfòse men ki manke fòs ak jenou ki fèb yo, 13epi fè chemen pye nou dwat, jis pou manm kò ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri.

14Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a. 15Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin konwonpi. 16Pa kite nou gen okenn moun imoral oubyen san Bondye tankou Esaü ki te vann pwòp dwa eritaj li a pou yon sèl repa manje. 17Paske nou konnen ke menm apre sa, lè li te dezire vin eritye yon benediksyon, li te rejte, paske li pa t twouve yon plas pou repantans, malgre li te chache sa ak dlo nan zye.

18Paske nou pa t vin kote yon mòn ki kapab touche e ki t ap flanbe, ni a tenèb, fènwa, ak tanpèt 19ni a gwo kout twonpèt ak son pawòl ki sone tankou sila ki te tande l t ap mande sekou a, pou okenn pawòl pa t pale a yo menm ankò. 20Paske yo pa t kapab sipòte dekrè a: “Menm si yon bèt touche mòn nan, li va lapide ak kout wòch.” 21Vizyon sila a te si tèlman tèrib ke Moïse te di: “Mwen plen lakrent ak tranbleman”.

22Men nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole, 23anvè gran asanble a, ak legliz premye ne yo ki anrejistre nan syèl la, anvè Bondye, jij a tout moun nan, e anvè lespri a moun ladwati ki te fèt pafè yo, 24epi anvè Jésus medyatè yon akò tounèf la, e anvè san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la. 25Fè si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape lè yo te refize li menm ki te avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la. 26Epi vwa Li te souke tè a nan moman an, men koulye a, Li fè yon pwomès, e Li di: “Malgre sa, yon fwa ankò Mwen va souke, non sèlman tè a, men osi syèl la.”

27Ekspresyon sa a: “Malgre yon fwa ankò”, fè nou konprann ke tout bagay ki te kreye, ki kapab souke va retire, pou bagay sila ki pa kapab souke yo, kapab vin rete. 28Konsa, akoz ke nou resevwa yon wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent. 29Paske Bondye nou an se yon dife k ap devore.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A corrida, a disciplina e o monte Sião

  • Hebreus 12 adverte contra ser profano como Esaú, que vendeu a primogenitura por uma única refeição. Esaú, o gêmeo primogênito de Rebeca, era caçador; faminto ao voltar da caça, vendeu esse direito ao irmão Jacó por um cozido de lentilhas vermelhas, e daí também lhe veio o nome Edom, “vermelho”. Depois, diz o capítulo, ele buscou a bênção com lágrimas e foi rejeitado.Fontes: Esau (Edom) · o próprio texto bíblico
  • Hebreus 12 diz que seus leitores chegaram não a um monte que se pode tocar e que arde em fogo, em trevas, escuridão e tempestade — onde até Moisés disse: “Estou tremendo de medo” —, mas ao monte Sião e à Jerusalém celestial, a cidade do Deus vivo. O monte Sião era a colina do sudeste de Jerusalém; Davi a tomou dos jebuseus, construiu ali uma cidadela e um palácio, e ela se tornou a cidade de Davi. O nome Jerusalém é explicado como “posse da paz” ou “fundamento da paz”, e a cidade também era chamada de cidade santa.Fontes: o próprio texto bíblico · Mount Zion · Jerusalem
  • Hebreus 12 fala do “sangue aspergido, que fala uma palavra melhor do que o sangue de Abel”. Abel, o segundo filho de Adão e Eva, foi morto pelo irmão Caim, depois que o Senhor olhou com favor para Abel e para sua oferta, os primogênitos do rebanho, mas não para Caim e sua oferta, os frutos do campo.Fontes: o próprio texto bíblico · Abel

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 22
  • Mount Zion · 31.772, 35.229 · versículo 22

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.