Nations Bible

Hebreus 13

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Kite lanmou pou frè yo kontinye.

2Pa neglije byen resevwa etranje yo, paske pa fason sa a, kèk nan nou bay lojman menm a zanj, san nou pa konnen.

3Sonje prizonye yo, kòmsi nou ta nan prizon avèk yo, e sila ki maltrete yo, akoz ke nou menm, nou osi nan kò a.

4Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.

5Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” 6pou nou di avèk konfyans:

“Senyè a se soutyen mwen.

Mwen p ap pè.

Sa lòm ka fè m?”

7Sonje sila ki te dirije nou yo, ki te pale pawòl Bondye ak nou. Konsidere rezilta a zèv pa yo, e imite lafwa yo.

8Jésus Kri se menm lan ayè, jodi a, e pou tout tan.

9Pa vin pote ale pa doktrin varye e dwòl, paske li bon pou kè a ranfòse pa lagras, men pa ak kalite manje ki pa t bay benefis a sila ki te swiv yo.

10Nou gen yon lotèl kote sila ki fè sèvis nan tabènak yo pa gen dwa manje. 11Paske kò a bèt sila yo ki gen san yo, ke Wo Prèt la pote nan lye sen an kòm yon ofrann pou peche yo, dwe brile deyò kan an. 12Menm jan an, Jésus osi, pou Li te kapab sanktifye pèp la ak pwòp san Li, te soufri deyò pòtay la. 13Donk, annou ale jwenn Li deyò kan an pou pote repwòch Li yo.

14Paske isit la, nou pa gen yon vil k ap dire, men n ap chache vil ki gen pou vini an.

15Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.

16Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.

17Obeyi lidè nou yo e soumèt nou a yo. Paske yo kontinye ap gade sou nanm nou, kòm sila ki oblije rann kont. Kite yo fè sa avèk jwa, olye chagren, paske sa pa t ap gen pwofi pou nou. 18Priye pou nou, paske nou asire ke nou gen yon bon konsyans, nan dezire kondwi tèt nou avèk lonè nan tout bagay. 19Mwen ankouraje nou menm plis pou fè sa pou mwen kapab vin restore a nou menm pi vit menm.

20Koulye a, ke Bondye lapè a, ki te fè leve nan lanmò a gran Pastè a brebi yo pa san akò etènèl la, menm Jésus, Senyè nou an, 21ekipe nou nan tout bon zèv, pou fè volonte Li, nan travay nan nou sa k ap fè plezi devan zye Li, nan Jésus Kri, a Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

22Men mwen ankouraje nou frè m yo, pou sipòte pawòl egzòtasyon sila a, paske mwen ekri nou brèvman. 23Byen aprann ke frè nou Timothée lage, e mwen va wè nou avèk li menm, si li vini vit. 24Salye tout lidè nou yo ak tout sen yo. Sila an Italie yo salye nou. 25Ke lagras rete avèk nou tout.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Exortações para a vida em comum

  • O capítulo lembra que o sumo sacerdote leva o sangue de animais ao Lugar Santo como sacrifício pelo pecado, enquanto os corpos são queimados fora do acampamento. Diz que Jesus também sofreu fora da porta da cidade, para santificar o povo com o seu próprio sangue. Os leitores são exortados a ir até ele fora do acampamento, levando a desonra que ele levou, porque aqui não têm uma cidade permanente, mas buscam a cidade que há de vir.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O capítulo termina com saudações dos da Itália. O nome Itália foi usado de formas diferentes em períodos distintos; à medida que o poder de Roma avançava, passou a designar todo o país ao sul dos Alpes. No período romano havia contato constante entre a Palestina e a Itália.Fontes: o próprio texto bíblico · Italy
  • O capítulo diz que o irmão Timóteo foi solto e que o autor espera vir com ele, se chegar logo. Uma nota biográfica descreve Timóteo, ou Timotheus — nome que significa honrar a Deus — como um jovem discípulo que acompanhou Paulo em muitas viagens. Sua mãe, Eunice, e sua avó, Loide, eram notáveis pela piedade, e seu pai era grego.Fontes: o próprio texto bíblico · Timotheus

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Holy Place · Hoje: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · versículo 11
  • Italy · 41.892, 12.485 · versículo 24

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.