Hebreus 11
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, lafwa se asirans a sa ke n ap espere ak konviksyon de bagay nou pa wè yo.
2Paske se pa lafwa, moun nan tan ansyen yo te vin apwouve.
3Pa lafwa nou konprann ke mond yo te prepare pa pawòl Bondye a, pouke sa nou wè pa t fèt avèk bagay ki vizib.
4Pa lafwa Abel te ofri a Bondye yon pi bon sakrifis ke Cain, selon sa, li te resevwa temwayaj ke li te jis. Bondye te fè temwayaj de ofrann li yo, epi pa lafwa, malgre ke li mouri, li toujou pale.
5Pa lafwa Enoch te monte pou l te kab pa wè lanmò. E kò li pa te jwenn akoz ke Bondye te pran l. Paske li te twouve temwen ke avan li te monte a, li t ap fè Bondye plezi.
6Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.
7Pa lafwa Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.
8Pa lafwa Abraham, lè l te rele, li te obeyi lè l te sòti pou ale yon kote ke li te dwe resevwa pou eritaj. Li te soti malgre li pa t menm konnen ki kote li t ap prale. 9Pa lafwa, li te viv kòm yon etranje nan peyi pwomès la, tankou se nan yon peyi etranje, e li te abite nan tant avèk Isaac ak Jacob, eritye ansanm a menm pwomès la. 10Paske li t ap chache vil ki gen fondasyon an, ki gen kòm achitèk ak fondatè, Bondye menm.
11Pa lafwa, menm Sarah te vin gen kapasite pou l ansent, menm depase pwòp tan lavi li, paske li te konsidere Li menm fidèl ki te fè pwomès la. 12Akoz sa te vin fèt de yon sèl moun, e li menm, tankou yon moun mouri deja, yon kantite desandan “an chif kòm zetwal, e ki pa kab kontwole tankou grenn sab lanmè.”
13Tout sila yo te mouri nan lafwa san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a. 14Paske sila ki di bagay sa yo, fè l klè ke y ap chache yon peyi ki pou yo. 15Si vrèman, yo t ap panse ak peyi sa a ke yo te soti a yo t ap twouve chans pou retounen. 16Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske Li te prepare yon vil pou yo.
17Pa lafwa Abraham, lè l te vin pase a leprèv, li te ofri Isaac; e sila ki te resevwa pwomès la, t ap ofri sèl fis li a. 18Se te selon fis sa menm ke Li te di: “Nan Isaac, desandan ou yo va rele.”
19Men li te konsidere ke Bondye kapab leve moun menm soti nan lanmò. E vrèman, li te osi resevwa li (Isaac) soti nan lanmò kòm yon modèl de sila ki t ap vini an. 20Pa lafwa Isaac te beni Jacob ak Ésaü, menm selon bagay ki t ap vini yo.
21Pa lafwa Jacob, pandan li t ap mouri, li te beni tout fis Joseph yo, e li te adore pandan li t ap apiye sou tèt baton li.
22Pa lafwa Joseph, lè l t ap mouri, te pale sou egzòd a fis Israël yo, e te pase lòd konsènan zo li yo.
23Pa lafwa Moïse, lè l te fèt, te kache pandan twa mwa pa paran li yo, paske yo te wè ke li te yon bèl pitit; e yo pa t pè lòd wa a.
24Pa lafwa, Moïse lè l te fin grandi, li te refize rele fis a fi Farawon an; 25men li te chwazi pito sipòte afliksyon avèk pèp Bondye a pase pou l ta rejwi nan plezi peche k ap pase yo. 26Li te konsidere repwòch a Kris la kòm pi gran richès pase trezò an Égypte yo; paske li t ap gade rekonpans lan.
27Pa lafwa, li te kite Égypte, san krent kòlè a wa a; paske li te kenbe fèm, kòmsi li te wè Sila ki pa vizib la. 28Pa lafwa, li te fè Pak Jwif la, e li te flite san an, pou sila ki te detwi premye ne yo pa t kab touche yo. 29Pa lafwa yo te travèse Lamè Wouj, kòmsi yo t ap pase sou tè sèk. E Ejipsyen yo, lè yo te tante fè l, te vale nèt. 30Pa lafwa miray Jéricho yo te tonbe apre yo te fin fè wonn yo pandan sèt jou.
31Pa lafwa Rahab fanm movèz vi a, pa t peri ansanm avèk sila ki te dezobeyisan yo, apre li te fin resevwa espyon yo an pè.
32Epi kisa mwen kapab di anplis? Paske nanpwen tan pou pale de Gédéon Barak, Samson, Jephthé, David, Samuel, ak pwofèt yo, 33ki pa lafwa, te fè konkèt wayòm yo, te fè zèv ladwati, te resevwa pwomès yo, e te fèmen bouch a lyon yo. 34Yo te etenn pouvwa dife a, chape de lanm nepe a, nan feblès yo te vin fò, vin vanyan nan lagè, e yo te fè lame etranje yo sove ale.
35Fanm yo te resevwa anretou mò yo pa rezirèksyon. Lòt yo te toumante, ni pa t aksepte pou yo ta lage, paske yo te pito resevwa yon pi bon rezirèksyon. 36Epi lòt nan yo te pase pay nan moke ak resevwa kout fwèt; wi, menm chenn ak prizon tou.
37Yo te lapide ak kout wòch, yo te siye an de bout, yo te pwovoke, e te mete a lanmò avèk nepe. Yo te ale toupatou an po mouton ak po kabrit, san mwayen, aflije, maltrete— 38moun ke mond lan pa menm merite yo— Yo te gaye kò yo nan dezè, mòn, nan kavo, ak twou nan tè yo.
39Malgre, tout moun sila yo, ki te vin apwouve selon lafwa yo pa t resevwa sa ki te pwomèt la. 40Paske Bondye te ranje yon pi bon pwovizyon pou nou menm pouke apa de nou menm, yo pa ta kapab vin pafè.

Você sabia?
Exemplos de fé ao longo da história
- Hebreus 11 define a fé como a certeza das coisas que se esperam e a convicção de fatos que não se veem, apresentando um panorama cronológico de personagens desde Gênesis até a era dos profetas.Fontes: o próprio texto bíblico
- O capítulo destaca Abraão, Isaque e Jacó habitando em tendas como forasteiros na terra prometida, retratando a vida nômade deles como sinal de expectativa por uma cidade celestial permanente.Fontes: Abraham · Isaac · Jacob (Israel) · o próprio texto bíblico
- O autor percorre momentos decisivos da história de Israel, incluindo a renúncia de Moisés às riquezas do Egito, a travessia do mar Vermelho e a queda das muralhas de Jericó.Fontes: Egypt · Red Sea · Jericho
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 22, 26, 27
- Jericho · Hoje: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · versículo 30
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org