Hebreus 10
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Paske Lalwa a, akoz ke se sèlman yon lonbraj a bon bagay k ap vini yo, e ki pa vre fòm a bagay sa yo, pa janm kapab, ak menm sakrifis ke yo ofri, tout tan ane apre ane yo fè vin pafè moun ki te rapwoche de li yo. 2Otreman, èske yo pa t ap sispann ofri sakrifis sa yo, akoz de adoratè yo, lè yo te fin netwaye yon fwa, yo pa t ap vin sanse pechè ankò?
3Men nan sakrifis sa yo, gen yon sistèm pou sonje peche yo ane apre ane. 4Paske se enposib pou san towo ak kabrit efase peche.
5Konsa, lè Li vini nan mond lan, Li te di:
“Sakrifis ak ofrann Ou pa t dezire,
men yon kò Ou te prepare pou Mwen.
6Nan tout ofrann ki brile
ak sakrifis pou peche,
Ou pa t pran plezi.
7Answit, Mwen te di:
‘Gade, Mwen gen tan vini
(nan woulo liv la li ekri de Mwen)
“pou fè volonte Ou, o Bondye.’”
8Lè L te fin di tout sa a: “Sakrifis ak ofrann yo, tout ofrann brile ak sakrifis pou peche yo, Ou pa t dezire yo, ni Ou pa t pran plezi nan yo” (sila k ap ofri selon Lalwa yo).
9Answit, Li te di: “Gade, Mwen vini pou fè volonte Ou.”
Li retire premye a pou Li kapab etabli dezyèm nan. 10Pa volonte sila a, nou vin sanktifye pa ofrann a kò Jésus Kris la yon fwa pou tout.
11Chak prèt kanpe chak jou pou fè ministè li e l ofri, tan apre tan, menm sakrifis yo, ki pa janm kapab efase peche yo.
12Men Li menm, ki te ofri yon sèl sakrifis pou peche yo pou tout tan an, Li te vin chita sou men dwat a Bondye, 13pou Li ta tann depi lè sa jis rive pi devan an jiskaske lènmi li yo vin tounen yon ti ban pou pye li. 14Paske pa yon sèl ofrann, Li te vin rann pafè pou tout tan sila ki vin sen yo.
15Epi Lespri Sen an temwaye osi a nou menm. Paske apre Li te di:
16“Sa se akò ke Mwen va fè avèk yo
apre jou sa yo, di Senyè a;
Mwen va mete Lwa Mwen nan kè yo,
e nan panse yo, Mwen va ekri yo.”
Li di answit:
17“Epi peche ak inikite yo,
Mwen p ap sonje yo ankò.”
18Alò, kote gen padon pou bagay sa yo, nanpwen ofrann pou peche ankò.
19Konsa, frè yo, paske nou gen konfyans pou antre nan lye sen an pa san Jésus a 20pa yon chemen tounèf e vivan ke Li te ouvri pou nou atravè vwal la, ki se chè Li, 21epi paske nou vin gen yon Granprèt lakay Bondye a, 22annou rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp. 23Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.
24Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. 25Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.
26Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò, 27men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.
28Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen. 29Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?
30Paske nou konnen Sila ki te di a: “Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: “Senyè a va jije pèp Li a.” 31Se yon bagay ki tèrib pou tonbe nan men Bondye vivan an.
32Men sonje jou nan tan pase yo, lè apre nou te fin eklere, nou te andire yon gwo konfli soufrans 33nan yon jan, nou te devni yon spektak piblik, repwòch ak tribilasyon, men osi nou te pataje soufrans ak sila ki te maltrete konsa yo. 34Paske nou te montre konpasyon pou prizonye yo e te aksepte l avèk jwa lè yo te sezi byen nou yo, nan konnen ke nou te gen yon pi bon posesyon k ap dire nèt.
35Konsa, pa jete konfyans nou an, ki gen yon gran rekonpans. 36Paske nou oblije andire, pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou kab resevwa sa ki te pwomèt a nou an.
37“Paske nan yon tan ki kout,
Sila ki ap vini an, va vini, e li p ap fè reta.
38Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa;
e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li.”
39Men nou pa pami sila ki fè bak pou vin detwi yo, men sila ki gen lafwa pou prezève nanm lan.

Você sabia?
Um sacrifício oferecido uma vez por todas
- A lei é chamada apenas de sombra das boas coisas que hão de vir. Os sacrifícios repetidos ano após ano, e o sangue de bois e bodes, são apresentados como lembrança dos pecados para os adoradores, e não como algo que os tire; em contraste, o sacrifício do corpo de Jesus Cristo é descrito como aquilo que santifica as pessoas de uma vez por todas.Fontes: o próprio texto bíblico
- Cada sacerdote é retratado de pé, dia após dia, para oferecer os mesmos sacrifícios, que jamais podem tirar pecados. Depois de um único sacrifício pelos pecados, diz-se que este Sacerdote sentou-se à direita de Deus, e o capítulo fala de um caminho novo e vivo para o Santo dos Santos, através do véu do seu corpo.Fontes: o próprio texto bíblico
- Rejeitar a lei de Moisés, diz o capítulo, trazia morte sem misericórdia pelo testemunho de duas ou três testemunhas. Em seguida, o texto recorda um tempo anterior em que os leitores suportaram zombaria e perseguição públicas, permaneceram ao lado dos que eram assim tratados, se compadeceram dos que estavam na prisão e aceitaram com alegria a confiscação dos seus bens.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org