Nations Bible

Hebreus 9

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò, menm premye akò a te gen règleman pou adore Bondye ak sanktyè tèrès la. 2Paske te gen yon tabènak ki te fin prepare. Sa ki pa deyò a, nan li te gen chandelye a, tab la, ak pen sakre a. Yo rele l lye sen an.

3Andedan dezyèm vwal la, te gen yon tabènak ke yo te rele Sen dè Sen yo. 4Li gen yon lotèl an lò pou lansan an, ak lach akò a ki kouvri nan tout kote avèk lò. Ladann te gen yon vaz an lò ki gen lamàn nan, ak baton Aaron an ki te boujonnen, ak tablèt akò yo. 5Epi anwo li, se te cheriben laglwa a ki te fè lonbraj sou plas ekspiyasyon an. Men de bagay sa yo, nou pa kab pale an detay koulye a.

6Alò, lè bagay sa yo fin byen prepare konsa, prèt yo ap toujou antre nan tabènak pa deyò a, pou fè adorasyon Bondye, 7men nan dezyèm nan, se sèl wo prèt la ki antre ladann yon fwa pa ane. Men fòk li pote san, ke li ofri pou tèt li a ak pou peche ke pèp la te fè nan inyorans yo.

8Lespri Sen an ap fè nou konnen sa a; ke chemen pou antre nan lye sen an poko fin revele, pandan tabènak deyò a toujou kanpe. 9Tabènak sila a se yon imaj pou tan prezan sila a. Selon sa a ni kado ni sakrifis k ap ofri yo pa kapab fè adoratè a vin pafè nan konsyans li, 10paske yo lye sèlman ak manje, bwason, ak plizyè bagay pou lave, règleman kò ki enpoze jis pou lè tout bagay vin nèf.

11Men lè Kris te parèt tankou wo prèt a bon bagay ki t ap vini yo, li te antre nan tabènak pi gran e pi pafè a, ki pa fèt avèk men; sa vle di, ki pa t sòti nan kreyasyon sila a. 12Li pa te depann sou san kabrit ak jenn ti bèf, men nan pwòp san pa Li. Konsa, Li te antre nan lye sen an yon fwa pou tout, akoz Li te resevwa yon redanmsyon etènèl.

13Paske si san a kabrit, ak towo, ak pousyè sann a yon gazèl voye sou sila ki te konwonpi yo, te sanktifye yo pou netwaye chè a, 14konbyen anplis ke san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?

15Pou rezon sila a, Li se medyatè a yon akò tounèf. Pouke, depi yon mò gen tan fèt pou redanmsyon transgresyon ki te komèt anba premye akò a, sila yo ki te rele a, kapab resevwa pwomès a eritaj etènèl la.

16Paske kote denyè testaman akò mò a ye, fòk gen lanmò a sila ki te fè l la. 17Paske yon denyè testaman akò mò valab sèlman lè moun mouri, paske li pa janm an fòs pandan sila ki te fè l la toujou vivan.

18Konsa, menm premye akò a pa t inogire san san. 19Paske lè tout kòmandman yo te fin pale pa Moïse a tout pèp la selon Lalwa li te pran san a towo ak kabrit avèk dlo, lenn wouj ak izòp, e te aspèje yo ni sou liv la, ak tout pèp la. 20E konsa li te di: “Sa se san akò ke Bondye te kòmande nou an.”

21Menm jan an, li te flite tabènak la ak tout veso pou sèvis yo avèk san an. 22Epi selon Lalwa, se prèske tout bagay ki netwaye avèk san, e san vèsman san, nanpwen padon.

23Konsa, li te nesesè pou kopi a bagay ki nan syèl yo ta vin netwaye avèk san sila a, men bagay selès yo, yo menm, avèk yon pi bon sakrifis ke sa yo.

24Paske Kris pa t antre nan yon lye sen ki te fèt avèk men, yon kopi senp de sa ki vre a, men nan syèl la li menm; konsa, pou l parèt nan prezans a Bondye pou nou. 25Ni se pa t pou Li ta kab ofri tèt Li souvan, kòm wo prèt ki antre nan lye sen an ane aprè ane avèk san ki pa pou li a. 26Otreman, Li t ap bezwen soufri souvan depi fondasyon mond lan; men koulye a pou yon sèl fwa nan fen tan yo, Li te vin parèt pou aboli peche yo pa sakrifis a Li menm nan.

27Epi konsa, jan sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa jijman an vini an, 28konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

O santuário terreno

  • Este capítulo descreve o santuário terreno da primeira aliança como um tabernáculo dividido em duas salas. Segundo o Easton's Bible Dictionary (1897), a sala exterior, o Lugar Santo, tinha vinte côvados de comprimento e dez de altura e de largura. Não havia abertura para a luz do dia, de modo que só o candelabro de ouro a iluminava.Fontes: o próprio texto bíblico · Holy Place
  • Um véu dos materiais mais custosos e das cores mais brilhantes separava o Lugar Santo do Lugar Santíssimo. Os sacerdotes entravam regularmente na primeira sala para cumprir seus deveres, mas só o sumo sacerdote entrava na sala interior, e apenas uma vez por ano, nunca sem sangue, oferecido por si mesmo e pelos pecados que o povo havia cometido por ignorância.Fontes: Holy Place · o próprio texto bíblico
  • Este capítulo coloca o altar de ouro do incenso no Lugar Santíssimo, junto com a arca revestida de ouro, que continha um vaso de ouro com maná, a vara de Arão que floresceu e as tábuas de pedra da aliança. O Easton's Bible Dictionary (1897), por sua vez, situa esse altar no Lugar Santo, com a mesa dos pães da proposição. Arão, cuja vara é mencionada aqui, era o irmão mais velho de Moisés e o filho mais velho de Anrão e Joquebede.Fontes: o próprio texto bíblico · Holy Place · Aaron

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Holy Place · Hoje: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · versículos 2, 8, 12, 25
  • Most Holy Place · Hoje: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · versículos 3, 7

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.