Nations Bible

Ezequiel 9

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Answit, Li te kriye fò pou m tande ak yon gwo vwa e te di: “Vin pi pre, O nou menm ki an chaj vil la, chak moun ak pwòp zam destriksyon li nan men l.” 2Gade byen, sis moun te sòti nan pòtay anlè ki pozisyone vè nò a, chak moun ak pwòp zam masak li nan men l. Pami yo, te gen yon sèten nonm abiye an len, ak yon valiz pou ekri nan senti l. Epi yo te antre ladann e te kanpe akote lotèl an bwonz lan.

3Konsa, laglwa Bondye Israël la te leve monte soti nan cheriben kote l te poze a, pou rive nan papòt tanp lan. Epi Li te rele nonm abiye an len ak yon valiz pou ekri nan senti li an. 4SENYÈ a te di li: “Ale pase nan mitan vil la, menm nan mitan Jérusalem, mete yon mak sou fwon a mesye ki plenn nan gòj e ki fè soupi pou tout abominasyon k ap komèt nan mitan li yo.”

5Men pou lòt yo, Li te di nan zòrèy mwen: “Travèse vil la dèyè li pou frape. Pa kite zye ou fè pitye, ni pa ralanti. 6Konplètman, touye granmoun, jenn gason, jenn fi, timoun yo ak fanm, men pa touche okenn moun ki gen mak la. Kòmanse soti nan sanktyè pa M nan.”

Konsa, yo te kòmanse ak ansyen ki te devan tanp yo.

7Epi Li te di yo: “Souye tanp lan e plen lakou a ak mò yo. Ale deyò!” Konsa, yo te ale deyò pou te frape moun nan vil yo.

8Pandan yo t ap frape moun yo e mwen sèl te rete, mwen te tonbe sou figi mwen, mwen te kriye fò pou te di: “Anmwey, Senyè BONDYE! Èske W ap detwi tout retay Israël la pandan W ap vide gwo kòlè ou sou Jérusalem nan?”

9Li te reponn mwen: “Inikite lakay Israël ak Juda yo vin trè trè gran. Peyi a vin plen ak san, e vil la plen ak pèvèsyon. Paske yo di: ‘SENYÈ a te abandone tout peyi a e SENYÈ a pa wè!’ 10Men pou Mwen, zye M p ap gen pitye ni Mwen p ap ralanti, men Mwen va fè kondwit yo vin rive sou pwòp tèt yo.”

11Epi gade byen, nonm abiye an len, ki te gen valiz ekri nan senti li jan nou te di a, t ap di: “Mwen te fè l jis jan ou te kòmande mwen an.”

Você sabia?

O Julgamento e a Marca de Proteção

  • Na visão de Ezequiel, uma figura vestida de linho carrega um estojo de escriba para marcar a testa das pessoas que lamentam as práticas corruptas em Jerusalém. Essa marca servia como um sinal de proteção, poupando-as da destruição iminente.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Os executores entram pela porta do norte e se reúnem ao lado do altar de bronze no pátio do templo. O julgamento começa no próprio santuário, iniciando com os anciãos posicionados diante do templo.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 4, 8

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.