Ezequiel 10
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Answit, mwen te gade e vwala, nan gran espas ouvri ki te sou tèt a cheriben yo, yon bagay tankou yon wòch safì ki pa aparans, te sanble yon twòn ki te parèt anlè yo. 2Li te pale ak nonm abiye an len an e te di: “Antre nan mitan wou k ap vire vit fè wonn anba cheriben an, plen men nou ak chabon tou limen ki antre cheriben yo e gaye yo toupatou nan vil la.”
Konsa, li te antre pou m te ka wè l. 3Alò, cheriben yo te kanpe bò dwat a tanp lan lè nonm nan te antre ladann nan e nwaj la te plen lakou enteryè a. 4Epi glwa a SENYÈ a te leve monte soti nan cheriben yo, jis rive nan papòt tanp lan. Tanp lan te plen ak nwaj la e lakou a te plen ak ekla a glwa SENYÈ a. 5Anplis, bri a zèl cheriben yo te vin tande jis rive nan lakou eksteyè a, tankou vwa SENYÈ Pwisan an lè L pale.
6Li te vin rive lè Li te kòmande nonm abiye an len an e te di: “Pran dife soti nan mitan wou k ap vire vit fè wonn yo, soti antre cheriben yo”. Epi li te antre e te kanpe akote yon wou. 7Konsa, cheriben an te lonje men l soti antre cheriben kote dife ki te antre cheriben yo, pran ladann pou mete nan men a sila ki te abiye an len an, ki te pran l e te sòti deyò. 8Fòm men a yon moun te parèt isit nan cheriben ki anba zèl yo.
9Alò, mwen te gade e vwala, kat wou akote cheriben yo, yon wou akote chak cheriben. Aparans a wou yo te tankou ekla a pyè krizolit. 10Selon aparans yo, toule kat te sanble menm jan, konsi se te yon wou ki te anndan yon lòt wou. 11Lè yo te deplase yo, yo te ale nan kat direksyon pa yo, san vire pandan yo t ap prale a. Yo te toujou swiv direksyon kote yo te fikse a, san vire pandan yo t ap prale a. 12Tout kò yo, do yo, men yo, zèl yo e wou yo te plen zye toutotou, wou ki t ap sèvi pou toule kat yo. 13Wou yo te rele nan zòrèy mwen, kon wou toubiyon. 14Yo chak te gen kat figi. Premye figi a te figi a yon cheriben, dezyèm figi a te figi a yon nonm, twazyèm figi a te figi yon lyon e katriyèm figi a te figi a yon èg.
15Konsa, cheriben yo te leve monte. Yo se kreyati vivan ke m te wè akote rivyè Kebar a. 16Lè cheriben yo te deplase, wou yo ta ale bò kote yo; anplis, lè cheriben yo te leve zèl yo pou leve atè a, wou yo pa t vire pou kite bò kote yo. 17Lè cheriben yo te kanpe an plas, wou yo ta kanpe an plas. Lè yo te leve, wou yo ta leve avèk yo, paske lespri a kreyati vivan an te nan yo.
18Epi glwa SENYÈ a te kite papòt tanp lan, e te kanpe anwo cheriben yo. 19Lè cheriben yo te pati, yo te leve zèl yo pou te monte leve kite tè a devan zye m avèk wou yo bò kote yo. Konsa, yo te kanpe dyanm nan antre a pòtay lès lakay SENYÈ a; e glwa a Bondye Israël la te tann sou yo.
20Sa yo se kreyati vivan ke m te wè anba Bondye Israël la akote rivyè Kebar a; konsa, mwen te konnen ke se cheriben yo te ye. 21Chak te gen kat figi, chak te gen kat zèl, e anba zèl yo, se te fòm men moun. 22Selon sa figi yo te sanble, yo te gen menm figi yo aparans ke mwen te wè akote rivyè Kebar a. Yo chak te ale tou dwat devan.

Você sabia?
A Glória do Senhor e os Querubins
- Ezequiel identifica explicitamente os seres alados e as rodas complexas nesta visão do templo com as criaturas vivas que ele havia visto anteriormente junto ao rio Quebar, na Babilônia, onde vivia uma comunidade de exilados judeus.Fontes: o próprio texto bíblico · Chebar
- Na visão, um homem vestido de linho recebe brasas acesas de dentro do mecanismo das rodas sob os querubins para espalhar sobre a cidade, enquanto a glória do SENHOR se afasta do limiar do templo e se posiciona sobre os querubins junto à porta oriental.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org