Ezequiel 8
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Li te vin rive nan sizyèm ane, sou senkyèm jou, nan sizyèm mwa a, pandan mwen te chita lakay mwen ak ansyen a Juda yo ki te chita devan m, ke men Senyè BONDYE a te tonbe sou mwen la. 2Answit, mwen te gade e vwala, yon imaj kon aparans a yon nonm—soti nan ren li pou rive anba, te gen aparans dife e soti nan ren li pou monte, aparans yon bagay briyan tankou metal k ap klere. 3Li te lonje yon bagay sanblab ak yon men, e li te kenbe m nan cheve m nan pati dèyè tèt mwen. Konsa, Lespri a te leve m monte rive antre tè a ak syèl la, e li te mennen mwen nan vizyon Bondye yo pou rive Jérusalem nan antre kote nò nan pòtay pa anndan an, kote ki te gen chèz pou zidòl ki rele jalouzi a, ki konn pwovoke jalouzi a. 4Gade byen, glwa Bondye Israël la te la, tankou aparans ke m te wè nan plèn nan.
5Li te di mwen: “Fis a lòm, leve zye ou koulye a vè nò.”
Konsa, mwen te leve zye m vè nò, e gade byen, nan nò a pòtay lotèl, se te zidòl jalouzi a ki te nan antre a.
6Li te di mwen: “Fis a lòm, èske ou wè ki sa y ap fè, gwo abominasyon ke lakay Israël ap fè isit la, pou m ta kite sanktyè Mwen an? Malgre toujou, ou va wè abominasyon ki pi gwo.”
7Li te mennen m nan antre lakou enteryè a, e lè m te gade, vwala, yon twou nan mi an. 8Li te di mwen: “Fis a lòm, fouye yon twou fonse antre nan mi an.” Konsa, mwen te fouye yon twou fonse antre nan mi an e vwala, yon pòt pou antre.
9Li te di mwen: “Antre ladann pou wè abominasyon mechan ke y ap komèt isit la.”
10Konsa, mwen te antre e vwala, tout fòm bagay ki trennen atè, bèt ak bagay abominab, ak tout zidòl lakay Israël yo te grave kon desen sou mi an toutotou li. 11Epi te kanpe devan yo, swasann-dis lansyen a lakay Israël yo, e Jaazania, fis a Schaphan an, te kanpe nan mitan yo, chak moun ak pwòp veso lansan li, e odè nwaj lansan an a t ap leve.
12Epi Li te di mwen: “Fis a lòm, èske ou wè sa ke ansyen lakay Israël yo ap komèt nan fènwa a, chak moun nan chanm a pwòp imaj taye li? Paske men ki sa y ap di: ‘SENYÈ a pa wè nou. SENYÈ a fin abandone peyi a.’” 13Epi Li te di mwen: “Malgre sa, ou va wè abominasyon ki pi gwo ke y ap komèt.”
14Konsa, Li te mennen mwen nan antre a pòtay lakay SENYÈ a ki te vè nò; epi vwala, te gen fanm la ki t ap kriye pou Thammuz. 15Li te di mwen: “Èske ou wè sa, fis a lòm? Malgre sa, ou va wè pi gwo abominasyon ke sa yo.”
16Konsa, Li te mennen mwen antre nan lakou enteryè lakay SENYÈ a. Epi vwala, nan antre tanp SENYÈ a, antre galri ak lotèl la, anviwon venn-senk òm, avèk do yo bay tanp SENYÈ a, e figi yo vè lès. Epi yo t ap pwostène yo nan lès vè solèy la.
17Li te di mwen: “Èske ou wè sa, fis a lòm? Èske se yon bagay twò piti pou lakay Juda ta komèt abominasyon ke yo te komèt isit la? Paske yo te ranpli peyi a ak vyolans e te pwovoke M plizyè fwa? Gade byen, y ap vekse M menm ak ti branch bwa yo poze sou nen yo. 18Akoz sa, anverite, Mwen va aji ak gwo kòlè. Zye m p ap gen pitye, ni Mwen p ap epanye pèsòn. Malgre yo kriye nan zòrèy Mwen ak gwo vwa, malgre sa, Mwen p ap koute yo.”

Você sabia?
Idolatria Revelada no Templo de Jerusalém
- Enquanto estava sentado em sua casa com os anciãos exilados de Judá, Ezequiel teve uma visão na qual foi elevado entre a terra e o céu e transportado diretamente para o templo em Jerusalém.Fontes: o próprio texto bíblico · Jerusalem
- Nas câmaras ocultas do pátio do templo, foram mostrados a Ezequiel setenta anciãos de Israel—incluindo Jazanias, filho de Safã—queimando incenso diante de gravuras na parede de criaturas rastejantes e animais detestáveis.Fontes: o próprio texto bíblico · Jaazaniah · Shaphan
- A visão descreve vários ritos estrangeiros praticados dentro do recinto sagrado, como mulheres lamentando pelo deus Tamuz na porta norte e vinte e cinco homens de costas para o templo curvando-se para o leste em adoração ao sol.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 3
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org