Nations Bible

Ezequiel 7

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2Ou menm, fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a, Lafen! Lafen ap pwoche sou kat kwen peyi a. 3Se koulye a, lafen an sou ou, e Mwen va voye kòlè Mwen kont ou. Mwen va jije ou selon zèv ou. Mwen va mennen tout abominasyon ou yo sou ou. 4Paske zye M p ap gen pitye pou ou, ni Mwen p ap ralanti pou ou, men Mwen va mennen chemen ou yo rive sou ou, abominasyon ou yo va pami ou, e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a!

5“Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Yon gwo dezas! Yon dezas san parèy! Gade byen, l ap vini. 6Lafen an ap vini. Lafen an gen tan rive! Li te leve kont ou. Gade byen, li fin rive! 7Move lè ou a fin rive, O moun peyi a! Lè a rive! Jou toupre a—gwo zen olye kri lajwa a ap kriye sou mòn yo. 8Koulye a, nan yon ti tan, Mwen va vide kòlè Mwen sou ou, e acheve kòlè Mwen kont ou. Konsa, M ap jije ou selon tout chemen ou yo, e mennen sou ou tout abominasyon ou yo. 9Zye m p ap montre okenn pitye, ni Mwen p ap ralanti. Mwen va rekonpanse ou selon chemen ou yo pandan abominasyon ou yo pami nou. Konsa, ou va konnen ke se Mwen, SENYÈ a, ki fè frap la.

10“‘Gade jou a! Gade l byen, l ap vini! Move lè ou a deja parèt. Baton an fin boujonnen. Ògèy la fin fleri. 11Vyolans fin grandi pou vin fè yon baton mechanste. Okenn nan yo p ap rete; okenn nan moun yo, okenn nan richès yo, ni okenn bagay ki gen gwo valè pami yo. 12Lè a fin rive! Jou a prè. Pa kite moun k ap achte a rejwi, ni moun k ap vann nan soufri, paske gwo chalè a kont tout foul moun yo. 13Anverite, moun k ap vann nan p ap retounen nan sa li te vann nan, malgre yo toujou vivan; paske vizyon konsène tout foul moun yo. Yo p ap retounen, ni okenn nan yo p ap ka pwolonje lavi yo nan mitan inikite yo. 14Yo te soufle twonpèt la, e te fè tout bagay vin prè, men pèsòn pa prale nan batay la, paske gwo kòlè Mwen an kont tout foul moun yo.

15“‘Nepe a deyò e epidemi ak gwo grangou a anndan. Sila ki nan chan an va mouri pa nepe. Gwo grangou ak epidemi va, anplis, manje sila anndan vil yo. 16Menm lè sila ki chape yo rive deyò, yo va sou mòn yo tankou toutrèl nan vale yo, yo tout ap kriye, yo chak nan pwòp inikite yo. 17Tout men yo va lage vid e tout jenou yo va vin kon dlo. 18Yo va abiye yo menm ak twal sak e lafyèv frison va boulvèse yo. Lawont va sou tout figi yo, e tout tèt yo va chòv. 19Yo va jete ajan yo nan lari, e lò yo va vin yon bagay repinyans. Lajan ak lò yo p ap kapab delivre yo nan jou gwo chalè SENYÈ a. Yo p ap ka satisfè apeti yo, ni yo p ap kapab plen vant yo, paske se li ki te fè yo chite. 20Yo te transfòme bote a òneman pa Li yo pou vin ògeye yo te fè imaj abominasyon yo ak bagay detestab yo avè l. Konsa, Mwen va fè l vin yon bagay abominab pou yo menm. 21Mwen va bay li nan men etranje yo kon piyaj, nan men mechan sou latè yo kon donmaj, e yo va pwofane li nèt. 22Anplis, Mwen va vire figi Mwen lwen yo, e yo va pwofane plas sekrè Mwen an. Vòlè yo va antre nan li, e yo va pwofane li.

23“‘Fè chèn nan, paske peyi a plen ak krim sanglan, e vil la plen ak vyolans. 24Akoz sa, Mwen va mennen fè vini sila ki pi mal nan tout nasyon yo, e se yo k ap posede lakay yo. Mwen va, anplis, fè ògèy a sila ki pwisan yo sispann. Lye sen yo va vin gate nèt. 25Lè gwo doulè a rive, yo va chache lapè, men p ap genyen menm. 26Gwo dega va rive sou gwo dega, e gwo koze sou gwo koze. Konsa, yo va chache yon vizyon soti nan yon pwofèt, men lalwa va fin pèdi nan men prèt la, e p ap gen konsèy menm nan men ansyen yo. 27Wa a va fè dèy, prens lan va abiye ak dezespwa, e men a pèp peyi a va pran tranble. Selon kondwit yo, Mwen va aji avèk yo, e selon jijman yo, Mwen va jije yo. Konsa, yo va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a.’”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

O fim iminente e a futilidade da riqueza

  • Ezequiel, cujo ministério profético começou por volta de 592 a.C., declara um anúncio urgente de julgamento inevitável que alcançará os quatro cantos da terra de Israel.Fontes: Prophecies of Ezekiel · o próprio texto bíblico
  • A profecia retrata o colapso econômico durante o cerco iminente, destacando que o comércio perderá o sentido para compradores e vendedores, e que o povo lançará sua prata e ouro nas ruas, pois a riqueza não poderá saciar a fome nem garantir a salvação.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O capítulo descreve a desintegração total das lideranças da comunidade, advertindo que a orientação cessará simultaneamente entre profetas, sacerdotes, anciãos e governantes reais.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 23

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.