1 Samuel 23
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, yo te pale David. Yo te di: “Gade byen, Filisten yo ap goumen kont Keïla. Y ap piyaje grenn jaden sou glasi yo.”
2Konsa, David te fè demann a SENYÈ a. Li te mande L: “Èske mwen dwe ale atake Filisten sila yo?”
Epi SENYÈ a te reponn David: “Ale atake Filisten yo pou delivre Keïla.”
3Men mesye David yo te di li: “Gade byen, nou nan perèz menm isit la nan Juda. Konbyen anplis, si nou ale Keïla kont chan Filisten yo?”
4Alò, David te fè demann SENYÈ a yon lòt fwa. Epi SENYÈ a te pale li e te di: “Leve, desann Keïla; paske Mwen va livre Filisten yo nan men ou.”
5Konsa, David avèk mesye pa li yo te ale Keïla pou te goumen avèk Filisten yo. Yo te mennen bèt yo sòti e te frape moun avèk yon gwo masak. Konsa David te delivre pèp a Keïla a.
6Alò, li te vin rive ke lè Abiathar, fis Achimélec la, te sove ale pou rive kote David nan Keïla, li te desann avèk yon efòd nan men l.
7Lè yo te pale a Saül ke David te vini Keïla, Saül te di: “Bondye te delivre li nan men m. Paske li te fèmen li menm andedan lè l te antre nan yon vil avèk pòtay doub ak fè fòje.” 8Konsa, Saül te konvoke tout pèp la pou fè lagè, pou desann Keïla pou fè syèj sou David avèk mesye pa li yo. 9Alò David te konnen ke Saül t ap fè konplo mechanste kont li. Konsa, li te di a Abithar, prèt la: “Mennen efòd la isit la.” 10Epi David te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, Sèvitè ou tande ke se sèten ke Saül ap chache vini Keïla pou detwi vil la akoz mwen menm. 11Èske mesye Keïla yo va livre mwen nan men li? Èske Saül va desann tankou sèvitè ou te tande a? O SENYÈ, Bondye Israël la, mwen priye, pale ak sèvitè ou a.”
Epi SENYÈ a te di: “Li va desann.”
12Konsa, David te di: “Èske mesye Keïla yo va livre mwen avèk mesye pa mwen yo nan men Saül?”
SENYÈ a te reponn: “Yo va livre ou.”
13Alò, David avèk mesye pa li yo, anviwon sis-san moun, te leve sòti Keïla, e yo te ale nenpòt kote ke yo ta kab ale. Lè li te pale a Saül ke David te chape Keïla, li te sispann swiv li. 14David te rete nan dezè a nan fòterès yo e li te rete nan peyi ti mòn dezè Ziph la. Epi Saül te chache li chak jou. Men Bondye pa t livre li nan men li. 15Alò, David te vin konprann ke Saül te parèt deyò pou chache lavi li pandan David te nan dezè Ziph la nan Horès.
16Epi Jonathan, Fis a Saül la, te leve ale kote David nan Horès pou te ankouraje li nan Bondye. 17Konsa, li te di li: “Pa pè, paske men Saül, papa m nan, p ap jwenn ou. Ou va wa sou Israël e mwen va bò kote ou; epi Saül, papa m, konnen sa tou.” 18Konsa, yo de a te fè yon akò devan SENYÈ a. Epi David te rete Horès pandan Jonathan te ale lakay li a.
19Epi Zifyen yo te vin monte kote Saül nan Guibea, e te di: “Èske David pa kache pami nou nan fòterès nan Horès yo, sou mòn a Hakila a, ki sou kote sid a Jeschimon an? 20Alò, koulye a, O wa, desann selon tout volonte nanm ou ta vle fè. Epi poupati pa nou an, nou va livre li nan men a wa a.”
21Saül te di: “Ke ou kapab beni pa SENYÈ a, paske ou te gen kè sansib anvè mwen. 22Ale, koulye a, fè byensi e fè ankèt pou wè kote li mete pye li ak sila ki konn wè li la yo; paske yo di m ke li rize anpil. 23Konsa, gade e aprann tout kote l kache kò l, retounen kote mwen avèk asirans e m ap prale avè w. Epi si li nan peyi a, mwen va chache mete l deyò pami tout milye Juda yo.”
24Epi yo te leve ale Ziph devan Saül. Alò, David avèk mesye pa li yo te nan dezè Maon, nan Araba akote sid a Jeschimon. 25Lè Saül avèk mesye pa li yo te ale chache, yo te fè David konnen. Konsa, li te desann kote wòch la pou te rete nan dezè Maon an. Epi lè Saül te tande sa, li te kouri dèyè David nan dezè Maon an. 26Saül te ale yon bò mòn nan, David avèk mesye pa l sou lòt kote mòn nan. Epi David t ap fè vit pou chape kite Saül, paske Saül avèk mesye pa li yo t ap antoure David avèk mesye pa li yo pou yo ta sezi yo. 27Men yon mesaje te vin kote Saül, e te di: “Fè vit! Vini! Paske Filisten yo te atake peyi a.” 28Konsa, Saül te retounen soti nan kouri dèyè David pou te ale rankontre Filisten yo. Pou sa, yo te vin rele plas sa a Wòch Chape a.
29David te monte soti la a pou te rete nan fòterès En-Guédi yo.

Você sabia?
A fuga e os livramentos de Davi
- Quando Abiatar fugiu do massacre dos sacerdotes em Nobe, ele levou o éfode sacerdotal consigo até Davi. Davi utilizou essa vestimenta sagrada para consultar diretamente o Senhor sobre decisões estratégicas, como a defesa de Queila e a lealdade de seus habitantes.Fontes: o próprio texto bíblico · Abiathar
- Jônatas procurou Davi na região arborizada de Horesa, no deserto de Zife, para fortalecê-lo em Deus e reafirmar a aliança entre eles. Jônatas assegurou a Davi que ele reinaria sobre Israel e que Saul não o alcançaria, marcando o último encontro registrado entre os dois amigos.Fontes: o próprio texto bíblico · Jonathan · Keilah
- Davi percorreu diversos terrenos acidentados no território da tribo de Judá para escapar de Saul, incluindo Queila nas terras baixas e os desertos de Zife e Maom ao sul de Hebrom. Em Maom, Saul e seus soldados quase cercaram Davi em lados opostos de um monte, até que o aviso de uma invasão filisteia forçou Saul a interromper a perseguição.Fontes: o próprio texto bíblico · Keilah · Maon · Ziph
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Wilderness of Ziph · 31.475, 35.135 · versículos 14, 15
- Jeshimon · 31.470, 35.223 · versículos 19, 24
- Arabah · 30.417, 35.151 · versículo 24
- Wilderness of Maon · 31.409, 35.134 · versículos 24, 25
- Engedi · Hoje: Ein Gedi · 31.450, 35.383 · versículo 29
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org