1 Samuel 24
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, lè Saül te retounen kouri dèyè Filisten yo, yo te pale l e te di: “Gade byen, David nan dezè En-Guédi a.” 2Alò, Saül te pran twa mil òm, byen chwazi soti nan tout Israël pou te ale chache David avèk mesye pa li yo devan Wòch a Kabrit Mawon yo. 3Li te rive nan Pak mouton yo nan wout la, kote ki te gen yon kav; epi Saül te antre ladann pou fè poupou. Alò David avèk mesye pa li yo te chita nan pati dèyè kav la. 4Mesye a David yo te di a li menm: “Gade byen, men jou ke SENYÈ a te di ou a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou livre lènmi ou an nan men ou, e ou va fè a li menm sa ki sanble bon pou ou’”. Alò David te leve e san fè bwi, te koupe arebò manto a Saül la. 5Li te vin rive apre ke konsyans David te twouble li, akoz li te koupe arebò a manto Saül la. 6Epi li te di a mesye pa li yo: “Se lwen de mwen ke akoz SENYÈ a, mwen ta fè bagay sa a mèt mwen an, onksyone a SENYÈ a, pou m ta lonje men m kont li; akoz li se yon onksyone pa SENYÈ a.” 7David te konvenk mesye pa l yo avèk pawòl sila yo, li te anpeche yo leve kont Saül. Epi Saül te leve e te kite kav la pou t al fè wout li. 8Alò, apre David te leve ale deyò kav la. Li te rele Saül e te di: “Mèt mwen, Wa a!”
Epi lè Saül te gade dèyè li. David te bese avèk figi li atè e te fè kò l kouche nèt. 9David te di a Saül: “Poukisa ou koute pawòl a moun k ap di: ‘Gade byen, David ap chache fè ou mal!’? 10Gade byen, jou sa a zye ou gen tan wè ke SENYÈ a te livre ou nan men m nan kav la. E kèk moun te di m touye ou, men zye m te gen pitye pou ou. Konsa mwen te di: ‘Mwen p ap lonje men m kont mèt mwen an, paske li se yon onksyone a SENYÈ a.’ 11Koulye a, papa mwen, gade! Anverite, gade arebò a manto ou ki nan men m nan! Paske akoz ke m te koupe arebò manto ou a e ke m pa t touye ou, konnen e byen konprann ke nanpwen mal, ni rebelyon nan men m pou m pa t fè peche kont ou, malgre ke ou ap kache tann pou pran lavi m. 12Ke SENYÈ a kapab jije antre ou menm avèk mwen e ke SENYÈ a ta pran vanjans mwen sou ou; men se pa men m k ap kont ou. 13Tankou pwovèb a ansyen yo di: ‘Nan mechan an, mechanste sòti!’ Men se pa men mwen k ap kont ou. 14Apre kilès wa Israël la vin sòti? Kilès k ap pouswiv ou? Yon chen mouri oubyen yon grenn pis? 15Pou sa, SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen. Epi ke Li wè, Li plede ka m nan, e Li delivre mwen soti nan men ou.”
16Lè David te fin pale pawòl sa yo a Saül, Saül te di: “Èske sa se vwa ou, fis mwen, David?” Epi Saül te leve vwa li e te kriye. 17Li te di a David: “Ou pi jis pase m; paske ou te aji byen avè m, pandan mwen te aji mal avè w. 18Ou te deklare jodi a byen ke ou te fè m! Ke SENYÈ a te livre mwen nan men ou, men ou pa t touye mwen. 19Paske si yon nonm jwenn avèk lènmi li, èske l ap kite li sòti konsa? Pou sa ke Bondye kapab rekonpanse ou pou sa ou te fè m la jodi a. 20Alò, gade byen, mwen konnen asireman, ke ou va devni wa e ke wayòm Israël la va vin etabli nan men ou. 21Pou sa, sèmante a mwen menm pa SENYÈ a pou ou pa retire desandan apre mwen yo e pou ou pa detwi non mwen soti lakay papa m.”
22David te sèmante konsa a Saül, e Saül te ale lakay li. Men David avèk mesye pa li yo te monte nan fò a.

Você sabia?
Davi Poupa Saul em En-Gedi
- En-Gedi, que significa fonte do cabrito, situa-se no deserto de Judá, ao longo da margem ocidental do Mar Morto. Seus penhascos escarpados, conhecidos como os Rochedos das Cabras Selvagens, e suas muitas cavernas serviram de refúgio para Davi e seus homens enquanto fugiam do rei Saul.Fontes: Engedi · o próprio texto bíblico
- Embora Davi tivesse a oportunidade de matar Saul na caverna e tenha sido incentivado por seus homens a fazê-lo, ele se recusou a feri-lo por reconhecer Saul como o ungido do SENHOR. Em vez disso, Davi apenas cortou a ponta do manto de Saul para provar que não tinha intenção de lhe fazer mal.Fontes: o próprio texto bíblico · Saul
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Engedi · Hoje: Ein Gedi · 31.450, 35.383 · versículo 1
- Wildgoats’ Rocks · Hoje: within 4 km of Ein Gedi · 31.450, 35.383 · versículo 2
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org