1 Samuel 22
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Konsa, David te kite la pou te chape rive nan kav Adullam nan. Epi lè frè li yo avèk tout lakay papa li te tande koze sa a, yo te desann bò kote li. 2Tout sila ki te nan pwoblèm yo, tout moun ki te nan gwo dèt, tout moun ki pa t kontan te vin rasanble kote li, e li te devni chèf sou yo. Alò te gen anviwon kat-san òm avèk li. 3Epi David te kite la pou ale Mitspé nan Moab. Li te di a wa Moab la: “Souple, kite papa m avèk manman m vin rete avèk ou jiskaske mwen konnen sa ke Bondye va fè pou mwen an.” 4Epi li te kite yo avèk wa Moab la. Yo te rete avèk li pandan tout tan ke David te nan fò a. 5Pwofèt la, Gad, te di a David: “Pa rete nan fò a. Sòti ale nan peyi Juda.”
Konsa, David te sòti e te ale nan forè a nan Héreth.
6Alò Saül te tande ke David avèk mesye ki te avèk li yo te vin dekouvri. Konsa, Saül te chita nan Guibea anba pye tamaren an sou ti mòn lan avèk frenn li nan men l e tout sèvitè li yo te kanpe antoure li. 7Saül te di a sèvitè ki te kanpe antoure li yo: “Tande koulye a, O Benjamit yo! Èske fis a Jesse a, osi bannou tout chan kiltive avèk chan rezen? Èske li va fè nou tout kòmandan a dè milye e kòmandan a dè santèn? 8Paske nou tout te fè konplo kont mwen jiskaske pèsòn pa t fè m konnen lè fis mwen an te fè yon akò avèk fis a Jesse a. Nanpwen nan nou ki gen regrè pou mwen, ni ki di mwen ke fis mwen an te fòse sèvitè pa m yo kont mwen pou kouche an anbiskad, jan li ye la jodi a.”
9Alò, Doëg, Edomit lan, ki te kanpe akote sèvitè Saül yo te di: “Mwen te wè fis a Jesse a lè l t ap vini Nob, kote Achimélec, fis a Achithub la. 10Li te konsilte SENYÈ a pou li, li te ba li pwovizyon e li te bay li nepe Goliath la, Filisten an.”
11Alò, wa a te voye yon moun pou livre yon lòd prezans obligatwa pou Achimélec, prèt la, fis Achithub la, avèk tout lakay papa li, prèt ki te nan Nob yo. Epi tout te vin parèt devan wa a. 12Saül te di: “Koute koulye a, fis a Achithub la.”
Epi li te reponn: “Men mwen isit la, mèt mwen.”
13Alò, Saül te di li: “Poukisa ou menm avèk fis a Jesse a te fè konplo kont mwen nan afè ba li pen, avèk yon nepe e konsilte avèk Bondye pou li, pou li kapab leve kont mwen e kache fè anbiskad, jan sa ye la jodi a?”
14Alò, Achimélec te reponn wa a e te di: “Epi se kilès pami sèvitè ou yo ki fidèl tankou David, bofis menm a wa a, ki se kapitèn gad ou e onore lakay ou? 15Èske se jodi a ke m fenk kòmanse konsilte Bondye pou li? Lwen de mwen, sa! Pa kite wa a fè okenn move panse sou sèvitè li a, ni okenn moun lakay papa m; paske sèvitè ou a pa konnen anyen nan afè sila a.”
16Men wa a te di: “Anverite, ou va mouri, Achimélec; ou menm avèk tout lakay papa ou!” 17Epi wa a te di a gad ki te okipe li yo: “Vire mete prèt SENYÈ a a lanmò, akoz men yo avèk David e akoz yo te konnen ke li te sove ale e yo pa t revele sa a mwen menm.” Men sèvitè a wa yo pa t vle lonje men yo pou atake prèt SENYÈ yo.
18Alò, wa a te di a Doëg: “Ou menm vire atake prèt yo.”
Epi Doëg, Edomit lan, te vire atake prèt yo e te touye katre-ven-senk òm ki te abiye ak efòd len an. 19Epi li te frape Nob, vil prèt yo avèk lam nepe, ni gason, ni fanm, ni timoun ni bebe, ansanm avèk bèf, bourik ak mouton avèk lam nepe. 20Men youn nan fis Achimélec yo ki te rele Abiathar te chape sove ale pou twouve David. 21Abiathar te di David ke Saül te touye prèt SENYÈ yo.
22Alò, David te di a Abiathar: “Mwen te konnen nan jou sa a, lè Doëg, Edomit lan, te la, ke li t ap byensi pale ak Saül. Mwen te fè rive lanmò a chak moun lakay papa ou yo. 23Rete avèk mwen. Pa pè. Moun ki vle touye ou a ap eseye touye mwen tou. Ou va ansekirite avèk mwen.”

Você sabia?
Davi em Adulão e o massacre em Nobe
- Quando Davi se refugiou na caverna de Adulão, juntaram-se a ele sua família e cerca de quatrocentos homens endividados, aflitos ou descontentes. Davi colocou temporariamente seus pais sob a proteção do rei de Moabe em Mispá, antes de o profeta Gade instruí-lo a retornar à terra de Judá.Fontes: o próprio texto bíblico · Adullam · Jesse · Gad
- Nobe era uma cidade sacerdotal próxima a Jerusalém onde o tabernáculo ficava durante o reinado de Saul. Ao descobrir que o sumo sacerdote Aimeleque havia dado provisões e a espada de Golias a Davi, os guardas de Saul se recusaram a ferir os sacerdotes, mas Doegue, o edomita, matou oitenta e cinco sacerdotes e destruiu a cidade.Fontes: o próprio texto bíblico · Nob · Ahimelech · Doeg
- Abiatar, filho de Aimeleque e descendente de Eli, foi o único sacerdote que escapou do massacre em Nobe. Ele fugiu para junto de Davi levando o éfode sacerdotal, permanecendo ao lado dele durante o exílio e tornando-se mais tarde sumo sacerdote no reinado de Davi.Fontes: o próprio texto bíblico · Abiathar · Ahitub
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Moab · Hoje: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículos 3, 4
- Ramah · Hoje: within 1 km of Tel el Ful · 31.823, 35.231 · versículo 6
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org