1 Samuel 21
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, David te rive Nob, vè Achimélec, prèt la. Achimélec te parèt tou tranble lè l te rankontre David, e li te mande li: “Poukisa se ou sèl e pa gen moun avèk ou?” 2David te di a Achimélec, prèt la: “Wa a te ban m yon komisyon konsènan yon afè e li te di mwen: ‘Pa kite pèsòn konnen anyen sou afè ke m ap voye ou a. Se sou sila mwen ap pase ba ou lòd la; mwen te dirije mesye yo a yon sèten plas.’ 3Konsa, kisa ou gen nan men ou? Ban m senk mòso pen oswa nenpòt sa ou kab twouve.”
4Prèt la te reponn David, e te di: “Nanpwen pen òdinè, men gen pen konsakre; si sèlman mesye yo te kenbe tèt yo lwen fanm.”
5David te reponn prèt la e te di li: “Asireman, fanm yo te kenbe lwen de nou kòm dabitid lè m konn pati. Kò a mesye yo te sen, malgre li te yon vwayaj òdinè. Konbyen anplis jodi a kò yo va sen?” 6Konsa, prèt la te ba li pen konsakre a, paske pa t gen pen la sof ke pen Prezans ki te retire soti devan SENYÈ a, pou l ta kab ranplase li avèk pen cho menm lè ke li te retire.
7Alò, youn nan sèvitè a Saül yo te la nan jou sa a, fèmen devan SENYÈ a. Non li se te Doëg, Edomit la, chèf a bèje Saül yo.
8David te di a Achimélec: “Alò, èske pa gen yon frenn oswa yon nepe ki disponib? Paske mwen pa t mennen ni nepe mwen, ni zam mwen avè m, akoz afè wa a te tèlman ijan.”
9Alò, prèt la te di: “Nepe Goliath la, Filisten an, ke ou te touye nan vale Ela a. Gade byen, li vlope nan yon twal dèyè efòd la. Si ou vle li, pran l. Paske nanpwen lòt sof ke li menm isit la.”
Epi David te di: “Nanpwen lòt tankou li. Ban mwen li.”
10Alò, David te leve e te sove ale kite Saül nan jou sa a pou te ale vè Akisch, wa a Gath la. 11Men sèvitè a Akisch yo te di li: “Èske sa se pa David, wa a peyi a? Èske yo pa t konn chante a sila a pandan yo t ap danse, e t ap di:
‘Saül te touye dè milye pa li e
David dè di-milye pa li?’”
12David te swiv pawòl sa yo nan kè l e te pè Akisch, wa Gath la anpil. 13Konsa, li te kache bon tèt li devan yo e te aji tankou moun fou pandan li te nan men yo. Li te ekri pa aza yon bann mak sou pòtay avèk pòt yo e te kite krache desann sou bab li. 14Akisch te di a sèvitè li yo: “Gade byen, ou wè mesye a ap aji tankou yon moun fou. Poukisa ou mennen li kote mwen? 15Èske mwen manke moun fou, pou ou te mennen sila a pou aji tankou moun fou nan prezans mwen? Èske sila a va antre lakay mwen?”

Você sabia?
A fuga de Davi para Nobe e Gate
- Nobe era uma cidade sacerdotal perto de Jerusalém onde o tabernáculo estava instalado durante o reinado de Saul. A espada de Golias, a quem Davi havia vencido no vale de Elá, ficava guardada ali, envolvida em um pano atrás do éfode, como um troféu sagrado.Fontes: o próprio texto bíblico · Nob · Goliath
- Ao receber os pães sagrados e a espada de Aimeleque em Nobe, Davi foi observado por Doegue, o edomita, chefe dos pastores do rei Saul, que estava detido perante o Senhor.Fontes: o próprio texto bíblico · Doeg
- Davi buscou refúgio em Gate, uma das cinco cidades reais dos filisteus e terra natal de Golias. Quando os servos do rei Aquis o reconheceram pelos cânticos que celebravam suas vitórias militares, Davi protegeu-se fingindo loucura junto aos portões da cidade.Fontes: o próprio texto bíblico · Achish · Gath
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Valley of Elah · 31.675, 34.998 · versículo 9
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org