Salmos 55
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1(055:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman mizik akòd pou yo jwe mizik la. Se yon chante David. (055:2) Bondye, panche zòrèy ou bò kote m'! Koute m' non lè m'ap lapriyè! Piga ou vire do ban mwen lè m'ap rele nan pye ou! 2(055:3) Pran ka mwen, koute m', reponn mwen non! Kè m' sere, m'ap plenn! 3(055:4) Mwen boulvèse lè m' tande lènmi m' yo ap pale, lè m' tande mechan yo ap pale byen fò. Yo fè malè tonbe sou mwen. Yo move sou mwen, y'ap pèsekite m'. 4(055:5) Mwen santi kè m' kase. Sezisman pran m' lè m' wè mwen fin mouri. 5(055:6) Tout kò m' ap tranble tèlman mwen sezi. 6(055:7) Mwen di konsa: -Pa pito m' te gen zèl tankou yon toutrèl! Mwen ta vole ale. Mwen ta jwenn kote pou m' pran repo. 7(055:8) Mwen ta kouri pati ale byen lwen. Mwen t'aval rete pou kont mwen nan dezè a. 8(055:9) Mwen ta prese jwenn yon kote pou m' kache pou gwo van an, pou gwo lapli a pa fè m' anyen. 9(055:10) Seyè, mele yo. Fè yonn pa konprann sa lòt ap di. Paske, sa m' wè nan lavil la se chen manje chen, yonn ap goumen ak lòt. 10(055:11) Lajounen kou lannwit se sa ase ou tande nan lavil la. Anndan lavil la menm, se mechanste, se malfezans. 11(055:12) Kote ou pase se moun k'ap kraze brize. Nan tout lari se fè moun lenjistis, se twonpe moun. 12(055:13) Si se te yon moun ki rayi m' ki t'ap pale m' mal, mwen ta reziyen m'. Si se te yon moun ki pa vle wè m' ki te leve dèyè mwen, mwen ta kache kò m' pou l' pa jwenn mwen. 13(055:14) Men, se ou menm, kanmarad mwen, yon bon zanmi m' ki te konn tout ti zafè m'. 14(055:15) Nou te konn fè ti koze nou ansanm. Nou te konn al lakay Bondye a ansanm ak foul moun yo. 15(055:16) Se pou yo rete konsa, yo tonbe yo mouri. Se pou yo desann tou vivan kote mò yo ye a, paske mechanste a kaye lakay yo, li nan fon kè yo. 16(055:17) Men, mwen rele Seyè a, Bondye mwen; l'a delivre mwen. 17(055:18) Maten, midi, aswè, m'ap plenyen, m'ap plenn. L'a tande vwa mwen. 18(055:19) L'a fè m' viv ak kè poze, l'a delivre m' nan batay m'ap mennen ak moun ki leve dèyè m' yo. Yo te mèt anpil. 19(055:20) Bondye k'ap gouvènen depi tout tan an va koute m', l'a kraze lògèy yo. Paske, yo p'ap janm chanje, yo pa gen krentif pou Bondye. 20(055:21) Moun ki leve men sou zanmi yo se moun ki trèt. 21(055:22) Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa. 22(055:23) Renmèt sò ou nan men Seyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe. 23(055:24) Men ou menm, Bondye, w'ap fè bann ansasen sa yo ak bann vòlè sa yo desann anba tè. Yo p'ap wè mwatye nan lavi yo. Men, mwen menm, se nan ou m'ap mete tout konfyans mwen.

Você sabia?
Traição, Conflito na Cidade e Refúgio em Deus
- O salmo destaca a dor singular da traição vinda de um companheiro íntimo em vez de um inimigo declarado. O autor descreve o traidor como um amigo achegado com quem compartilhava doce comunhão e caminhava entre a multidão até a casa de Deus.Fontes: o próprio texto bíblico
- Diante do engano, da opressão e da violência que tomavam conta da cidade, o salmista expressa o desejo de ter asas como uma pomba para fugir para longe e encontrar abrigo no deserto.Fontes: o próprio texto bíblico
- A passagem reflete um padrão dedicado de oração diária em meio à aflição, com o autor declarando que clama a Deus de manhã, ao meio-dia e à noite.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org