Salmos 54
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1(054:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante David (054:2) te ekri lè moun peyi Zif yo te al di Sayil men David kache lakay yo. (054:3) Bondye, delivre m' non avèk pouvwa ou! Fè m' jistis avèk fòs kouraj ou! 2(054:4) Bondye, koute m' non lè m'ap lapriyè! Panche zòrèy ou pou tande pawòl k'ap soti nan bouch mwen! 3(054:5) Paske gen yon seri moun awogan ki leve dèyè m', yon bann mechan ki soti pou touye m'! Yo pa menm chonje si gen Bondye! 4(054:6) Men, Bondye ap vin ede m'. Seyè a ap pran defans mwen. 5(054:7) L'ap fè mechanste moun ki pa vle wè m' yo tonbe sou tèt yo; l'ap fini nèt ak yo paske l'ap toujou kenbe pawòl li. 6(054:8) Seyè, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou ak kè kontan, m'a fè lwanj ou, paske ou bon pou mwen. 7(054:9) Ou delivre m' anba tray mwen te ye a; ou fè m' wè lènmi m' yo pèdi batay la.

Você sabia?
Uma oração em tempos de traição
- O título associa este salmo ao período em que Davi estava escondido, quando os habitantes de Zife revelaram seu paradeiro ao rei Saul. Diante de perseguidores cruéis que não temiam a Deus, o salmista recorre diretamente ao Senhor em busca de proteção e justiça.Fontes: o próprio texto bíblico
- O salmo transita de um clamor urgente por livramento para um louvor confiante. O texto conclui com a promessa de oferecer sacrifícios voluntários e render graças, expressando a certeza de que Deus sustenta a vida e livra da angústia.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org