Salmos 56
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1(056:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pijon ki sou pye terebent byen lwen yo. Se yon chante David te ekri lè moun Filisti yo te mete men sou li nan lavil Gat. (056:2) Bondye papa mwen! Gen pitye pou mwen, paske mwen gen anpil moun k'ap pousib mwen. Tout lajounen y'ap fè m' lagè, y'ap toumante mwen. 2(056:3) Tout lajounen lènmi m' yo ap pousib mwen. Se pa ti anpil yo anpil, moun k'ap fè m' lagè yo. 3(056:4) Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. 4(056:5) Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m'? 5(056:6) Tout lajounen y'ap manke m' dega. Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal! 6(056:7) Yo mete tèt yo ansanm, yo kache kò yo, y'ap veye tout vire tounen mwen. Y'ap tann okazyon konsa pou yo touye m'. 7(056:8) Pa gen sove pou yo, paske yo fè twòp. Lè ou an kòlè, Bondye, fè pèp yo vin ba devan ou. 8(056:9) Ou konnen tout kouri kache mwen yo. Ou konnen jan dlo koule nan je m'. Eske tout sa pa ekri nan liv ou a? 9(056:10) Se poutèt sa lènmi m' yo gen pou kouri ale lè m' rele ou. Mwen konnen Bondye pou mwen. 10(056:11) M'ap fè lwanj pawòl Bondye. Wi, m'ap fè lwanj pawòl Seyè a. 11(056:12) Mwen gen konfyans nan Bondye, mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè mwen? 12(056:13) O Bondye, m'ap ofri ou sa mwen te pwomèt ou yo, m'ap ofri bèt pou yo touye pou ou pou m' di ou mèsi. 13(056:14) Paske ou pa kite m' mouri, ou pa kite m' bite, pou m' kapab mache devan ou nan mitan bèl limyè k'ap klere moun k'ap viv pou ou yo.

Você sabia?
Confiança em Deus em Território Inimigo
- O cabeçalho associa este salmo ao momento em que os filisteus prenderam Davi em Gate. Gate era uma das cinco cidades reais dos filisteus e a terra natal de Golias, o que tornava a fuga de Davi do rei Saul para lá extremamente perigosa.Fontes: o próprio texto bíblico · Gath
- O salmista recorre a metáforas vívidas ao pedir que Deus guarde suas lágrimas em um odre e registre suas peregrinações em um livro, expressando a certeza do cuidado divino em meio à aflição.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org