Nations Bible

Salmos 102

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1(0102:1) Lapriyè yon moun ki anba tray. Li pa kapab sipòte ankò. L'ap rakonte Bondye ka li. (0102:2) Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè, se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou. 2(0102:3) Pa vire do ban mwen lè mwen nan traka. Panche zòrèy ou bò kote m'. Prese vin reponn mwen lè m'ap rele ou. 3(0102:4) Lavi m' ap disparèt tankou lafimen. Mwen gen yon lafyèb nan zo. 4(0102:5) Mwen anba gwo kou. Mwen tankou zèb koupe k'ap cheche. Mwen sitèlman boulvèse, mwen pa menm chonje manje. 5(0102:6) Mwen tounen zo ak po tèlman m'ap plenn. 6(0102:7) Mwen sanble yon tako savann, mwen tankou frize ki rete nan vye kay kraze. 7(0102:8) Mwen pa ka dòmi, mwen tankou yon zwezo ki pou kont li sou yon do kay. 8(0102:9) Tout lajounen lènmi m' yo ap joure m'. Moun k'ap pase m' nan rizib yo pran non m' sèvi jouman. 9(0102:10) Se sann dife ki tout manje m'. Dlo nan je m' fè yon sèl ak dlo m'ap bwè. 10(0102:11) Ou sitèlman ankòlè, ou sitèlman fache, ou pran m', ou voye m' jete byen lwen. 11(0102:12) Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. M'ap cheche tankou zèb. 12(0102:13) Men ou menm, Seyè, w'ap gouvènen pou tout tan. Pitit an pitit y'ap chonje non ou! 13(0102:14) W'a leve, w'a gen pitye pou lavil Siyon an, paske li lè pou ou gen pitye pou li. Jou a rive. 14(0102:15) Moun k'ap sèvi ou yo renmen lavil Siyon an. Kè yo fè yo mal pou yo wè jan l'ap fini. 15(0102:16) Lè sa a, moun lòt nasyon yo va gen krentif pou Seyè a, tout wa ki sou latè va pè bèl pouvwa li. 16(0102:17) Seyè a va rebati lavil Siyon, l'a fè wè jan li gen pouvwa. 17(0102:18) L'a pran ka moun ki san sekou yo lè y'a lapriyè, wi, li p'ap meprize lapriyè yo. 18(0102:19) Se pou yo ekri sa pou timoun k'ap vini yo ka konnen l', pou timoun ki poko fèt yo ka fè lwanj li. 19(0102:20) Seyè a rete anwo nan kay ki apa pou li a, li gade anba, li rete anwo nan syèl la, l'ap gade sou latè, 20(0102:21) pou l' tande jan prizonye yo ap plenn, pou l' delivre moun yo kondannen amò yo. 21(0102:22) Konsa, moun va nonmen non Seyè a nan tout lavil Siyon an. Y'a fè lwanj li nan lavil Jerizalèm, 22(0102:23) lè tout nasyon yo ak tout gouvènman ki sou latè yo va sanble pou sèvi Seyè a. 23(0102:24) Mwen te jenn gason toujou lè Seyè a kraze kouraj mwen: li koupe sou lavi m'. 24(0102:25) Mwen di: Bondye mwen, ou menm k'ap viv pou tout tan, pa pran m' koulye a. Mwen jenn gason toujou. 25(0102:26) Se ou menm, Seyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la. 26(0102:27) Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote. 27(0102:28) Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri. 28(0102:29) Pitit sèvitè ou yo va rete nan peyi a san danje. Pitit pitit yo va toujou viv devan je ou.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A Oração do Aflito e a Esperança de Sião

  • O Salmo 102 inicia com um título único que o descreve como a oração de um aflito que derrama o seu lamento perante o SENHOR. Embora o salmista retrate um profundo sofrimento pessoal e angústia solitária, a súplica se expande em uma esperança comunitária de que Deus tenha compaixão de Sião e reconstrua Jerusalém.Fontes: o próprio texto bíblico · Zion · Jerusalem
  • O salmo declara explicitamente que o relato de Deus libertando os necessitados e prisioneiros deve ser escrito para uma geração futura. Para contrastar a permanência divina com a transitoriedade humana, o autor compara os céus e a terra a roupas que se desgastam e são trocadas, enquanto Deus permanece eterno.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 13, 16, 21
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 21

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.