Salmos 103
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Se yon sòm David. Kite m' di Seyè a mèsi! Kite m' di Seyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen! 2Wi, kite m' di Seyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen. 3Li padonnen tout peche m' yo, li geri tout maladi m' yo. 4Li wete m' nan bouch twou a. Li beni m', li fè m' wè jan li renmen m', jan li gen pitye pou mwen. 5Li kouvri m' ak benediksyon pandan tout lavi m', li fè m' rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini. 6Seyè a pa nan patipri. Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis. 7Li fè Moyiz konnen sa l' te gen nan tèt li, li fè pitit Izrayèl yo wè mèvèy li yo. 8Seyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. 9Li p'ap pase tout tan l' ap pini nou, li pa ankòlè pou lontan. 10Li pa aji ak nou jan nou ta merite l' la, li pa pini nou jan l' ta dwe pini nou. 11Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Seyè a renmen moun ki gen krentif pou li. 12Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou. 13Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Seyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li. 14Li konnen ak kisa nou fèt, li chonje se pousyè tè nou ye. 15Lèzòm menm, lavi yo tankou zèb. Yo grandi, yo fleri tankou flè savann. 16Kou van soufle sou yo, yo disparèt. Pesonn pa rekonèt kote yo te ye a. 17Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo, 18pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo. 19Seyè a mete fotèy li anwo nan syèl la, l'ap gouvènen tout bagay. 20Nou menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs, nou menm k'ap fè tou sa li mande nou fè, nou menm k'ap koute sa l'ap di nou, fè lwanj Seyè a! 21Nou tout ki fè pati lame ki nan syèl la, nou tout k'ap sèvi l', k'ap fè volonte li, di Seyè a mèsi! 22Nou tout kreyati Bondye, nou tout ki toupatou kote l'ap gouvènen, di Seyè a mèsi! Wi, kite m' di Seyè a mèsi!

Você sabia?
Louvor pela compaixão e misericórdia de Deus
- O salmo recorda como Deus deu a conhecer os Seus caminhos a Moisés e os Seus feitos ao povo de Israel, celebrando o SENHOR como compassivo, clemente, tardio em irar-se e abundante em amor fiel.Fontes: o próprio texto bíblico
- Para destacar a misericórdia duradoura de Deus, o salmo utiliza imagens da fragilidade humana, observando que os mortais são formados do pó e têm vidas passageiras, semelhantes à relva e às flores do campo que desaparecem quando o vento sopra sobre elas.Fontes: o próprio texto bíblico
- A composição estrutura o seu louvor em círculos crescentes, começando com uma ordem íntima para que a própria alma bendiga ao SENHOR antes de se expandir para convocar anjos poderosos, exércitos celestiais e toda a criação sob o domínio divino.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org