Nations Bible

Salmos 101

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Se yon sòm David. M'ap chante pou yon moun ki gen bon kè. M'ap chante pou yon moun ki pa nan patipri. Se pou ou m'ap chante, Seyè! 2M'ap mennen yon lavi san repwòch. Kilè w'a vin jwenn mwen? 3M'ap mennen yon lavi san repwòch anndan lakay mwen. Mwen p'ap mete okenn move lide nan tèt mwen. Mwen rayi sa moun ki vire do bay Bondye yo ap fè. Bagay konsa pa ka pran tèt mwen. 4Mwen pa tolere moun ki gen move kè bò kote m'. Mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ki mechan. 5M'ap disparèt tout moun k'ap pale zanmi yo mal an kachèt. Mwen p'ap tolere moun k'ap fè grandizè, moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sou moun. 6M'ap pran swen moun nan peyi a ki kenbe Bondye fèm. M'ap kite yo rete bò kote m'. Moun k'ap mache dwat yo, se yo m'ap pran pou sèvi lakay mwen. 7Mwen p'ap kite moun k'ap twonpe moun rete lakay mwen. Moun k'ap bay manti p'ap rete kanpe devan mwen. 8Chak maten m'ap fini avèk tout mechan ki nan peyi a. Konsa, m'ap mete tout moun k'ap fè sa ki mal yo deyò nan lavil Seyè a.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Votos de um líder íntegro

  • O salmo é tradicionalmente atribuído a Davi como uma declaração de ética pessoal e padrões de liderança. O autor promete manter a integridade primeiro em sua própria casa e corte antes de aplicar a justiça por toda a terra.Fontes: o próprio texto bíblico
  • A menção de eliminar os ímpios a cada manhã reflete o costume antigo de realizar julgamentos no início do dia, assegurando que a corrupção e a difamação fossem confrontadas regularmente na cidade do Senhor.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.