Oseias 8
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Kònen klewon an! Malè ap fonn sou peyi Bondye a tankou malfini, paske moun yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Yo vire kont sa mwen te moutre yo a. 2Ou mèt tande yo di m': Ou se Bondye nou. Nou menm, moun Izrayèl, nou konnen ki moun ou ye! 3yo pa vle wè sa ki bon. Se poutèt sa lènmi gen pou leve dèyè yo. 4Yo rete yo chwazi wa mete alatèt yo, san mande m' si mwen dakò. Yo mete moun chèf san m' pa janm konnen. Yo pran lò ak ajan yo genyen, yo fè zidòl. Se sa k'ap fini ak yo a. 5Mwen pa ka sipòte estati towo bèf moun Samari yo ap adore a. Se konsa mwen fè kòlè, mwen fache anpil sou yo. Kilè y'a sispann sèvi zidòl? 6Se yon atizan peyi Izrayèl ki te fè zidòl la. Zidòl sa a, se pa ka yon bondye li ye. Estati towo bèf moun Samari yo, m'ap kraze l' an miyèt moso. 7Depi pèp la simen van, se move tan pou yo rekòlte. Yo tankou yon jaden ble ki pa jete grap, ki p'ap bay farin. Menm si li bay farin, se moun lòt nasyon k'ap vin manje tout. 8Pèp Izrayèl la fini nèt. Nan je lòt nasyon yo, li tankou yon vye kannari kraze ki pa vo anyen. 9Tankou yon bourik endont, moun Efrayim yo ap fè sa yo pito. Yo moute peyi Lasiri al mande konkou. Tankou fanm k'ap achte gason, yo bay lòt nasyon lajan pou pwoteje yo. 10Atout yo bay lòt nasyon yo kado, koulye a mwen pral mete yo tout nan menm sak pou m' pini yo. Talè konsa, yo pral nan lapenn lè wa Lasiri a va pran peze yo tout. 11Atout moun Efrayim yo bati lotèl toupatou pou wete peche, se menm lotèl sa yo ki fè yo tonbe pi rèd nan peche. 12Atout m' ekri pou yo anpil regleman sou lalwa mwen ba yo a, yo pran regleman yo pou bagay ki pa pou yo. 13Yo renmen fè ofrann bèt. Yo touye bèt yo ofri yo epi yo manje vyann lan. Men, mwen menm, Seyè a, se pa sa ki fè m' plezi. Koulye a mwen chonje tout peche yo fè, m'ap pini yo pou sa. M'ap fè yo tounen nan peyi Lejip. 14Moun Izrayèl yo bliye moun ki te fè yo a. Y'ap bati gwo palè. Moun Jida yo menm ap bati gwo lavil ak miray ranpa pou pwoteje yo. Men mwen menm, m'ap voye dife nan lavil yo. Dife a ap boule tout palè yo ak tout gwo kay yo.
Você sabia?
Semeando o Vento e o Bezerro de Samaria
- O bezerro de Samaria refere-se ao ídolo adorado no reino do norte de Israel, cuja capital, Samaria, ficava sobre uma colina oblonga a noroeste de Siquém. Oseias enfatiza que o ídolo não passa de obra de um artesão humano e será despedaçado.Fontes: o próprio texto bíblico · Samaria
- A expressão semear o vento e colher o redemoinho ilustra como a dependência de Israel em reis ilegítimos, ídolos e alianças estrangeiras traria consequências devastadoras em vez da segurança que buscavam.Fontes: o próprio texto bíblico
- Oseias condena o reino do norte por buscar apoio político em impérios poderosos como a Assíria e o Egito em vez de confiar no seu Criador, advertindo que isso levaria à opressão e ao cativeiro entre as nações.Fontes: o próprio texto bíblico · Assyria · Egypt
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Samaria · 32.276, 35.195 · versículos 5, 6
- Assyria · 36.359, 43.153 · versículo 9
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 13
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org