Nations Bible

Oseias 9

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Nou menm pèp Izrayèl, pa fè kè nou kontan! Sispann fè fèt tankou moun lòt nasyon yo. Nou vire do bay Bondye nou an, nou pa kenbe pawòl nou te gen avè l' la. Tankou fanm ki nan dezòd, nou kouche kote nou jwenn glasi pou ti grenn yo fè nou kado. 2Men, talè konsa, nou p'ap gen kont farin, ni kont lwil pou nou sèvi. Kanta pou diven, nou p'ap jwenn sa menm. 3Pèp Izrayèl la p'ap rete nan peyi Seyè a. Moun Efrayim yo ap tounen peyi Lejip ankò. Yo pral manje nan peyi Lasiri manje yo pa te gen dwa manje. 4Lè sa a, yo p'ap ka ofri diven bay Seyè a, ni yo p'ap ka fè okenn ofrann bèt ki pou ta fè l' plezi. Tout manje yo ap tankou manje yo bay nan veye. Tout moun ki manje manje sa yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Manje a va sèvi pou plen vant yo ase. Yo p'ap ka pran ladan l' pou ofri bay Seyè a nan tanp li a. 5Kisa y'a fè menm lè gwo jou a, lè jou pou yo fè fèt pou Seyè a va rive? 6Men malè tonbe sou yo, yo leve, yo pati. Moun peyi Lejip yo ap ranmase yo, y'ap antere yo nan lavil Menmfis. Raje pral pouse tout kote yo te konn mete richès yo. Pikan pral anvayi tout kote yo te moute kay yo. 7Jou pou yo pini nou an rive. Wi, lè pou yo ban nou sa nou merite a pral rive. Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo va konprann sa k'ap rive yo a. Y'ap plede di: Pwofèt sa a pèdi tèt li. Nonm ki gen lespri Bondye moute l' la pa konn sa l'ap di. Men se paske yo fè gwo peche, se paske yo vire do bay Bondye kifè sa rive yo. 8Bondye voye m' tankou yon pwofèt pou m' avèti moun Izrayèl yo, pèp li a. Men tout kote m' pase, yo pare pèlen pou yo pran m' tankou yon zwazo. Menm nan pwòp kay Bondye a, yo pa vle wè m'. 9Yo lage kò yo nèt nan fè sa ki mal, tankou yo te fè l' lavi Gibeya. Bondye va chonje jan yo mechan, l'a pini yo pou tout peche yo fè. 10Seyè a di: Lè m' te fèk jwenn pèp Izrayèl la, se te tankou si m' te jwenn yon grap rezen nan mitan yon dezè. Lè m' te fèk wè zansèt nou yo, se te tankou si m' te wè premye fig frans ki mi nan rekòt fig la. Men, lè yo rive Baal-Peyò yo lage kò yo nan sèvi Baal. Yo fè m' vin rayi yo, tankou mwen rayi zidòl yo te renmen yo. 11Sa ki te yon lwanj pou pèp Efrayim lan ap vole ale tankou zwazo. Yo p'ap fè pitit, madanm yo p'ap gwovant, madanm yo p'ap menm ansent. 12Menm si yo rive fè pitit, mwen p'ap kite yo fin grandi. Lè m' vire do ba yo, malè ap rive yo. 13Mwen fè yon vizyon, mwen wè pitit gason moun Izrayèl yo nan yon bèl jaden, epi se moun Izrayèl yo menm ki t'ap mennen yo bay ansasen. 14Seyè! Kisa m' ta mande ou fè pou yo? Fè madanm yo toujou an pèdisyon? Fè yo pa gen lèt pou bay pitit yo tete? 15Seyè a di konsa: Mechanste pèp la konmanse depi nan peyi Gilgal. Se la menm mwen konmanse rayi yo. Yo fè twòp move zak. Se poutèt sa, m'ap mete yo deyò nan peyi mwen an. Mwen p'ap renmen yo ankò, paske tout chèf yo se yon bann wòklò. 16Peyi Efrayim lan tankou yon pyebwa ki pa ka donnen ankò. Rasin li yo fin cheche. Yo p'ap fè pitit. Menm si yo rive fè pitit, m'ap touye pitit yo pi renmen yo. 17Bondye m'ap sèvi a ap voye yo jete, paske yo pa t' koute li. Yo pral mache pwomennen san rete nan mitan nasyon yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Julgamento e a perda de fertilidade

  • Oseias relembra dois fracassos notórios na história de Israel: a adoração em Baal-Peor, onde os israelitas se apegaram à divindade moabita, e os dias de Gibeá, uma atrocidade registrada em Juízes 19–20 que quase extinguiu a tribo de Benjamim.Fontes: o próprio texto bíblico · Baal-peor · Gibeah
  • O capítulo adverte sobre o exílio na Assíria e a fuga para o Egito, declarando que Mênfis (no hebraico Mof), a antiga capital do Baixo Egito, se tornaria a sepultura do povo desalojado.Fontes: o próprio texto bíblico · Memphis · Egypt · Assyria
  • O nome Efraim significa dupla fertilidade, em referência ao segundo filho de José nascido no Egito. Oseias destaca a trágica reversão dessa herança, anunciando que a raiz de Efraim secou e que a nação não gerará mais frutos.Fontes: o próprio texto bíblico · Ephraim

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Assyria · 36.359, 43.153 · versículos 3, 6
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 3, 6
  • Memphis · 29.849, 31.253 · versículo 6
  • Tyre · 33.271, 35.196 · versículo 13

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.