Nations Bible

Oseias 7

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Chak fwa mwen fè lide geri moun Izrayèl yo, sa ki parèt devan je mwen se move ajisman pitit Efrayim yo, se mechanste moun Samari yo. Yonn ap bay lòt manti, se kase kay moun pou vòlò. Nan lari, yo fè bann pou yo piye moun. 2Men, yo pa janm mete nan tèt yo m'ap toujou chonje tou sa yo fè. Men, yo kanpe nan mitan tout mechanste yo la devan je mwen. 3Nan mechanste yo, y'ap fè fèt pou wa a. Y'ap woule chèf yo, antan y'ap fè konplo. 4Se yon bann trèt yo ye. Yo pa kenbe pawòl yo. Yo tankou yon fou yo fin chofe byen chofe. Boulanje a fè yo sispann chofe fou a, l'ap tann pat li fin bat la leve anvan li anfounen l'. 5Konsa, jou y'ap fè fèt pou wa a, chèf yo malad anba diven, wa a menm bay lanmen ak ipokrit yo. 6Wi, lè y'ap fè konplo se tankou yon fou k'ap chofe. Tout lannwit, chalè a ap moute. Sa yo gen sou kè yo a ap kouve. Nan maten, bagay la pete tankou flanm dife. 7Yo gen yon chalè k'ap soti sou yo, cho tankou yon fou byen chofe. Yo devore moun k'ap gouvènen yo. Wa yo tonbe yonn apre lòt. Pa gen yon moun ki rele m' mande sekou. 8Moun Efrayim yo pa pi bon pase yon pen ki kwit yon sèl bò. Yo pèdi valè yo. Moun Efrayim yo melanje ak moun lòt nasyon ki toupatou bò kote yo. 9Moun lòt nasyon yo fin souse tout fòs yo. Yo menm yo pa konn sa. Yo gen tan fini, yo prèt pou mouri tankou vye granmoun cheve blan, yo pa menm wè sa. 10Se awogans moun Izrayèl yo k'ap fè yo kondannen yo. Men, malgre tou sa ki rive yo, yo pa tounen vin jwenn mwen, mwen menm Seyè a, Bondye yo a. Yo pa chache kote m' ye. 11Moun Efrayim yo fin egare, yo tankou pijon ki pèdi bann yo, yo pa konn sa y'ap fè. Yon lè, se Lejip yo rele vin ede yo. Yon lòt lè, yo kouri al jwenn moun peyi Lasiri yo. 12Men, antan yo prale konsa, mwen pare yon pèlen pou yo, mwen pran yo tankou zwazo k'ap vole nan syèl. M'ap pini yo pou mechanste yo fè yo. 13Madichon pou yo! Yo kouri vire do ban mwen. Y'ap fini nèt. Yo pa kenbe pawòl yo ak mwen. Yo leve dèyè mwen. Mwen te vle sove yo, men y'ap fè manti sou mwen. 14Lè yo kouche sou kabann yo ap plenn, yo pa lapriyè m' ak tout kè yo. Lè yo bezwen farin ak diven, y'ap kòche kò yo ak kouto tankou moun lòt nasyon yo, yo trayi m'. 15Atout se mwen menm ki te mennen yo, ki te ba yo fòs, yo fè konplo sou mwen. 16Yo vire do ban mwen pou y' al dèyè lòt bondye. Yo tankou yon banza ki pa ka sèvi ankò. Chèf yo ap pale ak twòp awogans. Se poutèt sa, yo pral mouri nan lagè. Lè sa a, moun peyi Lejip yo pral pase yo nan kont rizib yo.

Você sabia?

Corrupção Interna e Alianças Perigosas

  • Os nomes Efraim e Samaria são empregados conjuntamente para designar o reino do norte de Israel; Samaria funcionava como a capital real estabelecida sobre uma colina pelo rei Onri, enquanto Efraim era a sua tribo dominante.Fontes: o próprio texto bíblico · Samaria · Ephraim
  • Oseias compara as conspirações políticas da corte ao forno de um padeiro, cujo fogo arde lentamente durante a noite antes de se inflamar pela manhã. Essa imagem reflete as intrigas palacianas e as rápidas quedas que atingiram os reis e governantes de Israel.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O profeta retrata Efraim como uma pomba ingênua e sem juízo que voa desorientada entre dois impérios rivais do antigo Oriente Próximo, clamando ao Egito ao sul e recorrendo à Assíria ao norte em vez de buscar a Deus.Fontes: o próprio texto bíblico · Egypt · Assyria

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Samaria · 32.276, 35.195 · versículo 1
  • Assyria · 36.359, 43.153 · versículo 11
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 11, 16

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.