Oseias 6
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Pèp la di: -Annou wè non! Ann tounen al jwenn Seyè a! Se li menm ki blese nou, se li menm ankò ki ka geri nou! Se li ki mete san nou deyò, se li ki ka mete renmèd sou malenng nou yo. 2Apre de jou, l'a ban nou lavi ankò. Sou twazyèm jou a, l'a fè nou kanpe ankò, n'a viv ankò devan je l'. 3N'a konnen Seyè a, n'a toujou chache konnen Seyè a pi byen. Tankou nou sèten solèy la gen pou l' leve, konsa tou nou sèten n'ap jwenn li. Tankou nou sèten lapli gen pou l' wouze latè lè sezon l' rive, konsa tou nou sèten l'ap vin jwenn nou. 4Seyè a di: -Nou menm moun Efrayim, kisa pou m' fè ak nou? Nou menm moun Jida, kisa pou m' fè ak nou? Nou renmen m', se vre. Men se pou yon ti tan. Ou ta di yon ti nwaj ki pase anvan solèy leve. Wi, tankou lawouze ki disparèt anvan solèy fin leve. 5Se poutèt sa mwen voye pwofèt mwen yo pou manyè pini nou. Mwen mete pawòl nan bouch yo ki ta kont pou touye nou. Mwen fè nou konnen sa mwen vle nou fè, mwen mete l' aklè devan nou. 6Mwen ta pito wè nou renmen m' tout bon pase pou n'ap fè tout ofrann bèt sa yo ban mwen. Mwen ta pito wè nou chache konnen m' vre, mwen menm Bondye nou an, pase pou n'ap boule tout bèt sa yo pou mwen. 7Men, yo menm, rive yo rive Adam, yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Lamenm, yo vire do ban mwen, yo pa kenbe pawòl yo. 8Galarad se yon lavil ki plen moun k'ap fè mechanste. Kote ou pase, se mak san moun yo touye. 9Prèt yo menm, se tankou yon bann ansasen k'ap veye moun sou granchemen. Sou tout wout ki mennen lavil Sichèm, se touye y'ap touye moun. Yo konnen byen pwòp tou sa y'ap fè a mal. Atousa yo fè l'. 10Mwen wè yo fè nan peyi Izrayèl la yon bagay ki fè m' tranble: Moun Efrayim yo lage kò yo nan sèvi zidòl. Moun Izrayèl yo ap fè bagay ki mete yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen. 11Men, pou nou menm tou, moun peyi Jida, mwen fikse yon jou pou pini nou pou tou sa nou fè, lè m'a fè moun yo depòte yo tounen nan peyi yo.

Você sabia?
Lealdade passageira e verdadeira devoção
- Em Oseias 6:6, o profeta proclama que Deus valoriza a misericórdia e o conhecimento de Deus acima de sacrifícios rituais de animais e holocaustos, enfatizando a fidelidade de coração à aliança em vez de meras formalidades religiosas.Fontes: o próprio texto bíblico
- O texto profético compara a lealdade de Efraim e de Judá à névoa da manhã e ao orvalho passageiro; Efraim, cujo nome remonta ao filho de José e significa dupla fertilidade, é frequentemente usado no livro para designar o reino do norte de Israel.Fontes: o próprio texto bíblico · Ephraim
- O capítulo condena a violência em Gileade, uma região montanhosa situada a leste do rio Jordão, e acusa grupos de sacerdotes corruptos de realizarem emboscadas contra viajantes no caminho para Siquém.Fontes: o próprio texto bíblico · Gilead
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Shechem · Hoje: Tell Balatah · 32.214, 35.282 · versículo 9
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org