Oseias 5
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Koute sa byen, nou menm prèt yo! Pare zòrèy nou, nou menm pitit Izrayèl yo! Louvri zòrèy nou, nou menm ki fanmi wa a! Se nou menm y'ap jije koulye a. Nou tounen yon pyèj sou mòn Mispa. nou tounen yon pèlen yo mete sou mòn Tabò. 2Moun k'ap fè mechanste yo al twò lwen. Se mwen menm k'ap pini yo tout. 3Depi lontan mwen konnen moun Efrayim yo. Pou moun Izrayèl yo menm, nanpwen anyen sou yo mwen pa konnen. Moun Efrayim yo lage kò yo nan fè tankou jennès, yo kite m' pou lòt bondye. Moun Izrayèl yo menm mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen. 4Avèk tou sa pèp la ap fè a, yo pa ka tounen vin jwenn Bondye yo a ankò. Yo pran nan sèvi zidòl. Yo pa konnen Seyè a ankò! 5Sa pèp Izrayèl la ap fè nan awogans li, se sa k'ap lakòz yo kondannen l'. Avèk peche moun Izrayèl ak moun Efrayim yo ap plede fè yo, y'ap bite, y'ap tonbe. Menm moun peyi Jida yo ap bite ansanm ak yo tou. 6Y'a pran mouton ak bèf pou fè ofrann pou Seyè a. Y'a chache l', men yo p'ap jwenn li, paske li wete kò l' sou yo. 7Yo pa t' kenbe pawòl yo ak Seyè a, yo twonpe l'. Yo fè yon bann timoun ki pa janm konnen Bondye. Nan yon sèl mwa, Bondye ap detwi yo nèt ansanm ak tout jaden yo. 8Kònen klewon an lavil Gibeya! Sonnen avètisman an lavil Rama! Bay rèl lavil Betavenn pou moun yo pare pou lagè! Leve pye nou, moun Benjamen! Lènmi dèyè nou. 9Jou pou yo pini moun Efrayim yo rive. Y'ap fini nèt avèk yo. M'ap kanpe nan mitan tout branch fanmi Izrayèl yo, m'ap fè yo konnen sa ki gen pou rive vre. 10Seyè a di ankò: Chèf peyi Jida yo fè menm bagay ak moun k'ap deplase bòn pou antre sou tè moun. M'ap move sou yo, m'ap vare sou yo tankou lavalas k'ap desann! 11Moun Efrayim yo ap soufri anba moun k'ap peze yo a. Yo pèdi tè ki pou yo dapre lalwa, paske yo te soti pou yo te swiv moun ki pa gen anyen pou bay. 12M'ap fini ak moun Efrayim yo, m'ap manje yo tankou poudbwa manje bwa. M'ap disparèt moun peyi Jida yo, m'ap fè yo tounen pouriti. 13Moun Efrayim yo wè jan peyi a te malad, moun Jida yo te wè eta malenng peyi a. Lè sa a, moun Izrayèl yo kouri al mande sekou nan peyi Lasiri, yo voye moun al mande gran wa a sekou. Men, gran wa sa a pa ka ban nou gerizon, ni li p'ap ka geri malenng nou yo. 14M'ap atake moun Efrayim yo tankou yon lyon. M'ap tonbe sou moun Jida yo tankou yon jenn ti lyon. Wi, se mwen k'ap dechire yo an miyèt moso. Apre sa, m'ap kite yo, m'ap depòte yo byen lwen peyi yo. Pesonn p'ap ka sove yo anba men m'. 15M'ap vire do m' tounen lakay mwen jouk y'a rekonèt fòt yo. Se lè sa a y'a chache m'. Wi, lè y'a wè jan y'ap soufri a, y'a mete chache m'.

Você sabia?
Julgamento sobre os líderes de Israel e Judá
- Oseias denuncia os sacerdotes e a casa real como um laço em Mispá e uma rede estendida sobre o monte Tabor. O monte Tabor é uma montanha cônica e proeminente a oeste do mar da Galileia, e Mispá era um local histórico em Gileade, ambos servindo como marcos geográficos elevados onde a liderança corrompida desencaminhou a nação.Fontes: o próprio texto bíblico · Tabor (Mountain) · Mizpah
- O alarme soar no versículo 8 menciona cidades ao longo das colinas de Benjamim: Gibeá, Ramá e Bete-Áven. Bete-Áven, que significa casa de ídolos ou de nada, era um termo profético depreciativo para Betel, satirizando o culto ao bezerro de ouro ali estabelecido.Fontes: o próprio texto bíblico · Beth-aven · Gibeah · Ramah
- O profeta censura Efraim por recorrer ao grande rei da Assíria para curar suas aflições nacionais em vez de buscar a Deus. Com centro ao longo do rio Tigre, o crescente Império Assírio subjugou o norte da Síria e cobrou tributos por toda a região sob governantes como Tiglate-Pileser.Fontes: o próprio texto bíblico · Assyria · Tilgath-pilneser
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Mount Tabor · Hoje: Jebel et Tur · 32.686, 35.393 · versículo 1
- Beth-aven · Hoje: Beitin · 31.923, 35.241 · versículo 8
- Assyria · 36.359, 43.153 · versículo 13
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org