Eclesiastes 6
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Mwen wè yon lòt malè sou latè ankò, se bagay ki rive fasil. 2Bondye bay yon moun richès, pozisyon, byen, lwanj. Wi, Bondye ba li tou sa li bezwen san manke yonn. Men Bondye pa kite l' jwi yo. Se yon etranje k'ap jwi yo pito. Tou sa pa vo anyen. Se bagay ki rèd anpil. 3Yon nonm te mèt gen san (0100) pitit, li te mèt viv lontan, wi li te mèt rive vye granmoun, si li pa jwi anyen nan lavi, si yo pa ka fè bèl lantèman pou li, enben, mwen di nou: Yon timoun ki fèt tou mouri miyò pase l'. 4Paske ti pitit la fèt, men sa pa sèvi l' anyen. Li disparèt lamenm. Ata non l' yo pa gen tan konnen. 5Li pa janm wè limyè solèy, li pa janm konnen sa lavi ye. Men, ti pitit la jwenn pi bon repo pase nonm sa a 6ki viv depase demilan men ki pa janm jwi anyen nan lavi, paske, lè ou gade byen, tou de al menm kote a. 7Tou sa yon nonm fè pase nan bouch, men l'ap toujou grangou. 8Kisa yon nonm ki gen lespri gen pase yon nonm sòt? Kisa sa rapòte yon pòv malere lè li konnen jan pou l' debat ak lavi a? 9Anyen. Pito ou kontan ak sa ou genyen pase pou ou toujou anvi sa ou pa genyen. Sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen. 10Tou sa ki rive, depi lontan yo konnen li te la pou rive. Nou deja konnen sa yon moun ye. Li pa ka nan kenbe tèt ak moun ki pi fò pase l'. 11Plis ou nan pale anpil, plis se tan ou w'ap pèdi. Kisa sa ap rapòte ou? 12Ki moun ki konnen sa ki bon pou yon moun k'ap mennen yon lavi ki pa vo anyen, yon lavi k'ap pase tankou yon nwaj, pandan de twa jou l'ap pase sou tè a? Ki moun ki ka fè lèzòm konnen sa ki gen pou rive sou latè apre y'a fin mouri?

Você sabia?
A Vaidade da Riqueza Insatisfeita
- No pensamento antigo, ter uma vida longa e gerar muitos filhos eram considerados os maiores sinais de bênção. No entanto, Eclesiastes observa que mesmo viver dois mil anos e gerar cem filhos é algo vazio se a pessoa não puder desfrutar de sua prosperidade ou receber um sepultamento digno.Fontes: o próprio texto bíblico
- O autor aponta que, embora o trabalho humano seja dedicado a suprir necessidades físicas básicas como o alimento, o apetite e os desejos permanecem continuamente insatisfeitos. Ele contrasta o contentamento com o que está presente diante dos olhos com a busca incessante de desejos errantes.Fontes: o próprio texto bíblico
- O capítulo enfatiza as limitações humanas, ressaltando que os mortais não podem contender com o que foi estabelecido por alguém mais forte do que eles. Como a vida é fugaz como uma sombra, o ser humano não pode saber plenamente o que é bom para si nem prever o que acontecerá depois de sua partida.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org