Eclesiastes 5
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Gade byen ki jan w'ap mete pye ou lakay Bondye a. Pito ou ale la pou ou ka aprann kichòy pase pou ou al ofri bèt pou touye pou Bondye tankou moun san konprann sa yo ki pa konn sa ki byen ak sa ki mal. 2Fè tèt ou travay anvan ou louvri bouch ou pale. Pa prese fè ankenn pwomès bay Bondye. Bondye, se nan syèl li ye, ou menm ou sou latè. Pa di plis pase sa ou dwe di a. 3Plis ou kite bagay chaje tèt ou, se plis ou ka fè move rèv. Plis ou pale anpil, se plis ou ka di pawòl ki pa fè sans menm. 4Lè ou fè yon pwomès bay Bondye, pa mize fè sa ou pwomèt fè a. Bondye pa nan jwèt ak moun ki san konprann. Sa ou pwomèt fè a, fè l'. 5Pito ou pa janm pwomèt Bondye w'ap fè kichòy pou li pase pou ou pwomèt, epi pou ou pa kenbe pwomès ou. 6Pa kite pawòl ki soti nan bouch ou fè ou fè peche. Apre sa pou ou al di reprezantan Bondye a: O wi, se chape bouch mwen chape. Poukisa pou ou ta fè Bondye fache sou ou? Poukisa pou ou ta fè Bondye detwi travay ou fè ak men ou? 7Tout rèv w'ap plede fè yo, tout pawòl w'ap plede di yo p'ap sèvi ou anyen. Se krentif pou ou toujou genyen pou Bondye. 8Ou pa bezwen sezi lè ou wè nan yon peyi, chèf ap peze pòv malere. Yo refize rann yo jistis, yo derefize defann dwa inonsan yo. Chak chèf gen yon gwo chèf dèyè l'. Lèfini yo tou de gen yon pi gwo chèf ankò dèyè yo. 9Travay latè se yon avantaj pou tout moun, ata pou wa a. Se sou sa li konte tou. 10Si ou renmen lajan, ou p'ap janm fin gen ase. Si w'ap kouri dèyè richès, plis ou genyen, se plis ou anvi genyen toujou. Sa tou, sa pa vo anyen. 11Plis ou gen lajan, se plis bouch w'ap gen pou bay manje. Sèl benefis ou jwenn nan tou sa, se wè w'a wè ou rich. 12Yon travayè te mèt manje kont li, li te mèt pa manje kont li, l'ap toujou byen dòmi lannwit. Men, moun rich yo, yo sitèlman genyen, yo pase nwit yo blanch ak kè sote. 13Men mwen wè sou latè yon bagay ki fè lapenn anpil: Moun sere lajan epi sa vire mal pou yo. 14Yon malè pase, tout lajan an pèdi. Li vin fè yon pitit, li pa gen anyen pou l' ba li. 15Li soti toutouni nan vant manman l', konsa tou l'ap tounen san anyen anba tè. Pa gen anyen nan tou sa li travay fè li ka pran pote ale ak li. 16Wi, sa se bagay ki pou fann kè nou ak lapenn: Jan nou vini an, se konsa nou prale. Nou travay, men sa p'ap rapòte nou anyen. 17Sa ki pi rèd la, nou pase tout lavi nou nan fènwa, nan lapenn, nan kè sere, nan maladi, nan fè kòlè. 18Men sa mwen jwenn ankò: Pi bon bagay yon moun ka fè sou latè, se manje, se bwè, se jwi sa li travay di fè a, pandan de twa jou Bondye ba li pou li viv la. Men, se sa ase ki pou yon moun nan lavi. 19Si Bondye bay yon moun richès ak byen, se pou li jwi yo, se pou l' di Bondye mèsi, se pou l' jwi tou sa li travay fè. Sa se kado Bondye ba li. 20Li pa bezwen chonje jan lavi a kout, paske Bondye ba li kont bagay pou l' fè pou fè kè l' kontan.

Você sabia?
Reverência, justiça e os limites da riqueza
- O autor adverte contra o falar precipitado no culto, lembrando aos adoradores que Deus está nos céus enquanto os mortais estão na terra. Os votos feitos a Deus eram considerados compromissos sérios; o texto adverte que adiar ou deixar de cumprir um voto é insensatez, sendo melhor não votar do que votar e não cumprir.Fontes: o próprio texto bíblico
- Ao abordar a injustiça e a opressão dos pobres em uma província, o autor aponta para a burocracia governamental em camadas, onde cada oficial é vigiado por uma autoridade superior. Apesar dessa hierarquia administrativa, todos os níveis, inclusive o rei, dependem, em última análise, dos frutos da terra.Fontes: o próprio texto bíblico
- O capítulo contrasta a insônia inquieta dos ricos com o sono doce de um trabalhador comum, observando que a busca por riquezas não traz satisfação duradoura. O verdadeiro contentamento surge quando a pessoa aceita sua porção e desfruta de comida, bebida e trabalho honesto como dádivas de Deus.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org