Eclesiastes 4
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Apre sa, mwen gade tout lenjistis k'ap fèt sou latè. Dlo ap koule konsa nan je moun y'ap maltrete yo. Pa gen pesonn pou ede yo. Moun k'ap maltrete yo gen lafòs avèk yo. Pesonn pa ka fè anyen pou yo. 2Mwen wè sò moun mouri yo miyò pase sò moun vivan yo. 3Men, gen yon lòt moun ankò ki pi bon pase yo tou de: Se moun ki pa t' janm fèt la, paske li pa janm wè move zak k'ap fèt sou tè a. 4Mwen vin wè tout travay di lèzòm ap travay di a, tout bèl bagay y'ap reyalize nan lavi a, se paske yonn vle gen plis pase lòt. Men, sa tou, sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen. 5Pawòl la di: Moun sòt rete san fè anyen, yo pito grangou. 6Men, pito ou pran ti repo ou tanzantan ak kè poze pase pou ou touye tèt ou ap travay di, lèfini pou sa pa rapòte anyen. 7Mwen wè yon lòt bagay nan lavi a ki pa vo anyen ankò. 8Se te yon nonm ki t'ap viv pou kont li, san zanmi. Li pa t' gen pitit gason, li pa t' gen frè. Li travay san pran souf. Li pa t' janm gen ase. Pou ki moun li t'ap travay di konsa, san bay tèt li yon ti plezi? Li pa t' janm gen tan pou mande tèt li sa. Sa a tou, sa pa vo anyen, se pa yon bon jan pou moun viv. 9Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou. 10Si yonn tonbe, lòt la va ba l' men pou l' leve. Men, malè pou moun k'ap viv pou kont li! Si l' tonbe, p'ap gen moun pou ba l' men. 11Konsa tou, lè fè frèt, si yo kouche ansanm, yonn va chofe lòt. Men, si li pou kont li, ki jan pou l' fè chofe kò l'? 12Kote dezòm ka kenbe tèt ak yon moun k'ap atake yo, yon sèl p'ap kapab. Yon kòd trese an twa pa fasil pou kase. 13-(we vèsè pwochen) 14Yon nonm ka soti nan mizè pou l' rive chèf nan peyi l'. Ou ankò li ka soti nan prizon epi yo mete l' chèf pou gouvènen. Pito ou annafè ak yon ti moun ki pòv men ki gen lespri pase pou ou annafè ak yon wa ki fin granmoun, ki fin gaga, ki pa ka pran konsèy. 15Mwen kalkile, mwen gade tout moun k'ap viv sou latè, mwen di nan mitan tout moun sa yo gen jenn gason ki pral pran plas wa a. 16Ou pa ka konte kantite moun yon wa ka gouvènen, kantite moun yon wa ka dirije. Men lè l' mouri, pesonn p'ap chonje di l' mèsi pou sa li te fè pou yo. Tou sa pa vo anyen. Sa pa rapòte anyen.

Você sabia?
Opressão, Companheirismo e a Fama Passageira
- Eclesiastes destaca o valor prático do companheirismo na vida diária, explicando que dois trabalhadores obtêm melhor retorno do seu trabalho, podem ajudar um ao outro a se levantar após uma queda, aquecer-se mutuamente e resistir juntos a agressores.Fontes: o próprio texto bíblico
- O texto contrasta a miséria do trabalho solitário com a tranquilidade da moderação, observando que alguns acumulam riquezas sem cessar, mesmo sem ter companheiro, filho ou irmão com quem compartilhá-las.Fontes: o próprio texto bíblico
- A passagem ilustra a natureza efêmera da aclamação política por meio da figura de um jovem pobre e sábio que sai da prisão para governar no lugar de um rei tolo, conquistando grande apoio que mais tarde é esquecido pelas gerações seguintes.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org