Amós 8
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Se konsa, Seyè a, Bondye a, fè m' fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè yon panyen plen fwi mi. 2Seyè a mande m': -Kisa ou wè la a, Amòs? Mwen reponn: -Yon panyen fwi mi. Lè sa a, Seyè a di m' konsa: -Izrayèl, pèp mwen an, mi tou. Li rive sou dènye jou l' yo. Mwen p'ap chanje lide pou m' fè pa l' ankò. 3Jou sa a, se p'ap chante ki va gen nan palè a, se va rèl. Se Seyè a menm ki di sa. Va gen anpil kadav toupatou. Y'a voye yo jete san di krik. 4Koute byen sa m'ap di nou la a, nou menm k'ap kraze pòv malere yo anba pye nou, nou menm k'ap fini ak malere yo nan peyi a. 5N'ap plede di: Kilè fèt lalin nouvèl lan va pase pou nou ka vann diri nou? Kilè jou repo a va pase pou nou ka louvri depo nou yo pou nou vann? Lè sa a, n'a moute pri tout bagay, n'a sèvi ak fo mezi, n'a ranje balans yo pou nou ka twonpe pratik yo. 6N'a pran moun serye ki pa ka peye dèt yo, n'a achte yo pou sèvi esklav. N'a pran pòv malere ki pa gen senk, n'a achte yo pou pri yon pè sapat. N'a vann ata pay diri a pou gwo lajan. 7Seyè a fè sèman sou tèt li, li menm ki Bondye pèp Izrayèl la: Mwen p'ap janm bliye yonn nan move zak nou fè yo. 8Se konsa latè pral pran tranble. Tout moun nan peyi a pral pran rele. Tout peyi a pral souke. L'ap moute, l'ap gonfle, apre sa l'ap desann tankou dlo larivyè Nil nan peyi Lejip. 9Men pawòl Seyè a, Bondye a: Jou sa a, m'ap fè solèy la kouche gwo midi. Fènwa ap tonbe sou peyi a gwo lajounen. 10M'ap fè nou sispann fè fèt. N'a nan gwo lapenn. M'ap fè nou sispann chante, n'a nan rele. M'ap fè nou mete rad sak kòlèt sou nou. N'a kale tèt nou. M'ap fè nou tonbe nan lapenn tankou moun k'ap kriye pou sèl pitit gason yo ki mouri. Se nan kè sere jounen sa a ap fini pou tout moun. 11Men yon jou gen pou rive. Jou sa a, mwen pral voye yon sèl grangou sou peyi a. Se p'ap dèyè pen pou yo manje, ni dèyè dlo pou yo bwè y'a kouri. Men, se mesaj ki soti nan bouch Seyè a y'a anvi tande. Se Seyè a menm ki di sa. 12Lè sa a, moun va pran kouri soti nan n o al nan sid, soti nan lès al nan lwès. Y'a mache toupatou ap chache yon pawòl nan bouch Seyè a. Men, yo p'ap jwenn. 13Nan tan sa a, bèl jenn fi yo ak jenn gason yo va tonbe feblès paske yo p'ap jwenn sa y'ap pwonmennen chache a. 14Kanta pou moun k'ap fè sèman sou Achima, zidòl peyi Samari a, moun sa yo k'ap plede di: Anverite bondye Dann lan! Anverite bondye Bècheba a! yo gen pou yo tonbe pou yo pa janm ka leve ankò.

Você sabia?
O cesto de frutos de verão e a fome que se aproxima
- Amós condenou os comerciantes que se impacientavam com as celebrações religiosas, como a Lua Nova e o sábado, porque elas interrompiam o comércio. Esses negociantes procuravam fraudar os compradores reduzindo a medida de cereal (o efa), aumentando o preço (o siclo), usando balanças desonestas e vendendo palha imprestável aos necessitados.Fontes: o próprio texto bíblico
- Para descrever o abalo catastrófico que aguardava a terra, o profeta comparou o subir e descer do solo às inundações anuais do rio Nilo no Egito.Fontes: o próprio texto bíblico · Egypt
- Amós advertiu sobre uma grave crise espiritual: uma fome que não seria de pão nem de água, mas de ouvir as palavras do Senhor. Ele retratou pessoas vagando exaustas de mar a mar por toda a terra em busca de orientação divina, sem conseguir encontrá-la.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 8
- Nile · Hoje: Nile River · 31.465, 30.367 · versículo 8
- Dan · Hoje: Tel Dan · 33.249, 35.652 · versículo 14
- Samaria · 32.276, 35.195 · versículo 14
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org