Nations Bible

Amós 9

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Mwen fè yon vizyon, mwen wè Seyè a kanpe sou lotèl la. Li di konsa: -Frape tèt poto tanp lan jouk tout galeri a tranble. Kraze tèt poto yo pou yo tonbe an miyèt moso sou tèt moun yo. Rès ki pa mouri a, m'ap touye yo nan lagè. Yo yonn p'ap chape, yo yonn p'ap sove. 2Menm si yo fouye twou pou yo antre nan peyi kote mò yo ye a, m'ap rale yo met deyò. Menm si yo ta moute anwo nan syèl la, m'ap rale yo desann. 3Si y' al kache sou tèt mòn Kamèl, m'ap chache yo, m'ap mete men sou yo. Si y' al kache pou mwen nan fon lanmè, m'ap bay gwo sèpan lanmè a lòd pou l' mòde yo. 4Si lènmi fè yo prizonye pou l' ta mennen yo ale kite peyi yo a, m'ap bay lòd touye yo. M'ap voye je m' sou yo. Men, fwa sa a, se p'ap pou byen yo, se va pou malè yo. 5Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, ap annik manyen latè, latè ap pran tranble. Tout moun ki rete sou latè ap nan lapenn. Latè ap moute, l'ap gonfle, epi l'ap bese tankou dlo larivyè Nil. 6Seyè a bati kay li anwo nan syèl la. Li mete vout syèl la anlè latè. Li rale dlo lanmè a, li vide l' sou tout latè. Yo rele li Seyè. Wi, se konsa yo rele l'. 7Men sa Seyè a di ankò: Nou menm, moun Izrayèl yo, mwen konsidere nou koulye a menm jan ak moun Letiopi yo. Se mwen menm, pa vre, ki te fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip? Se pa mwen menm tou ki te fè moun Filisti yo soti kite lil Lakrèt, epi ki te fè moun Siri yo soti lavil Kir? 8Mwen voye je m' sou pèp Izrayèl la, mwen wè jan yo lage kò yo nan fè sa ki mal. Mwen pral disparèt yo sou latè. Men, mwen p'ap fin touye tout pitit Jakòb yo nèt. Non. Mwen pa ka fè sa. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. 9Men, mwen pral pase yon lòd. Mwen pral vannen moun Izrayèl ki nan mitan lòt nasyon yo tankou yo vannen grenn nan laye. Pa menm yon bon grenn p'ap tonbe atè. 10Tout moun nan pèp la k'ap fè sa ki mal pral mouri nan lagè. Yo tout k'ap plede di: O wi, Bondye p'ap kite malè rive nou, ni li p'ap kite malè tonbe sou nou, yo tout pral mouri nan lagè. 11Seyè a di: Yon jou gen pou rive! Jou sa a, m'a mete peyi wa David la kanpe ankò sou de pye l'. Koulye a li tankou yon kay k'ap fin kraze. Lè sa a, m'a repare tout kote ki fann yo. M'a refè miray ki te fin kraze yo. M'ap rebati peyi a jan l' te ye nan tan lontan an. 12Konsa, pèp Izrayèl la va pran posesyon pòsyon ki rete nan peyi Edon an. Y'a donminen ankò sou lòt nasyon mwen te fè yo. Se Seyè a ki di sa, se li menm menm k'ap fè sa rive konsa! 13Jou yo ap vini. Lè sa a, yo p'ap kò fin ranmase rekòt, y'ap gen tan ap pare tè pou plante ankò. Yo p'ap kò fin kraze rezen pou fè diven, y'ap gen tan ap pare pou mete pye rezen nan tè ankò. Diven byen dous ap koule sou tout mòn yo, l'ap koule desann sou tout ti mòn yo. Se Seyè a menm ki di sa. 14M'ap mennen pèp mwen an tounen nan peyi l' ankò. Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo, y'a rete ladan yo. Y'a plante jaden rezen, y'a bwè diven. Y'a fè bèl jaden, y'a manje rekòt jaden yo. 15M'a plante pèp mwen an nan peyi yo a, nan peyi mwen te ba yo a. Pesonn p'ap janm ka derasinen yo ankò. Se Seyè a, Bondye a, ki pale.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Julgamento e Restauração Futura

  • Amós 9:7 compara o êxodo de Israel do Egito com a condução divina das origens e migrações de outros povos, mencionando os filisteus de Caftor e os arameus de Quir. Muitos estudiosos identificam Caftor com Creta, enquanto Quir era um conhecido local de exílio arameu.Fontes: o próprio texto bíblico · Caphtor · Kir
  • A profecia em Amós 9:11-12 fala em restaurar a tenda caída de Davi e possuir o remanescente de Edom. Edom, a terra montanhosa e escarpada associada a Esaú, irmão de Jacó, tinha um longo histórico de conflito com Israel.Fontes: o próprio texto bíblico · Esau (Edom) · Edom
  • O capítulo termina com uma visão de extraordinária abundância agrícola, na qual o lavrador alcança o ceifeiro e as colinas destilam vinho doce. Essa linguagem retrata um remanescente restaurado que reconstrói cidades em ruínas, replanta vinhedos e habita em segurança na sua terra.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Mount Carmel · 32.672, 35.023 · versículo 3
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 5, 7
  • Nile · Hoje: Nile River · 31.465, 30.367 · versículo 5
  • Ethiopia · 16.935, 33.751 · versículo 7
  • Edom · 30.746, 35.604 · versículo 12

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.