Amós 7
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Se konsa Seyè a, Bondye a, fè m' fè yon vizyon. Nan vizyon an mwen wè Seyè a t'ap fè yon rafal krikèt vèt. Se te nan epòk yo te fin koupe pòsyon pa wa a nan jaden yo. Chak plant yo te fèk ap boujonnen ankò. 2Lè krikèt vèt yo te fin manje plant ki te nan peyi a, mwen di: -Tanpri, Seyè, Bondye, padonnen pèp ou a. Ki jan pou pitit pitit Jakòb yo fè kanpe ankò? Yo tou fèb. 3Seyè a chanje lide. Li di: -Sa ou te wè a p'ap rive ankò. 4Se konsa, Seyè a, Bondye a, fè m' fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè Seyè a t'ap voye yon dife pou l' devore pèp la pou pini l'. Dife a te fin boule gwo lanmè ki anba tè a, li t'ap devore tout jaden. 5Mwen di: -Tanpri, Seyè, Bondye, pa fè sa. Ki jan pou pitit pitit Jakòb yo fè kanpe ankò? Yo tou fèb. 6Seyè a chanje lide, li di: -Sa a tou p'ap rive. 7Se konsa, Seyè a fè m' fè yon lòt vizyon ankò. Nan vizyon an, mwen wè Seyè a te kanpe bò yon mi yo te moute tou dwat. Li te gen yon filaplon nan men l'. 8Lè sa a, Seyè a mande m': -Kisa ou wè la a, Amòs? Mwen reponn li: -Yon filaplon. Lè sa a, li di m': -M'ap sèvi ak filaplon sa a pou m' fè pèp la konnen li tankou yon miray ki panche prèt pou tonbe. Mwen p'ap fè pa yo ankò. 9Mwen pral kraze tout kote pitit pitit Izarak yo te konn adore m' sou mòn yo. Mwen pral fè tout kay pitit pitit Izrayèl yo te mete apa pou mwen yo tounen mazi. M'ap fè lagè ak fanmi Jewoboram lan, m'ap wete gouvènman an nan men yo. 10Amatsya, prèt nan lavil Betèl la, voye di Jewoboram, wa Izrayèl la: -Men Amòs ap moute konplo sou do ou nan mitan pèp Izrayèl la. Li soti pou l' fini ak peyi a ak pawòl l'ap di yo. 11Men sa l'ap mache di: Jewoboram gen pou l' mouri nan lagè. Y'ap pran moun Izrayèl yo lakay yo, y'ap depòte yo byen lwen nan peyi etranje. 12Apre sa, Amatsya pale ak Amòs, li di l' konsa: -Divinò, al fè wout ou. Ale vit nan peyi Jida a! Al bay mesaj ou yo laba. Y'a peye ou pou sa! 13Men isit la, lavil Betèl, pito ou sispann bay mesaj ou yo si ou konn bout! Paske, se isit la wa a vin adore. Se yon tanp nasyonal pou tout peyi a. 14Amòs reponn Amatsya: -Monchè, pwofèt pa metye m'. Nitou, mwen pa fè pati sosyete moun k'ap fè metye pwofèt. Metye m' se gade bèt, se okipe pye sikomò. 15Men, Seyè a pran m' nan pye travay mwen, dèyè bèt mwen yo, li ban m' lòd pou m' al fè pèp Izrayèl la konnen mesaj li voye ba yo. 16Koulye a menm, koute pawòl Seyè a voye di ou: Ou menm w'ap mande m' pou m' pa bay ankenn mesaj sou pèp Izrayèl la, pou m' sispann pale sou pitit Izarak yo. 17Poutèt sa, Amatsya, men sa Seyè a di: Madanm ou ap tounen jennès nan lavil la! Pitit gason ou yo ak pitit fi ou yo ap mouri nan lagè! Y'ap pran tè ou yo, y'ap separe yo moso pa moso. Ou menm, ou gen pou ou mouri nan yon peyi etranje kote yo pa sèvi Seyè a. Pèp Izrayèl la menm, y'ap pran l', y'ap depòte l' byen lwen peyi l'.

Você sabia?
Visões de Juízo e o Confronto em Betel
- Diferente dos profetas profissionais de sua época, Amós era um pastor de ovelhas e cultivador de figos de sicômoro em Tecoa, Judá. Ele destacou que não pertencia a uma linhagem ou escola de profetas, mas foi chamado diretamente por Deus para deixar o rebanho e advertir o reino do norte.Fontes: o próprio texto bíblico · Amos
- Betel era um dos principais santuários reais do reino de Israel, onde os monarcas mantinham templos oficiais. Amazias, sacerdote que servia no local durante o reinado de Jeroboão II, considerou as profecias de Amós como traição política e tentou expulsá-lo para Judá.Fontes: o próprio texto bíblico · Amaziah · Jeroboam · Bethel (of Palestine)
- Apesar de o governo de Jeroboão II ter proporcionado grande expansão territorial e prosperidade material a Israel, as visões de Amós advertiam que a destruição dos santuários reais e o exílio do povo seriam inevitáveis.Fontes: o próprio texto bíblico · Jeroboam
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org