1 Samuel 4
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Konsa, pawòl a Samuel te rive a tout Israël.
Alò, Israël te sòti pou rankontre Filisten yo nan batay. Yo te fè kan akote Ében-Ézer pandan Filisten yo te rete Aphek. 2Filisten yo te parèt nan ranje batay yo pou rankontre Israël. Lè batay la te gaye, Israël te vin bat devan Filisten yo ki te touye anviwon kat-mil òm sou chan batay la. 3Lè pèp la te antre nan kan an, ansyen a Israël yo te di: “Poukisa SENYÈ a bat nou konsa jodi a devan Filisten yo? Annou pran pou nou menm lach akò a pou l soti Silo. Konsa, li kapab vini pami nou e livre nou sòti anba pouvwa lènmi nou yo.”
4Epi pèp la te voye Silo e soti la, yo te pote lach akò SENYÈ dèzame a, ki chita anwo cheriben yo. Epi de fis a Éli yo: Hophni avèk Phinées, te la avèk lach akò Bondye a. 5Pandan lach akò SENYÈ a te antre nan kan an, tout Israël te kriye avèk yon gwo kri, jiskaske tè a te vin sone. 6Lè Filisten yo te tande gwo kri sila a, yo te di: “Kisa sa vle di? Gwo kri sila a nan kan Ebre yo?” Epi yo te vin konprann ke lach SENYÈ a te antre nan kan an. 7Filisten yo te krent, paske yo te di: “Bondye vin antre nan kan an.” Konsa, yo te di: “Malè a nou menm! Paske anyen parèy a sa pa t konn fèt avan. 8Malè a nou menm! Kilès k ap delivre nou nan men a dye pwisan sa yo? Sila yo se dye ki te frape Ejipsyen yo avèk tout kalite fleyo nan dezè a. 9Pran kouraj e mete gason sou nou, O Filisten yo, oswa nou va devni esklav a Ebre yo jis jan ke yo te esklav nou an. Pou sa, mete gason sou nou pou nou goumen!” 10Konsa, Filisten yo te goumen e Israël te bat. Tout mesye yo te sove ale rive nan pwòp tant yo. Masak la te byen gwo, e te vin tonbe an Israël trant-mil sòlda a pye. 11Anplis, lach Bondye a te sezi pran; epi de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te mouri.
12Konsa yon mesye a Benjamin te kouri sòti nan chan batay yo pou te parèt Silo nan menm jou a avèk rad li chire ak pousyè sou figi li. 13Lè li te vini, vwala, Éli te chita sou chèz li akote wout la pou veye tann, akoz kè li t ap tranble pou lach SENYÈ a. Konsa, mesye a te vin pale sa nan vil la e tout vil la te kriye fò. 14Lè Éli te tande bri kriye a, li te di: “Kisa bri kriye sa a vle di?”
Epi mesye a te vini avèk vitès e li te pale Éli. 15Alò, Éli te gen laj a katrevendizuit ane, zye li te fikse epi li pa t kab wè. 16Mesye a te di a Éli: “Mwen se sila ki te sòti nan chan batay la. Vrèman, mwen te chape sòti nan chan batay la jodi a.”
Epi Éli te mande: “Kijan tout bagay te mache, fis mwen?”
17Konsa, sila ki te pote nouvèl la te reponn: “Israël te sove ale devan Filisten yo, e te genyen osi, yon gwo masak pami pèp la. Anplis, de fis ou yo, Hophni avèk Phinées mouri, e lach Bondye a te kaptire.”
18“Lè li te mansyone lach Bondye a, Éli te tonbe sou chèz li pa dèyè akote pòtay la. Kou li te kase, e li te mouri, paske li te fin granmoun e li te gra.” Konsa, li te jije Israël pandan karant ane.
19Alò, bèlfi li, madanm a Phinées te ansent e prèt pou akouche. Lè li te tande nouvèl ke lach Bondye a te pran an kaptivite e ke bòpè li avèk mari li te mouri, li te bese sou jenou li e te akouche, paske doulè li te vin rive sou li. 20Epi nan lè li t ap mouri an, fanm ki te kanpe akote li a te di li: “Pa pè, paske ou te bay nesans a yon fis.” Men li pa t reponn li ni li pa t okipe li. 21Konsa, li te rele gason an I-Kabod, e te di: “Laglwa Israël pati!” akoz lach Bondye a te pran an kaptivite e akoz bòpè li avèk mari li. 22Li te di: “Laglwa gen tan pati soti an Israël; paske lach Bondye a te pran an kaptivite.”

¿Sabías que…?
La captura del Arca y la caída de la casa de Elí
- El nombre del lugar Eben-ezer, que significa piedra de ayuda, aparece aquí por anticipación. Samuel erigió y nombró la piedra conmemorativa años más tarde, tras una victoria posterior sobre los filisteos.Fuentes: Ebenezer · el propio texto bíblico
- Los filisteos se aterrorizaron cuando el Arca llegó al campamento hebreo, lo que demuestra que el conocimiento sobre las plagas infligidas a Egipto se había extendido entre los pueblos vecinos del antiguo Cercano Oriente.Fuentes: el propio texto bíblico
- Elí había juzgado a Israel durante cuarenta años antes de morir al romperse la nuca tras enterarse de la captura del Arca y de la muerte de sus hijos Ofni y Finees en batalla.Fuentes: Eli · Hophni · Phinehas · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Aphek · Hoy: Tell Ras el Ain · 32.105, 34.930 · versículo 1
- Shiloh · Hoy: Khirbet Seilun · 32.056, 35.290 · versículos 3, 4, 12, 13
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org