1 Samuel 5
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Alò, Filisten yo te pran lach Bondye a e yo te mennen li soti Ében-Ézer pou rive Asdod. 2Filisten yo te pran lach Bondye a, yo te mennen li lakay Dagon e yo te poze li akote Dagon. 3Lè Asdodyen yo te leve granmmaten an, veye byen, Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, yo pran Dagon e mete li nan plas li ankò. 4Men lè yo te leve bonè granmmaten, vwala, Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, tèt Dagon an avèk toude pla men l te koupe atè sou papòt la; se sèl twòn kò Dagon an ki te rete sou li. 5Akoz sa, ni prèt Dagon yo ni tout moun ki antre lakay Dagon nan Asdod jis rive jodi a, pa janm foule pye yo nan papòt Dagon an. 6Alò men SENYÈ a te lou sou Asdodyen yo. Li te fè yo vin dezole e te frape yo avèk gwo boul bouton, ni Asdod, ni tèritwa li yo.
7Lè Mesye Asdod yo te wè ke sa te konsa, yo te di: “Fòk lach Bondye Israël la pa rete pami nou. Paske men Li lou sou nou ak sou Dagon, dye pa nou an.” 8Konsa, yo te voye ranmase tout prens Filisten yo kote yo, e te di: “Kisa nou dwe fè avèk lach Bondye Israël la?”
Yo te reponn: “Kite lach Bondye Israël la pote rive ozanviwon Gath.” Konsa, yo te pote lach Bondye Israël la rive. 9Lè yo te fin pote li rive, men SENYÈ a te vin kont vil la avèk gwo boulvèsman. Li te frape Mesye lavil yo, ni jenn, ni granmoun jiskaske gwo boul bouton yo te vin pete sou yo. 10Konsa yo te voye lach Bondye a nan Ékron.
Epi pandan lach Bondye a te rive nan Ékron, Ekwonyen yo te kriye fò. Yo te di: “Yo vin pote Bondye Israël la bò kote nou pou touye nou avèk pèp nou an.” 11Pou sa, yo te voye rasanble tout prens a Filisten yo, e te di: “Voye lach Bondye Israël la ale. Kite li retounen nan pwòp plas li, pou li pa touye nou avèk pèp nou an.” Paske te genyen yon gwo boulvèsman ki t ap mennen lanmò toupatou nan vil la. Men SENYÈ a te lou kote sa a. 12Epi Mesye ki pa t mouri yo te frape avèk gwo boul bouton yo, e gwo kri lavil la te monte jis rive nan syèl la.
¿Sabías que…?
El Arca en las Ciudades de los Filisteos
- Asdod era una ciudad filistea fortificada cerca del Mediterráneo y uno de los principales centros de adoración a Dagón. Dagón era el dios nacional de los filisteos y era representado con cabeza y manos de hombre y cuerpo de pez.Fuentes: Dagon · Ashdod
- Tras colocar el arca capturada en el templo de Dagón, los filisteos hallaron el ídolo caído rostro en tierra ante el arca, con la cabeza y las manos rotas sobre el umbral. Este suceso dio origen a la costumbre de que los sacerdotes y visitantes evitaran pisar el umbral del templo.Fuentes: el propio texto bíblico
- Debido a brotes de aflicción en Asdod, el arca fue trasladada a Gat y luego a Ecrón, la más septentrional de las cinco ciudades filisteas. En cada localidad, el pánico generalizado y graves enfermedades llevaron a los gobernantes a reunirse y exigir que se enviara el arca lejos.Fuentes: el propio texto bíblico · Gath · Ekron
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Ashdod · Hoy: Tel Ashdod · 31.757, 34.658 · versículos 1, 3, 5, 6, 7
- Ekron · Hoy: Tel Miqne · 31.777, 34.852 · versículo 10
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org