1 Reyes 1
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

Acerca de este libro
Sobre 1 Reyes
- El Easton's Bible Dictionary (1897) considera incierta la autoría de los libros de Reyes. Una tradición según la cual Jeremías los escribió queda, a juicio de Easton, respaldada por pasajes casi idénticos a partes de Jeremías y por sucesos que Jeremías conocía personalmente; sin embargo, Easton estima más probable que Esdras, después del cautiverio, compilara los libros a partir de documentos anteriores, quizá escritos por David, Salomón, Natán, Gad e Iddo. Easton sitúa la composición entre el 561 a. C., cuando Evil-merodac liberó a Joaquín del cautiverio, y el 538 a. C., el decreto de Ciro.Fuentes: Easton: Kings, The Books of
- Easton afirma que estos libros contienen los anales del reino desde la subida de Salomón al trono hasta que Nabucodonosor y los babilonios lo sometieron, un período que estima en unos 453 años. 1 Reyes comienza mientras David está muriendo: Adonías, su cuarto hijo, que había pasado a ser el heredero presunto del trono tras la muerte de Amnón y Absalón, se hace proclamar rey, pero Natán y Betsabé persuaden a David de que entronice a Salomón de inmediato. Salomón, hijo de David y Betsabé, cuya historia se registra en 1 Reyes 1-11, llegó al trono, sugiere Easton, hacia los dieciséis o dieciocho años.Fuentes: Easton: Kings, The Books of · Adonijah · Solomon
- En las Escrituras hebreas, los dos libros de Reyes formaban originalmente un solo libro; la Septuaginta fue la primera en dividirlos y, con la Vulgata, los numera como el tercer y el cuarto libros de Reyes, siendo los libros de Samuel el primero y el segundo. Easton observa que Crónicas da mayor relieve al oficio sacerdotal o levítico, mientras que Reyes da mayor relieve al oficio real, y que en la división de las Escrituras en tres partes hecha por los judíos estos libros se cuentan entre los Profetas. La narración remite a fuentes anteriores: el libro de los hechos de Salomón y las crónicas de los reyes de Judá y de Israel.Fuentes: Easton: Kings, The Books of
- Tras la muerte de Salomón, las diez tribus se rebelaron e invitaron a Jeroboam, hijo de Nebat, a ser su rey; Easton lo llama el primer rey de esas tribus y sitúa su reinado entre 976 y 945 a. C. Había huido a Egipto bajo la protección de Sisac I y luego trasladó su residencia de Siquem, su primera capital, a Tirsa, que siguió siendo la residencia principal de los reyes de Israel hasta que Omri compró a Semer el monte de Shomeron por dos talentos de plata y edificó Samaria. La narración posterior incluye a Acab, hijo de Omri y séptimo rey de Israel, cuya esposa era Jezabel: al culto del becerro introducido por Jeroboam añadió el culto de Baal, y fue severamente amonestado por el profeta Elías.Fuentes: Jeroboam · Tirzah · Samaria · Ahab
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
1Alò, Wa David te vin vye, avanse nan laj. Malgre yo te kouvri li avèk rad, li te toujou fwèt. 2Konsa, sèvitè li yo te di li: “Kite yo chache yon jenn fi vyèj pou wa a, mèt mwen an, e kite li okipe wa a pou devni enfimyè li. Epi kite li kouche nan sen li pou wa a, mèt mwen an, pou li kapab chofe kò li.” 3Konsa, yo te chache toupatou yon bèl fi nan tout tèritwa Israël la, yo te twouve Abischag, Sinamit lan, e yo te mennen li kote wa a. 4Fi a te byen bèl. Li te devni enfimyè a wa a pou te okipe li, men wa a pa t antre nan relasyon avèk li.
5Alò, Adonija, fis a Haggith la te vin vante tèt li. Li te di: “Mwen va devni wa.” Konsa, li te prepare pou li menm cha avèk chevalye avèk senkant òm pou te kouri devan l. 6Papa li pa t janm konfwonte li nan okenn moman pou di: “Poukisa ou fè sa?” Li te osi yon bonòm byen bèl e te ne apre Absalom. 7Li te fè tèt a tèt ansanm avèk Joab, fis a Tseruja a, avèk Abiathar, prèt la; epi yo te swiv Adonija pou te ede li. 8Men Tsadok, prèt la, Benaja, fis a Jehojada a, Nathan, pwofèt la, Schimeï, Réï, ak mesye vanyan ki te apatyen a David yo, pa t avèk Adonija.
9Adonija te fè sakrifis mouton avèk bèf ak bèt gra kote wòch a Zohéleth la, ki akote En-Rouguel. Li te envite tout frè li yo, fis a wa yo ak tout mesye pwisan Juda yo, sèvitè a wa yo. 10Men li pa t envite Nathan, pwofèt la, Benaja, mesye vanyan yo, ni Salomon, frè l la.
11Konsa Nathan te pale avèk Bath-Schéba, manman a Salomon. Li te di: “Èske ou pa t tande ke Adonija, fis a Haggith la te devni wa, e David, mèt nou an, pa konnen sa? 12Pou sa, vini koulye a, souple, kite mwen ba ou konsèy pou sove lavi ou avèk lavi a fis ou a, Salomon. 13Antre koulye a, kote Wa David e di li: ‘Mèt mwen, O Wa a, èske ou pa t sèmante a sèvant ou an, e te di: “Anverite Salomon, fis ou a va wa apre mwen, e li va chita sou twòn mwen an”? Poukisa konsa, Adonija gen tan vin wa a?’ 14Veye byen, pandan ou toujou la a ap pale avèk wa a, mwen va parèt pou konfime pawòl ou yo.”
15Konsa, Bath-Schéba te antre kote wa a nan chanm dòmi an. Alò, wa a te byen vye, epi Abischag, Sinamit lan, t ap okipe wa a. 16Bath-Schéba te bese kouche nèt atè devan wa a. Epi wa a te di: “Se kisa ke ou vle?”
17Li te di li: “Mèt mwen, ou te sèmante a sèvant ou a pa SENYÈ a, Bondye ou a, ke: Anverite fis ou a, Salomon va devni wa apre mwen, e li va chita sou twòn mwen an.” 18Alò, gade byen, se Adonija ki wa a. Epi koulye a, mèt mwen an, wa a, ou pa menm konnen. 19Li gen tan fè sakrifis bèf avèk bèt gra ak mouton an gran kantite, e li te envite tout fis a wa yo avèk Abiathar, prèt la, avèk Joab, chèf lame a, men li pa t envite Salomon, sèvitè ou a. 20Epi koulye a, pou ou menm, mèt, wa a, zye a tout Israël ap gade ou, pou di yo se kilès k ap chita sou twòn a mèt mwen an, wa a, apre li. 21Otreman, li va vin rive ke depi mèt mwen an, wa a, vin dòmi avèk zansèt li yo, pou mwen avèk fis mwen an, Salomon va vin konsidere kòm koupab.”
22Epi gade, pandan li te toujou ap pale, Nathan, pwofèt la te vin antre. 23Yo te pale wa a, e te di: “Men Nathan, pwofèt la.”
Konsa, lè l te antre devan wa a, li te pwostène kò l devan wa a avèk figi li atè. 24Nathan te di: “Mèt mwen, wa a, èske ou te di: ‘Adonija va wa apre mwen e li va chita sou twòn mwen an’? 25Paske li te desann jodi a pou te fè sakrifis bèf avèk bèt gra, ak mouton an gran kantite, e li te envite tout fis a wa yo avèk chèf lame a, avèk Abiathar, prèt la. Men vwala, y ap manje bwè devan li, epi yo di: ‘Viv wa Adonija!’ 26Men mwen menm, sèvitè ou a, avèk Tsadok, prèt la ak Benaja, fis a Jehojada a, e sèvitè ou a, Salomon, li pa t envite nou. 27Èske bagay sa a te fèt pa mèt mwen an, wa a? Èske ou pa t montre sèvitè ou yo kilès ki ta dwe chita sou twòn a mèt mwen an, wa a, apre li?”
28Konsa, Wa David te reponn: “Rele Bath-Schéba vin kote m”. Li te parèt nan prezans a wa a e li te kanpe devan wa a. 29Wa a te sèmante. Li te di: “Jan SENYÈ a viv la, Li menm ki te peye ranson lavi mwen soti nan tout twoub, 30anverite, jan mwen te sèmante a ou menm pa SENYÈ a, Bondye a Israël la, e te di: ‘Fis ou a, Salomon va devni wa a apre mwen. Li va chita sou twòn mwen an nan plas mwen’. Mwen va, anverite, fè sa menm jodi a.”
31Bath-Schéba te bese avèk figi li atè devan wa a. Li te di: “Ke mèt mwen an, Wa David, viv pou tout tan.”
32Alò, Wa David te di: “Rele vin kote m Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, ak Benaja, fis a Jehojada a.” Epi yo te vini nan prezans a wa a. 33Wa a te di yo: “Pran avèk ou sèvitè a mèt ou yo, e fè fis mwen an, Salomon, monte sou milèt pa m nan pou l mennen anba nan Guihon. 34Kite Tsadok, prèt la ak Nathan, pwofèt la onksyone li an la, kòm wa sou Israël. Soufle twonpèt la e di: ‘Viv wa a, Salomon!’ 35Alò, ou va vin monte apre li. Li va vin chita sou twòn mwen an e li va vin wa nan plas mwen. Paske mwen te chwazi li pou renye sou Israël avèk Juda.”
36Benaja, fis a Jehojada a te reponn wa a. Li te di: “Amen!” Kite se konsa ke SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, pale. 37Jan SENYÈ a te avèk mèt mwen an, wa a, konsa ke li kapab avèk Salomon e fè twòn li an pi gran ke twòn a mèt mwen an, Wa David!
38Konsa Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, Benaja, fis a Jehojada a, Keretyen yo, Peletyen yo te desann. Yo te fè Salomon monte sou milèt a David la pou te mennen li kote Guihon. 39Tsadok, prèt la, te pran kòn lwil la nan tant lan pou te onksyone Salomon. Yo te soufle twonpèt la, e tout pèp la te di: “Viv wa Salomon!”
40Tout pèp la te monte apre li. Pèp la t ap jwe flit, yo t ap rejwi avèk gran jwa, jiskaske tè a te vin souke avèk bwi ke yo t ap fè yo. 41Alò, Adonija avèk tout envite ki te avèk li yo te tande sa pandan yo te fin manje. Lè Joab te tande bwi a twonpèt la, li te di: “Poukisa gen zen lavil la konsa?”
42Pandan li te toujou ap pale, men vwala, Jonathan, fis a Abiathar a, prèt la te vin rive. Alò Adonija te di: “Antre, pwiske ou se yon nonm vanyan ki pote bòn nouvèl.”
43Men Jonathan te reponn a Adonija: “Non! Mèt nou, Wa David, te fè Salomon wa. 44Wa a te anplis, voye avèk li Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, Benaja, fis a Jehojada a, Keretyen yo, Peletyen yo, epi yo te fè li monte sou milèt a wa a. 45Tsadok, prèt la, avèk Nathan, pwofèt la, te onksyone li wa nan Guihon. Yo te vin monte depi la, ranpli avèk jwa jiskaske tout vil la te vin boulvèse. Sa se bwi ke nou te tande a. 46Anplis menm, Salomon te vin pran chèz li sou twòn wayòm nan. 47Toujou, sèvitè a wa yo te vin beni mèt nou an, Wa David. Yo te di: ‘Ke Bondye ou a kapab fè non a Salomon pi bon ke non ou, e twòn pa li a pi gran ke twòn pa w la!’ Epi wa a te bese sou kabann nan. 48Wa a osi te di konsa: ‘Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pèmèt yon moun vin chita sou twòn mwen an jodi a pandan pwòp zye m toujou wè.’”
49Alò, tout envite a Adonija yo te ranpli avèk gwo laperèz. Yo te leve e yo chak te ale fè wout yo. 50Konsa, Adonija te pè Salomon. Li te leve ale pou sezi kòn lotèl yo, e li te di: “Kite Salomon sèmante a mwen menm jodi a ke li p ap mete sèvitè li a lanmò avèk nepe.” 51Alò, yo te pale a Salomon. Yo te di: “Gade byen, Adonija pè Wa Salomon; paske tande byen, li te ale sezi kòn lotèl yo, e li t ap di: ‘Kite Wa Salomon sèmante a mwen menm jodi a ke li p ap mete sèvitè li a lanmò avèk nepe.’”
52Salomon te di: “Si li se yon moun onèt, nanpwen menm youn nan cheve li k ap tonbe atè, men si se mechanste ki twouve nan li, li va mouri.”
53Konsa, Wa Salomon te voye mennen li desann soti nan lotèl la. Epi li te vin lonje kò l atè nèt devan Wa Salomon. Salomon te di li: “Ale lakay ou.”

¿Sabías que…?
La sucesión al trono de David
- Siendo el hijo mayor sobreviviente de David tras la muerte de Amnón y Absalón, Adonías reclamó la sucesión real respaldado por el comandante militar Joab y el sacerdote Abiatar. Sin embargo, David eligió a su hijo menor Salomón, quien contaba con el apoyo del profeta Natán, el sacerdote Sadoc y Benaía.Fuentes: Adonijah · Solomon · el propio texto bíblico
- Montar en la propia mula del rey constituía una proclamación pública decisiva de autoridad real. Por orden expresa de David, Salomón fue llevado al manantial de Gijón, donde Sadoc lo ungió como rey con aceite sagrado del tabernáculo en medio del sonido de cuernos y la aclamación popular.Fuentes: Gihon · Zadok · el propio texto bíblico
- Al enterarse de la coronación pública de Salomón, Adonías huyó aterrorizado y buscó asilo sujetándose a los cuernos del altar de los sacrificios. Salomón le otorgó clemencia condicional, perdonándole la vida siempre que demostrara ser un hombre digno.Fuentes: Adonijah · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Shunem · Hoy: Sulam · 32.606, 35.334 · versículo 3
- Serpent’s Stone · Hoy: within 100 m of Bir Ayub · 31.767, 35.236 · versículo 9
- Gihon · Hoy: Gihon Spring · 31.773, 35.236 · versículos 33, 38, 44, 45
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 40
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org