2 Samuel 24
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Alò, kòlè SENYÈ a te brile ankò kont Israël e li te pwovoke David kont yo pou di: “Ale konte moun Israël avèk Juda yo.” 2Wa a te di a Joab, chèf lame ki te avèk li a: “Ale, koulye a, atravè tout tribi Israël yo, soti nan Dan jis rive Beer-Schéba e anrejistre pèp la pou m kab konnen nonb de moun yo.”
3Men Joab te di a wa a: “Alò, ke SENYÈ a ta kapab ajoute san fwa anplis kantite moun ke yo ye a, pandan zye a mèt mwen an, wa a, kab toujou wè. Men poukisa mèt mwen an, wa a, twouve plezi nan bagay sila a?”
4Men pawòl a wa a te pran plas kont Joab, e kont chèf lame yo. Pou sa, Joab avèk chèf lame yo te sòti nan prezans wa a pou anrejistre pèp Israël la. 5Yo te travèse Jourdain an pou te fè kan Aroër, sou bò dwat vil la ki nan mitan vale Gad la, ak vè Jaezer. 6Epi yo te vini Galaad, nan peyi Thachthim-Hodschi, yo te rive Danjaan ak kote Sidon an. 7Epi yo te rive nan fòterès Tyr la, nan tout vil a Evyen yo ak Kananeyen yo; epi yo te sòti nan sid Juda, nan Beer-Schéba. 8Konsa, lè yo te fin pase nan tout peyi a, yo te vini Jérusalem nan fen nèf mwa e ven jou. 9Epi Joab te bay nimewo anrejistreman pèp la bay wa a. Te gen an Israël, ui-san-mil mesye vanyan ki te kapab rale nepe e mesye nan Juda yo te senk-san-mil.
10Koulye a, kè David te vin twouble lè li te fin konte pèp la. Konsa, David te di a SENYÈ a: “Mwen te fè gwo peche nan sa mwen te fè a. Men koulye a, O SENYÈ, souple retire inikite a sèvitè Ou a, paske mwen te aji nan foli.”
11Lè David te leve nan maten, pawòl SENYÈ a te vini a pwofèt Gad la, vwayan David la, e li te di: 12“Ale pale avèk David: ‘Konsa SENYÈ a di: “Mwen ap ofri ou twa bagay; chwazi pou ou menm youn nan yo, pou m fè ou.”’”
13Konsa, Gad te rive kote David e li te di li: “Èske sèt ane gwo grangou va rive ou nan peyi ou? Oswa èske ou va sove ale pandan twa mwa devan lènmi ou yo pandan y ap kouri dèyè ou? Oswa èske va gen twa jou gwo epidemi nan peyi ou? Alò konsidere e wè ki repons mwen va pote bay Sila ki te voye mwen an.”
14Epi David te di a Gad: “Mwen nan gwo pwoblèm. Annou tonbe nan men a SENYÈ a, paske mizerikòd Li gran; men pa kite mwen tonbe nan men a lòm.”
15Konsa, SENYÈ a te voye yon epidemi sou Israël jis rive nan maten nan lè chwazi a e swasann-di-mil moun nan pèp la soti Dan jis rive Beer-Schéba te mouri. 16Lè zanj lan te lonje men li vè Jérusalem pou detwi li, SENYÈ a te repanti de gwo malè a. Li te di a zanj ki te detwi pèp la: “Sa ase! Koulye a, lache men ou!” Epi zanj SENYÈ a te akote glasi a Aravna a, Jebizyen an.
17Konsa, David te pale a SENYÈ a lè li te wè zanj ki t ap frape pèp la. Li te di: “Gade byen, se mwen ki te peche a, se mwen ki te fè mal la. Men mouton sila yo, kisa yo te fè? Souple, kite men Ou vin kont mwen, ak kont lakay papa m.”
18Konsa, Gad te rive kote David nan jou sa menm, e li te di li: “Ale monte, bati yon lotèl a SENYÈ a sou glasi Aravna a, Jebizyen an.”
19David te monte pa pawòl a Gad la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande a. 20Aravna te gade anba e te wè wa a avèk sèvitè li yo ki t ap travèse bò kote li. Epi Aravna te parèt deyò e li te bese figi li jiska atè devan wa a. 21Alò, Aravna te di: “Poukisa mèt mwen, wa a, te vin kote sèvitè li a?”
David te reponn: “Pou achte glasi a nan men ou, pou m kab bati yon lotèl bay SENYÈ a, pou epidemi an kab vin sispann sou pèp la.”
22Aravna te di a David: “Kite mèt mwen an, wa a, pran sa li wè ki bon nan zye li, e ofri li. Gade, men bèf pou ofrann brile a, bwa kabwèt yo avèk jouk bèf yo pou bwa dife a. 23Tout bagay, O wa, Aravna ap bay wa a.” Epi Aravna te di a wa a: “Ke SENYÈ a, Bondye ou a, kapab kontan avèk ou.”
24Sepandan, wa a te di a Aravna: “Non, men mwen va, anverite, achte li pou yon pri. Paske mwen p ap ofri ofrann brile bay SENYÈ a, Bondye mwen an ki pa koute m anyen.” Konsa, David te achte glasi a avèk bèf yo pou senkant sik ajan. 25David te bati la yon lotèl bay SENYÈ a e li te ofri ofrann brile yo avèk ofrann lapè yo. Konsa, SENYÈ a te kontan akoz lapriyè pou peyi a, e epidemi an te vin sispann an Israël.

¿Sabías que…?
El Censo, la Plaga y el Altar
- La expresión "desde Dan hasta Beerseba" era una forma tradicional de designar toda la extensión de la Tierra Prometida, abarcando unas 144 millas desde Dan en el extremo norte hasta Beerseba en el sur. Joab y los comandantes del ejército pasaron nueve meses y veinte días recorriendo ambos lados del río Jordán para completar el censo.Fuentes: Beersheba · el propio texto bíblico
- Gad, conocido como "el vidente del rey", sirvió como profeta durante el reinado de David tras unirse a él en sus años de fugitivo. Gad presentó a David las tres opciones de disciplina divina y, más tarde, le ordenó edificar un altar en la era de Arauna.Fuentes: Gad · el propio texto bíblico
- David compró la era, los bueyes y la madera a Arauna (también llamado Ornán) el jebuseo, insistiendo en pagar el precio completo porque se negó a ofrecer sacrificios que no le costaran nada. Situada en el monte Moriah, esta era se convirtió en el lugar donde Salomón construyó más tarde el templo.Fuentes: Ornan · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Dan · Hoy: Tel Dan · 33.249, 35.652 · versículos 2, 6, 15
- Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 5
- Gilead · Hoy: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículo 6
- Sidon · Hoy: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · versículo 6
- Negeb · 31.245, 34.841 · versículo 7
- Tyre · 33.271, 35.196 · versículo 7
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 8, 16
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org