Isaías 55
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Vini non, nou tout ki swaf dlo. Men dlo! Vini non, nou tout ki pa gen lajan, nou mèt vini. Achte manje pou nou manje. Nou pa bezwen lajan! Achte diven ak lèt pou nou bwè. Nou pa bezwen peye! 2Poukisa n'ap depanse lajan achte manje ki pa ka fè anyen pou nou? Poukisa n'ap depanse lajan travay nou pou bagay ki pa ka plen vant nou? Si nou koute byen sa m'ap di nou la a, n'a manje sa ki bon. N'a pran plezi nou nan manje bon kalite manje. 3Louvri zòrèy nou. Vin jwenn mwen. Koute byen sa m'ap di nou, n'a jwenn lavi. M'ap siyen yon kontra ak nou pou tout tan. M'a ban nou benediksyon mwen te pwomèt David yo. 4Gade. Mwen te fè l' chèf pou l' te kòmande nasyon yo. Mwen te fè l' sèvi m' temwen nan mitan yo. 5Gade, ou pral rele nasyon ou pa t' konnen. Nasyon ki pa t' konnen ou pral kouri vin jwenn ou. Se mwen menm, Seyè a, Bondye ou la, Bondye apa pèp Izrayèl la, k'ap fè sa rive konsa, paske m'ap leve ou anlè. 6Tounen vin jwenn Seyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l' pandan li toupre nou an. 7Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Seyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l'ap padonnen tou sa yo fè. 8Lide pa m' pa menm ak lide pa nou. Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m'. Se Seyè a menm ki di sa. 9Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m' byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m' byen lwen chemen pa nou. 10Gade! Lapli ak lawouze soti nan syèl la, yo pa tounen kote yo soti a san yo pa wouze latè, san yo pa fè l' donnen, san yo pa fè plant yo pouse pou bay kiltivatè yo grenn pou yo simen ak manje pou yo manje. 11Konsa tou pou pawòl ki soti nan bouch mwen: li p'ap tounen vin jwenn mwen san li pa fè sa m' te vle l' fè a, san li pa fè tou sa mwen te voye l' fè a. 12N'a kite lavil Babilòn ak kè kontan. Y'a mennen nou tounen lakay nou ak kè poze. Gwo mòn yo ak ti mòn yo va pran chante pou nou sitèlman y'a kontan. Tout pyebwa nan plenn yo va bat bravo pou nou! 13Pye pichpen va pouse kote ki te plen pikan. Pye ilan-ilan va pouse kote ki te plen chadwon. Sa va sèvi yon lwanj pou Seyè a, yon remak k'ap la pou tout tan, yon siy pesonn p'ap ka detwi.

¿Sabías que…?
Una Invitación Gratuita y un Pacto Eterno
- Isaías 55 comienza con una metáfora del mercado, invitando a los sedientos y necesitados a recibir agua, vino, leche y pan sin dinero. Contrasta el trabajo costoso que no sacia con escuchar a Dios, lo cual produce verdadera vida y deleite.Fuentes: el propio texto bíblico
- El pasaje promete un pacto eterno basado en la fidelidad mostrada a David. Según la tradición bíblica, David era el hijo menor de Isaí de Belén, a quien Dios constituyó como líder y testigo ante las naciones.Fuentes: el propio texto bíblico · David
- El profeta compara la eficacia de la palabra divina con la lluvia y la nieve que riegan la tierra, asegurando el brote y la cosecha. Esta transformación se ilustra con cipreses y arrayanes que crecen en lugar de espinos y zarzas.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org