Nations Bible

Isaías 56

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Men sa Seyè a di pèp li a: -Se pou nou fè sa ki dwat. Pa fè lenjistis. Paske mwen pa lwen vin delivre nou, mwen pa lwen fè nou konnen jan m'ap pran defans nou. 2benediksyon pou moun ki fè sa m' di yo fè a epi ki toujou kenbe pawòl mwen yo fèm. benediksyon pou moun ki respekte jou repo a, pou moun ki pa mete men l' nan ankenn movezak. 3Yon moun lòt nasyon ki va kole kò l' ak pèp Seyè a pa fèt pou di: Seyè a p'ap kite m' fè sèvis pou li ansanm ak pèp li a. Yon moun ki chatre pa dwe janm di: Se yon vye pyebwa chèch mwen ye, mwen pa ka fè pati pèp Bondye a. 4Men sa Seyè a di: Lè yon moun ki chatre mete jou repo a apa pou mwen, lè li chwazi pou l' fè volonte mwen, lè li kenbe kontra mwen an fèm, 5m'ap fè yo chonje l' nan tanp mwen an ak nan mitan pèp mwen an pi lontan pase si li te gen pitit gason ak pitit fi. M'ap fè yo pa janm bliye l'. 6Tout moun lòt nasyon ki va vin kole kò yo ansanm ak pèp Seyè a pou yo sèvi l', pou yo renmen l' tankou yon sèvitè, tout moun ki mete jou repo a apa san yo pa derespekte l' epi ki kenbe kontra m' lan fèm, 7m'ap mennen yo sou mòn ki apa pou mwen an, m'a ba yo kè kontan nan kay kote yo fè lapriyè pou mwen an. M'a asepte tout bèt y'a ofri pou boule sou lotèl mwen ak tout lòt ofrann y'a fè pou mwen. Y'a rele kay mwen an kay kote tout pèp va vin fè lapriyè nan pye m'. 8Men sa Seyè a, Bondye a, di, li menm ki te fè moun pèp Izrayèl yo te depòte yo sanble nan peyi yo a ankò: Anplis moun pèp mwen an, mwen va sanble yon bann lòt moun ankò ansanm ak yo. 9Seyè a rele moun lòt nasyon yo pou yo vin devore, pou yo vin manje tankou bèt mawon ki nan savann ak bèt ki nan rakbwa. 10Li di: -Tout chèf ki la pou avèti pèp mwen an, je yo pete. Yo pa konprann anyen. Yo tankou chen ki pa janm jape. Lespri yo byen lwen. Yo kouche tout lajounen, y'ap kabicha. 11Yo tankou chen aloufa, anyen pa janm kont yo. Se yon bann chèf san konprann. Yo tout fè sa yo pito. Se avantaj yo ase y'ap defann. 12Y'ap plede di: Vini non! N'a jwenn diven. N'a pran kèk bon razad gwòg. Denmen menm, bagay la ap pi bon toujou pase jòdi a.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Una Casa de Oración para Todas las Naciones

  • Isaías 56 acoge expresamente a extranjeros y eunucos que guardan el sábado y se aferran al pacto divino, prometiéndoles un nombre eterno y declarando que la casa de Dios será llamada casa de oración para todos los pueblos.Fuentes: el propio texto bíblico
  • En marcado contraste con los extranjeros fieles que se unen al Señor, el pasaje reprende a los líderes y centinelas de Israel, describiéndolos como ciegos, perros mudos y pastores complacientes que persiguen sus propias ganancias y bebidas.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Registros cronológicos bíblicos sitúan el inicio del ministerio profético de Isaías cerca del 758 a.C., abarcando un período de aproximadamente 62 años.Fuentes: Prophecies of Isaiah

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 7

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.