Isaías 54
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Jerizalèm, ou menm ki pa t' kapab fè pitit, rele, fè fèt! Ou menm ki pa t' janm konnen doulè tranche, chante, danse, fè kè ou kontan! Paske fanm gason pa t' okipe a ap gen plis pitit pase fanm mari l' pa t' janm kite l' la. Se Seyè a menm ki di sa. 2Laji kote w'ap moute tant ou pou ou viv la! Louvri twal tant ou yo. Ou pa bezwen jennen. Lonje kòd ou yo, ranfòse pikèt ou yo! 3Ou pral louvri lakou ou sou bò dwat ak sou bò gòch pou fè plas. Moun ou yo pral tounen nan peyi moun lòt nasyon yo te pran nan men yo. Yo pral plen tout lavil ki te rete san moun yo. 4Ou pa bezwen pè! Yo p'ap derespekte ou ankò! Ou pa bezwen bese tèt ou, yo p'ap fè ou wont ankò! Ou pral bliye bagay lèd ou te fè lè ou te jenn marye a. Ou p'ap chonje lè ou te rete pou kont ou tankou yon fanm ki pèdi mari l'. 5Bondye ki te kreye ou la pral tankou yon mari pou ou. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki apa a, ki pral delivre ou. Se Bondye tout latè a yo rele l'. 6Ou tankou yon madanm mari l' kite l', epi ki nan gwo lapenn. Ou tankou yon madanm mari l' te renmen depi lè l' te jenn gason, men li vire do kite l'. Seyè a rele ou tounen vin jwenn li. 7Men sa Bondye ou la di ou: -Mwen te kite ou pou yon ti tan. Men, m'ap tounen avè ou ankò paske mwen renmen ou anpil. 8Kòlè te fè m' pèdi tèt mwen. Mwen te vire do ba ou. Men, kè m' fè m' mal pou ou. M'ap moutre ou jan m' toujou renmen ou. Se Seyè k'ap delivre ou la ki di ou sa. 9Menm jan nan tan Noe, mwen te pwomèt mwen p'ap janm kite gwo inondasyon rive ankò sou latè. Konsa tou, mwen pwomèt koulye a m' p'ap janm fache sou nou ankò. Mwen p'ap rele dèyè nou, mwen p'ap pini nou ankò. 10Ou te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble, mwen p'ap janm sispann renmen ou. M'ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou m' te toujou byen avè ou la. Se Seyè ki renmen ou lan ki di ou sa. 11Seyè a di ankò: -Ou menm lavil Jerizalèm ki nan gwo lapenn, ki san sekou, ki san pesonn pou konsole ou, mwen pral poze bèl wòch pyè ak yon mòtye koulè pou fondasyon ou. Mwen pral rebati ou sou pyè safi. 12M'ap bati fò ou yo ak pyè ribi, pòtay ou yo ak pyè malachi, miray ranpa ou yo ak bèl wòch pyè ki koute chè. 13Se Seyè a menm ki pral moutre pitit ou yo tout bagay. Yo pral viv alèz ak kè poze. 14Ou pral kanpe fèm paske tout moun ap mache dwat lakay ou. Pa fè mechanste. Ou pa bezwen pè pesonn. Ou pa bezwen gen kè sote. Anyen p'ap rive ou. 15Si yo atake ou, sa p'ap soti nan mwen. Nenpòt moun ki va fè ou lagè pral tonbe devan ou. 16Se mwen menm ki kreye bòs fòjon k'ap chofe dife chabon pou fè tout kalite zam. Se mwen menm tou ki fè lwijanboje yo pou kraze brize. 17Men, tout zam y'a fè pou sèvi kont ou yo p'ap fè ou anyen. W'a gen repons nan bouch ou pou tout moun ki va akize ou nan tribinal. Se sa m'ap fè pou tout sèvitè m' yo. Se mwen k'ap defann kòz yo. Se Seyè a menm ki di sa!

¿Sabías que…?
El Pacto de Paz y Restauración
- Isaías utiliza la imagen de ensanchar una tienda de campaña —alargando las cuerdas y clavando bien las estacas— para retratar a una mujer estéril y desolada abriendo espacio para una multitud inesperada de descendientes.Fuentes: el propio texto bíblico
- El texto vincula la bondad duradera de Dios con los días de Noé, recordando el juramento de que las aguas del diluvio nunca más cubrirían la tierra para asegurar que este pacto de paz jamás se quebrantará.Fuentes: el propio texto bíblico · Noah
- El capítulo describe una ciudad afligida y azotada por tempestades siendo reconstruida con extraordinaria belleza, con piedras asentadas en antimonio, cimientos de zafiros y almenas de rubíes.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org