Nations Bible

Ezequiel 30

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 2-Nonm o! Bay mesaj Bondye a! Fè konnen sa Seyè sèl Mèt la voye ou di: -Rele non! Ala yon move jou! 3Jou a ap pwoche. Wi, dat pou Seyè a aji a ap pwoche vre. Jou sa a, syèl la ap fèmen. Se va yon jou malè pou nasyon yo. 4Pral gen lagè nan tout peyi Lejip. Gwo lafliksyon pral tonbe sou peyi Letiopi. Anpil moun pral mouri nan peyi Lejip. Yo pral piye peyi a nèt ale. Y'a kraze ata fondasyon kay li yo. 5Nan lagè sa a, yo pral touye tout sòlda li yo, ki vle di tout moun peyi Letiopi, moun peyi Pout, moun peyi Loud, moun peyi Arabi, moun peyi Koub. Ata moun peyi pa m' lan, Izrayèl, ki t'ap sèvi nan lame Lejip la ap mouri ansanm ak yo tou. 6Men sa Seyè a di ankò: -Tout moun ki t'ap pran defans peyi Lejip la pral mouri. Gwo bèl lame Lejip la pral disparèt. Wi, depi lavil Migdòl nan nò desann lavil Aswan nan sid, yo tout ap mouri nan lagè. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. 7Se peyi sa a ki pral pi mal nan tout peyi yo devaste yo. Lavil li yo pral tounen mazi nèt. 8Lè m'a mete dife nan peyi Lejip, lè tout moun ki t'ap goumen pou li yo va tonbe mouri, lè sa a y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 9Lè jou sa a va vini, jou pou yo detwi peyi Lejip la, m'ap voye mesaje nan bato pou y' al pran tèt moun ki t'ap viv kè pòpòz nan peyi Letiopi yo. Moun sa yo pral kraponnen anpil. Wi, jou sa a pa lwen rive. 10Seyè sèl Mèt la di ankò: Mwen pral sèvi ak Nèbikadneza, wa Babilòn lan, pou m' fini ak richès peyi Lejip la. 11Wa a va vini ak lame sòlda li yo pou yo ravaje tout peyi a. Se moun Babilòn sa yo ki pi mechan pase tout lòt nasyon. Yo pral atake peyi Lejip avèk nepe yo nan men yo. Pral gen kadav nan tout peyi a. 12Mwen pral cheche dlo larivyè Nil la, m'ap lage peyi a nan men ansasen. M'ap fè moun lòt nasyon yo ravaje peyi a nèt ansanm ak tou sa ki ladan l'. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 13Seyè sèl Mèt la di ankò: Mwen pral detwi tout zidòl yo, m'ap disparèt tout fo bondye ki lavil Menmfis yo. p'ap gen pesonn pou gouvènen peyi Lejip la. M'ap fè tout moun nan peyi a pran tranble tèlman y'ap pè. 14M'ap devaste zòn Patwòs la nan sid peyi a. M'ap mete dife nan lavil Zoan nan nò. M'ap pini lavil Tèb, kapital peyi a. 15M'ap fè moun lavil Sin yo, lavil ki plen gwo ranpa pou defann peyi a, santi jan mwen konn fache. M'ap detwi tout richès lavil Tèb la. 16M'ap mete dife nan peyi Lejip. Lavil Sin lan pral nan gwo lapenn. Gwo miray lavil Tèb yo pral fann, y'ap kraze. Dlo pral anvayi tout lavil la. 17Tout jenn gason lavil Eliopolis ak lavil Boubastis yo ap mouri nan lagè. Y'ap depòte tout rès moun yo. 18Fènwa pral kouvri lavil Tapanès gwo jounen, lè m'a kraze otorite pouvwa peyi Lejip la. Lè m'a fini ak fòs kouraj ki t'ap fè l' gonfle lestonmak li a, yon gwo nwaj pral kouvri tout peyi Lejip. Yo pral depòte dènye moun li yo. 19Se konsa mwen pral pini peyi Lejip. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 20Nan setyèm jou premye mwa, onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa: 21-Nonm o! Mwen kase ponyèt farawon an, wa Lejip la. Pa gen pesonn ki mete renmèd sou li, pesonn ki mete l' nan fòm pou l' ka pran, pou l' ka gen fòs kenbe nepe nan men l' ankò. 22Se poutèt sa, koulye a men sa Seyè sèl Mèt la di: M'ap leve dèyè farawon an, wa peyi Lejip la. Mwen pral kase tou de ponyèt li yo, ni sa ki te enganm lan ni sa ki te kase deja a. M'ap fè nepe a soti tonbe nan men l'. 23Mwen pral gaye moun peyi Lejip yo nan lòt peyi, mwen pral simaye yo nan mitan divès lòt nasyon sou latè. 24Mwen pral bay ponyèt wa Babilòn lan fòs, m'ap mete nepe pa m' lan nan men l'. M'ap kase tou de ponyèt farawon yo. Li pral rakle, li pral soufri anpil, li pral mouri devan lènmi l' lan. 25Wi, m'ap bay ponyèt wa Babilòn lan fòs, men m'ap febli ponyèt farawon an. Lè m'a bay wa Babilòn lan nepe pa m' lan, lè l'a lonje l' sou peyi Lejip la, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a. 26M'ap gaye moun peyi Lejip yo nan lòt peyi, mwen pral simaye yo nan mitan divès lòt nasyon sou latè. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Juicio sobre Egipto y Sus Aliados

  • Ezequiel señala a Nabucodonosor, el rey de Babilonia, como el instrumento elegido para traer ruina sobre Egipto y derrotar a sus multitudes.Fuentes: Nebuchadnezzar · el propio texto bíblico
  • El oráculo menciona destacados centros religiosos y administrativos en todo Egipto, entre ellos Menfis (Nof), Tebas (No) y la plaza fuerte de Pelusio (Sin).Fuentes: Memphis · Pelusium · Thebes · el propio texto bíblico
  • La profecía advierte además a los aliados regionales y vecinos de Egipto, como Cus en el sur, de que compartirán el pánico y el colapso cuando caiga Egipto.Fuentes: Cush · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Cush · Hoy: Cush 1 · 16.935, 33.751 · versículos 4, 5, 9
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 4, 5, 6, 7, 8, 9, 10, 11, 12, 13, 15, 16, 18, 19, 21, 22, 23, 24, 25, 26
  • Arabia · Hoy: Arabian Peninsula · 23.000, 46.000 · versículo 5
  • Libya · 32.821, 21.851 · versículo 5
  • Syene · Hoy: Aswan · 24.089, 32.900 · versículo 6
  • Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 10, 24, 25
  • Nile · Hoy: Nile River · 31.465, 30.367 · versículo 12
  • Memphis · 29.849, 31.253 · versículos 13, 16
  • Pathros · Hoy: Upper Egypt · 24.100, 32.700 · versículo 14
  • Thebes · 25.721, 32.610 · versículos 14, 15, 16
  • Zoan · Hoy: Tanis · 30.977, 31.880 · versículo 14
  • Pelusium · Hoy: Tell el Farama · 31.043, 32.546 · versículos 15, 16
  • Heliopolis · Hoy: Ain Shams · 30.129, 31.308 · versículo 17
  • Pi-beseth · Hoy: Tell Basteh · 30.573, 31.510 · versículo 17
  • Tahpanhes · Hoy: Tell Defenneh · 30.861, 32.171 · versículo 18

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.