Nations Bible

Ezequiel 31

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Nan premye jou twazyèm mwa onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 2-Nonm o! Pale ak farawon an, wa peyi Lejip la, ansanm ak tout pèp li a. Di yo. -Jan ou gen pouvwa sa a, Kisa mwen ta di ou sanble la a! 3Bon. Ou tankou yon pye sèd nan peyi Liban avèk gwo bèl branch li yo plen fèy ki bay gwo lonbraj, yon pyebwa byen wo ak tèt li pèdi nan nwaj yo. 4Lapli tonbe fè l' pouse Rivyè anba tè fè l' grandi. Gwo dlo pete nan tout rasin li yo. Yo fè kannal wouze tout pyebwa nan zòn lan. 5Paske li te jwenn anpil dlo, li te grandi, li vin pi wo pase tout lòt pyebwa yo. Branch li pran fòs, yo vin byen long. 6Tout kalite zwezo te vin fè nich nan branch li yo. Se anba branch li yo bèt nan bwa vin miba. Se nan lonbraj li anpil nasyon vin chita. 7Se te yon bèl pyebwa byen wo, ak branch li yo byen long. Rasin li yo te desann byen fon nan dlo anba tè a. 8Nan jaden Bondye a, pa t' gen pye sèd tankou l'. Okenn pye pichpen pa t' gen branch tankou pa l' yo. Okenn pye sikren pa t' gen ti branch konsa. Nan jaden Bondye a, pa t' gen bèl pyebwa tankou l'. 9Mwen te fè l' byen bèl ak anpil branch. Nan jaden Edenn lan, jaden Bondye a, tout pyebwa te anvye sò l'. 10Koulye a, men sa Seyè sèl Mèt la di: Paske li te grandi byen wo a, paske tèt li te pèdi nan nwaj yo, li kite lògèy vire tèt li. 11Se poutèt sa, mwen voye l' jete, mwen lage l' nan men gwo chèf tout nasyon yo pou fè l' peye tout mechanste l' yo. 12Yon bann moun lòt nasyon vini. Mechan pase yo pa genyen. Yo koupe pyebwa a, yo lage l' atè. Ti branch li yo gaye sou tout mòn yo ak nan fon yo. Gwo branch li yo kase, yo tonbe nan tout ravin nan peyi a. Moun lòt nasyon ki t'ap viv nan lonbraj li yo, tout met deyò, yo kite l' pou kont li. 13Zwezo vini poze sou rès pyebwa ki atè a. Bèt nan bwa ap mache sou tout branch li yo. 14Konsa, depi jòdi a, yon pyebwa te mèt wouze byen wouze, li p'ap janm rive wotè sa a ankò. Li p'ap janm grandi pou tèt li rive pèdi nan nwaj yo ankò. Yon pyebwa te mèt byen wouze li p'ap rive wotè sa a ankò pou l'ap gonfle lestonmak li sou mwen. Tout pyebwa yo gen pou mouri tankou moun, yo gen pou yo desann al jwenn moun ki deja anba tè yo. 15Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Jou pyebwa a desann nan peyi kote mò yo ye a, m'ap fè dlo anba tè a kouvri l' nèt, pou tout moun ka nan lapenn. M'ap fè dlo larivyè yo sispann koule. M' p'ap kite ankenn dlo koule nan kannal. M'ap voye yon gwo fènwa sou mòn peyi Liban yo. Tout rakbwa nan zòn lan pral deperi poutèt li. 16Lè mwen voye l' jete nan peyi kote mò yo ye a, bri li fè lè l'ap tonbe a fè tout nasyon yo tranble. Tout pyebwa nan jaden Edenn, tout pi bèl pyebwa nan peyi Liban, pyebwa ki te byen wouze yo men ki te desann ale deja nan peyi kote mò yo ye a pral kontan tonbe li tonbe a. 17Y'ap desann ansanm avè l' nan peyi kote mò yo ye a pou y' al jwenn sa ki te mouri nan lagè anvan yo. Lè sa a, tout moun ki t'ap viv nan lonbraj li yo pral gaye nan mitan tout lòt nasyon yo. 18Nan tout pyebwa jaden Edenn yo, kilès ki te bèl, kilès ki te wo tankou ou? Men koulye a, tankou tout lòt pyebwa jaden an, ou pral desann ale nan peyi ki anba tè a. Ou pral jwenn moun ki pa pote mak kontra Bondye a, moun ki mouri nan lagè yo. Se sa k'ap rive farawon an ansanm ak tout pèp li a. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

El cedro caído del Líbano

  • Ezequiel emplea la metáfora de un imponente cedro del Líbano —una célebre cordillera en Siria— para ilustrar la grandeza y el repentino colapso del imperio asirio como advertencia directa al faraón y a Egipto.Fuentes: el propio texto bíblico · Lebanon · Assyria · Pharaoh
  • La alegoría describe el majestuoso árbol como superior en altura y esplendor a todos los árboles del jardín de Dios, o Edén, una antigua región fértil situada a lo largo de los grandes ríos de Asia occidental.Fuentes: el propio texto bíblico · Eden
  • A causa de su orgullo, el gran árbol es talado por despiadados conquistadores extranjeros y arrojado al Seol, demostrando que ningún imperio o gobernante terrenal está exento de la mortalidad y del juicio.Fuentes: el propio texto bíblico · Pharaoh

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 2, 10, 18
  • Assyria · 36.359, 43.153 · versículos 3, 15
  • Lebanon · 33.540, 35.584 · versículos 3, 15, 16

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.